Jenès Miragwàn Konekte

Jenès Miragwàn Konekte Yon mouvman ki konekte jèn gason ak jèn fanm ki sòti nan 4 kwen Miragwàn.

Jenès Miragwàn Konekte (JMK) denonse pèsekisyon politik ak akizasyon san fondman kont manm li yo.
27/03/2026

Jenès Miragwàn Konekte (JMK) denonse pèsekisyon politik ak akizasyon san fondman kont manm li yo.

Jodi a, yon delegasyon Jenès Miragwàn Konekte (JMK) te prezan nan seremoni antèman Edson Jasmé.Nan moman difisil sa a, J...
21/03/2026

Jodi a, yon delegasyon Jenès Miragwàn Konekte (JMK) te prezan nan seremoni antèman Edson Jasmé.
Nan moman difisil sa a, JMK mete l bò kote fanmi Jasmé pou pote sipò ak rekonfò. Nou pwofite okazyon tris sa a pou nou prezante tout fanmi an, zanmi, ak moun Edson te kite dèyè yo, senpati ki pi sensè nou.
Lanse yon dènye orevwa pa janm fasil, men n ap kenbe memwa l nan kè nou. 🕊️

10/03/2026
Mobilizasyon pasifik pou mande : Jistis ak reparasyon pou Edson Jasmé / Depa Katèl ki nan Meri Miragwàn lan.🇭🇹💪🏾
08/03/2026

Mobilizasyon pasifik pou mande : Jistis ak reparasyon pou Edson Jasmé / Depa Katèl ki nan Meri Miragwàn lan.🇭🇹💪🏾

Nou envite w li atik sa ki sòti nan Le Nouvelliste HaitiW ap jwenn lyen an nan premye kòmantè a.
03/03/2026

Nou envite w li atik sa ki sòti nan Le Nouvelliste Haiti
W ap jwenn lyen an nan premye kòmantè a.

Nou lanse yon kri dezespere bay tout moun ki ka ede: sitiyasyon jenn gason sa a, Edson, kritik.Fanmi an ap mande tout èd...
27/02/2026

Nou lanse yon kri dezespere bay tout moun ki ka ede: sitiyasyon jenn gason sa a, Edson, kritik.
Fanmi an ap mande tout èd posib: finansye, lojistik, oubyen nenpòt lòt sipò k ap ka sove lavi l vit.
Tanpri, si w ka ede oubyen si w konnen yon jan pou w fè yon aksyon, kontakte fanmi an dirèkteman nan nimewo sa a san pèdi tan:
📞 +509 4424 7361 / 4733 8732

Miragoâne : Contestation contre la commission municipale. Plus de détails dans Le Nouvelliste.
26/02/2026

Miragoâne : Contestation contre la commission municipale. Plus de détails dans Le Nouvelliste.

À l’appel des structures Jenès Miragwàn Konekte (JMK) et Bèken Repiblik, des centaines de personnes ont investi les rues de Miragoâne, ce mercredi 25 février, pour exiger le départ de la commission municipale.

Miragwàn leve kanpe, nou paka ret ap gade pandan dechèpiye yo ap piye, blofe, epi simen laterè!Mèkredi 25 fevriye 2026, ...
24/02/2026

Miragwàn leve kanpe, nou paka ret ap gade pandan dechèpiye yo ap piye, blofe, epi simen laterè!
Mèkredi 25 fevriye 2026, depi l fè 10è nan maten, n ap sòti Bèken poun al depoze revandikasyon nou devan lameri.

Lè yon jèn tonbe anba enjistis, se tout yon jenerasyon ki blese. Nou mande tout moun Miragwàn rete vijilan. Jistis dwe f...
23/02/2026

Lè yon jèn tonbe anba enjistis, se tout yon jenerasyon ki blese. Nou mande tout moun Miragwàn rete vijilan. Jistis dwe fèt pou Edson!

Jenès Miragwàn Konekte (JMK) konstate ak degou yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo kote sitwayen Davidson Delva, k...
20/01/2026

Jenès Miragwàn Konekte (JMK) konstate ak degou yon videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo kote sitwayen Davidson Delva, ki te gen responsablite Vis Kòdonatè nan mouvman an, deklare li kite estrikti a pandan l ap lage akizasyon sou do JMK.

Fas ak sitiyasyon sa a, JMK vle fè presizyon sa yo:

Pòs Vis Kòdonatè Davidson Delva te okipe a se pi gwo prèv ki montre kijan JMK te respekte l epi valorize l. Li te fè pati twa (3) moun ki te konn pran lapawòl nan non ekip la pi souvan. Pi plis toujou, se li menm ki te gen responsablite telefòn, so ofisyèl nou epi ki te gen dwa pou pibliye dirèkteman sou paj ofisyèl nou yo. Sa montre nivo konfyans avèg nou te ba li pou li te sèvi nan pi wo nivo direksyon mouvman an. Li tris pou n wè se nan yon videyo sou entènèt, san okenn diyite enstitisyonèl, li chwazi anonse depa li. Fason sa a li soti a se yon prèv mank etik ak lidèchip ki kontredi totalman valè respè nou te toujou ba li.

Nan menm videyo sa a, ansyen Vis Kòdonatè a deklare li konnen kiyès ki dèyè paj k ap joure moun nan Miragwàn nan, epi li lonje dwèt sou JMK. Piske li te yon gwo responsab nan mitan nou, nou pran deklarasyon sa a oserye. Nan sans sa, nou bay Davidson Delva 24 èdtan tan pou li retire akizasyon san prèv li mete sou do nou yo. Si li gen enfòmasyon sa yo vre epi li te sere yo, se li menm ki pou esplike piblik la poukisa li kontinye ap kache idantite moun sa.

JMK pare pou pran tout dispozisyon nesesè si ta gen yon manm k ap aji kont prensip ak respè nou defini nan mitan nou. N ap raple nou pa nan politik manipilasyon pou chache fanatik. Se yon mouvman ki bati sou entegrite ak verite. Nenpòt moun ki akize yon lòt dwe kapab pwouve sa li di.

Wout n ap fè a long anpil si w prese ou pap ka rete! JMK rete yon mouvman serye k ap travay pou chanjman nan Miragwàn.

Biwo Kominikasyon Jenès Miragwàn Konekte

26/10/2025

Dimanch 26 oktòb 2025, Jenès Miragwàn Konekte (JMK) te gen privilèj rankontre Mesye Augusto Silva, reprezantan Brigad Desalin pou Mouvman San Tè (MST) an Ayiti. MST, ki se youn nan pi gwo mouvman sosyal nan Amerik Latin, ap batay pou refòm agrè ak jistis sosyal nan Brezil depi 1984.

Mouvman an enpòtan non sèlman pou 367,000 fanmi li deja ede nan peyi Brezil, men tou paske li se yon modèl mondyal solidarite ak devlopman konsyans.
Chwa non "Brigad Desalin" lan montre gwo rekonesans yo genyen pou lidè ak ideyal revolisyonè ayisyen yo, sitou lè nou konsidere 63% popilasyon brezilyen an se desandan afriken. Augusto Silva deklare li wè ideyal Desalin nan reviv nan jèn Jenès Miragwàn Konekte yo, sa ki fè Ayiti gen chans pou l gen lidè k ap transfòme peyi a.

MST vle kolabore ak JMK nan echanj konesans, fòmasyon ideyolojik ak politik, akonpayman nan reyalizasyon pwojè, ak lòt bagay ki sanble ak sa. Travay MST se sèlman sou plan sosyal, san okenn entèferans nan politik peyi a. Yo wè jèn ki nan JMK yo kòm yon "kado ki sot nan syèl kominote Ayisyèn nan jwenn".

Se yon gwo etap pou JMK ak tout kominote a pou yo benefisye de eksperyans yon mouvman ki gen anpil jarèt ak siksè tankou MST.

Adresse

Miragoâne
HT 7410

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jenès Miragwàn Konekte publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager