Model School Network - Haiti

Itinéraire Site Web

Model School Network - Haiti Haiti's trusted connector for systemic change in education. School networks, universities, MENFP and funders solving shared problems together.

Bilan ete 2026 : rezilta evalyasyon aprantisaj elèv yo nan 81 lekòl, twa rezo. 16 576 elèv, 81,2 % reyisit. Done sa yo s...
20/09/2026

Bilan ete 2026 : rezilta evalyasyon aprantisaj elèv yo nan 81 lekòl, twa rezo. 16 576 elèv, 81,2 % reyisit. Done sa yo se travay tout patnè yo ansanm.

Mizajou semèn nan, 31 out–5 septanm 2026. 210 edikatè nan Tomonn, Papay ak Laruch pou literasi ak preskòlè. Pilòt Vwa No...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 31 out–5 septanm 2026. 210 edikatè nan Tomonn, Papay ak Laruch pou literasi ak preskòlè. Pilòt Vwa Nou an, yon pwogram Lakou Kajou, lanse. Lekòl yo louvri 7 septanm.

Ak Lakou Kajou, Obèj Camélia.

Bilan Enstiti Fòmasyon Ete 2026 : 1 139 patisipasyon, 5 695 jou aprantisaj, 31 fòmasyon pandan tout ete a. Se patnè yo k...
20/09/2026

Bilan Enstiti Fòmasyon Ete 2026 : 1 139 patisipasyon, 5 695 jou aprantisaj, 31 fòmasyon pandan tout ete a. Se patnè yo ki bay fòmasyon yo ; se rezo a ki fè yo rive nan twa rezo lekòl. Chapo ba Somè, EFACAP, BDE, Lakou Kajou, UNDH, GC-DWC, Obèj Camélia nan Papay ak Direksyon Depatmantal Sant lan.

Ak Summits Education, Lakou Kajou, GC-DWC, EFACAP, BDE, UNDH.

Mizajou semèn nan, 27–31 jiyè 2026. Nan twa semèn, ekip la korije, verifye ak analize egzamen 16 576 elèv nan 81 lekòl :...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 27–31 jiyè 2026. Nan twa semèn, ekip la korije, verifye ak analize egzamen 16 576 elèv nan 81 lekòl : 81,2 % to reyisit, 78 % lekòl ki rive nan objektif la. Menm semèn nan, premye fòmasyon pou fòmatè ak kotch yo demare.

Ak Somè (Summits Education) ak EFACAP.

Mizajou semèn nan, 24–29 out 2026. Sa anseyan yo di apre fòmasyon Krik Krak Ayiti ak Eksploratòryòm : « Kounye a m ka pr...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 24–29 out 2026. Sa anseyan yo di apre fòmasyon Krik Krak Ayiti ak Eksploratòryòm : « Kounye a m ka prepare leson yo pi klè, pi senp, pi dinamik. » Fanie, Jean Gilles, Quellandie, Patrick : mèsi pou konfyans nou.

Epi kijan nou fè anseyan yo viv menm apwòch nou vle yo pote bay elèv yo ? Yo kreye leson an, yo fè l devan kòlèg yo, yo resevwa fidbak, yo refè l. 265 edikatè semèn sa a, epi ALV rive nan 3yèm s*k la pou premye fwa.

Ak Lakou Kajou ak EFACAP Laskawobas.

Mizajou semèn nan, 4–8 out 2026. Lakou Kajou ak Blue Butterfly rankontre Ministè a ansanm ak BID sou kourikoulòm yo. 40 ...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 4–8 out 2026. Lakou Kajou ak Blue Butterfly rankontre Ministè a ansanm ak BID sou kourikoulòm yo. 40 dirèktè lekòl Somè avanse nan itilize done. Yon kowòt BDE, EFACAP ak Somè fè yon enstiti entansif de semèn. ALV rive Laskawobas, Ench ak Saltadè.

Ak Lakou Kajou, Blue Butterfly, Summits Education, EFACAP, BDE.

Mizajou semèn nan, 20–25 jiyè 2026. Pandan de mwa, ekip Lakou Kajou ap travay kole kole ak fòmatè, kòdinatè ak anseyan y...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 20–25 jiyè 2026. Pandan de mwa, ekip Lakou Kajou ap travay kole kole ak fòmatè, kòdinatè ak anseyan yo pou apwofondi Aprann Ansanm, Jaden Kajou, Eksploratòryòm ak Krik Krak Ayiti nan lekòl rezo yo. Se yo ki pote kourikoulòm yo ; se nou ki pote lekòl yo.

Ak Lakou Kajou.

Mizajou semèn nan, 13–18 jiyè 2026. Travay men nan men ak Direksyon Depatmantal Edikasyon Hinche ak ekip SAP la, epi ant...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 13–18 jiyè 2026. Travay men nan men ak Direksyon Depatmantal Edikasyon Hinche ak ekip SAP la, epi antre done pou etid METRICS la ansanm ak University of Notre Dame. Yon nouvo kolaborasyon ak Lekòl Nòmal Michel de Montaigne ap prepare.

Ak GC-DWC.

Mizajou semèn nan, 6–10 jiyè 2026. 38 konseye pedagojik, responsab ak patnè reyini pou planifye fòmasyon ete a : plis pa...
20/09/2026

Mizajou semèn nan, 6–10 jiyè 2026. 38 konseye pedagojik, responsab ak patnè reyini pou planifye fòmasyon ete a : plis pase 30 sesyon, plis pase 1000 edikatè. Lakou Kajou ak University of Notre Dame nan tab la depi premye jou a.

Ak Lakou Kajou ak GC-DWC.

Adresse

Mirebalais

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Model School Network - Haiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager