Donson14

Appeler Site Web

Donson14 Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Donson14, US-Atlanta, Limonade.

📚 Mwen pataje refleksyon ki fè w panse.
💰 Finans pèsonèl • Envestisman • Devlopman pèsonèl
🇭🇹 Kwè nan kapasite Ayisyen pou kreye pwòp opòtinite yo.
🎯 Objektif mwen: enspire, edike, epi ede moun grandi chak jou.

🛑 Anpil moun pa okouran de sa! 🛑Si w fè atansyon ak sa w ap manje, fè espò 4 fwa pa semèn, dòmi bonè epi pratike meditas...
16/10/2026

🛑 Anpil moun pa okouran de sa! 🛑

Si w fè atansyon ak sa w ap manje, fè espò 4 fwa pa semèn, dòmi bonè epi pratike meditasyon, w ap mouri kanmenm.

Anvan w te nan vant manman w, ou te yon espèmatozoyid. Anvan sa, ou te san k ap sikile nan kò papa w. E anvan w te san, ou te petèt yon plant yon bèf te manje, ki te vin vyann papa w te manje a.

Matyè ki konpoze kò w aktyèlman yo te egziste depi plizyè milye ane. Dlo ki nan kò w kounye a se dlo ki egziste depi plizyè milye ane. Lè w mouri, w ap transfòme an plant, an vè, an tout fòm posib.

Kidonk, ou pase plizyè milye ane ap egziste antanke matyè, jiskaske w vin yon machin ki pote yon nanm. E lè w mouri, w ap pase yon lòt kantite tan san limit, san w pa egziste antanke yon èt imen.

Si w ta reyenkanne, ou p ap sonje anyen. 🤣

Vi sa w genyen an, ki chita ant de etènite, anvan ak apre lavi, se li ki pi kout. Poutan, w ap viv pou lòt moun. Poutan, w ap plede fè kòlè pou bagay san enpòtans.

Tout sa w ta fini pa posede kòm byen ak lajan p ap itil ou anyen lè jou pa w la rive. Sa ki vrèman pou ou, se tan w pran pou tèt ou.

Travay di e avèk entèlijans. Men, pran tan pou w ale nan plaj, al nan yon bon restoran, abiye byen, vwayaje, renmen, fè erè, pataje, danse, gade fim, fè sèks, bo souvan, li yon bon liv, dòmi, epi kite moun k ap vòlè lapè w yo.

Anpil nan nou vivan, men nou pa vrèman ap viv.

Leve! Sispann gaspiye lavi w!

Mwen se Donson 🤣

🤣 Fanm ou bay komès la ka kite w pou yon nèg ki fè l vann anpil! 🤣Mwen tonbe sou yon estati yon moun ki fè m ri anpil. M...
16/10/2026

🤣 Fanm ou bay komès la ka kite w pou yon nèg ki fè l vann anpil! 🤣

Mwen tonbe sou yon estati yon moun ki fè m ri anpil. Men, apre sa, mwen reflechi epi mwen reyalize gen 3 tip fanm ou pa dwe janm avè yo:

1- Fanm pòv. Fanm sa a, se mande l ap mande w sèlman. Anplis, li toujou ap mande w lajan, inikman pou l manje, pou l pwouve yon fanm ka viv sou kont de tranch li; 🤣

2- Fanm frekan. Yow, mwen renmen fanm nan. Men fanm nan radi! Men, fanm sa yo gen yon avantaj inik: 🤣 Ou p ap bezwen gen yon chen lakay ou;

3- Kijan w santi w lè w ap li pòs yo, men ou pa suiv paj la? 🤣

Seryezman, fanm biza! Men, gason pi biza toujou. Se nou tout ki pa bon. Gason pi b$uzen pase fanm, paske li pi fasil pou yon fi refize dis gason pase pou yon gason refize yon sèl fanm.

Bay medam yo komès pou yo pa toujou ap mande! 🤣

Mwen se Donson🤣

🛑 Ou nan konpetisyon ak yon Moun ki mouri 🛑Anpil moun pèdi yon konjwen yo renmen. Pafwa se lè moun nan kite n, mouri n k...
15/10/2026

🛑 Ou nan konpetisyon ak yon Moun ki mouri 🛑

Anpil moun pèdi yon konjwen yo renmen. Pafwa se lè moun nan kite n, mouri n konn valè l. Nou gen tan pou n panse ak jan moun sa te bon pou nou. Pafwa n gen yon lòt moun nan vi n, menn kontinye ap renmen moun ki mouri a. Malerezman sa konn pwovoke jalouzi. Ou jalou yon moun ki mouri. Seryezman?

Imajine w renmen yon fanm, men kè l toujou ap viv nan tan lontan. Li te renmen yon gason ki mouri. Li toujou ap pale de li, li sonje jan li te konn fè l ri, jan li te konn trete l, jan li te konn fè l santi l espesyal. Epi, san w pa rann ou kont, ou kòmanse fè efò pou w depase yon moun ou pap janm ka konfwonte.

Ou achte kado, ou fè sipriz, ou bay atansyon, ou fè tout sa w kapab pou w fè l kontan. Men, gen yon pati nan li ou pa janm rive jwenn. Ou kòmanse mande tèt ou: « Kisa li te genyen mwen pa genyen? Poukisa, malgre tout sa m ap fè, mwen pa ka fè l santi sa li te konn santi a? »

Men, ou bliye yon detay enpòtan: moun ki mouri a pa ka desevwa ankò. Li pap janm fè yon lòt diskisyon avè l, li p ap janm neglije l ankò, li p ap janm montre l move kote pèsonalite l. Tan an kanpe pou li. Epi, avèk tan, se bèl souvni yo ki ka rete pi vivan nan lespri moun ki te pèdi l la.

Pandan ou menm, ou oblije viv reyalite a. Ou gen defo, ou konn fache, ou konn fè erè. Ou pa yon souvni li ka dekore jan li vle; ou se yon moun toutbon ki bezwen renmen epi jwenn lanmou an retou.

Se la konpetisyon an vin enjis. Ou menm, w ap eseye konstwi yon relasyon ak yon moun ki vivan, pandan w ap mezire tèt ou ak yon imaj pase ki pa ka chanje ankò. Ou pa ka bat yon memwa nan yon konpetisyon kote se tan ki kontwole règ yo.

Sa pa vle di yon moun ki nan dèy pa ka renmen ankò. Li kapab renmen w san li pa bliye moun li te pèdi a. Men, si li poko kapab ouvri kè l pou konstwi yon nouvo istwa, ou ka pase plizyè ane ap bay lanmou w nan espwa yon jou w ap rive ranplase yon moun ou pa t janm gen pou w ranplase.

Paske se sa anpil moun pa konprann: ou pa bezwen vin pi bon pase moun ki te vini anvan w lan. Ou bezwen konnen si moun ki devan w lan pare pou l viv yon lòt istwa avèk ou.

Pa pase lavi w ap goumen pou yon plas nan kè yon moun ki poko pare pou l kite pase a pran plas li dwe bay prezan an. Ou ka renmen yon moun anpil, men lanmou pa dwe mande w pou w toujou pwouve valè w devan yon fantòm.

Kondoleyans a ou ki pèdi yon konjwen ki te yon gwo lo!!

Mwen se Donson😎

🛑 Lè w gen lajan, w ap ka ak fanm ou vle, kouzen? 🛑Olye w ap kouri dèyè papiyon yo, fè yon bon jaden pou yo vin jwenn ou...
14/10/2026

🛑 Lè w gen lajan, w ap ka ak fanm ou vle, kouzen? 🛑

Olye w ap kouri dèyè papiyon yo, fè yon bon jaden pou yo vin jwenn ou pito. Men, tout sa yo se bu****it si w panse se lajan sèlman ki nesesè.

Tande m byen, sòlda!

Gen fanm ki p ap janm avè w, menm si w plen lajan, jis paske w se yon gwo doum. Ou gen kòb, se vre, men ou se yon idyo nan relasyon. Ou pa konn kominike, ou pa konn jere emosyon w, ou pa konn kijan pou w trete yon fanm.

Wi, ap gen anpil fanm k ap vin jwenn ou lè w gen kòb. Men, gen yon diferans ant jwenn fanm ak kapab konstwi yon relasyon ak yon fanm. Epi se pa tout fanm ki vin jwenn ou pou lajan w k ap renmen moun ou ye a toutbon.

Anpil gason fè erè konsantre tout enèji yo sou fè lajan, pandan y ap neglije, meprize oswa imilye fanm ki konte pou yo. Gen lòt ki pase tout jèn yo ap akimile lajan, paske yo di tèt yo y ap pran plezi yo ak fanm lè yo vin rich.

Ti jwè, si w se yon mawozo lè w pòv, lè w vin rich, w ap jis yon mawozo ki plen kòb! Paske lajan ka chanje kote w manje, kote w rete, fason w abiye ak kalite aktivite ou ka fè. Men, li pa otomatikman chanje pèsonalite w, fason w panse oswa fason w trete moun.

Ou ka aprann fè lajan san w pa aprann renmen. Ou ka aprann sedui yon fanm san w pa aprann viv ak li. Epi ou ka jwenn yon fanm san w pa gen kapasite pou w kenbe yon relasyon ki an sante.

Kouzen, mwen di w pou w pa chèche lajan? Non!

Travay pou w soti nan povrete. Devlope biznis ou. Aprann envesti. Chèche gen mwayen pou w viv alèz, pou w pran swen tèt ou ak moun ki konte pou ou.

Men, pandan w ap konstwi avni w, pa bliye konstwi tèt ou tou!

Pafwa, ou bezwen soti, al pale ak moun, al flirte, al drage pou w pa pèdi pratik. Aprann fè konvèsasyon. Aprann koute san w pa toujou ap pale de tèt ou. Aprann montre enterè san w pa dezespere. Aprann aksepte yon refi san w pa santi w imilye.

Aprann trete yon fanm ak respè, menm lè w pa gen okenn enterè amoure nan li. Aprann jere dezakò san w pa joure, menase oswa imilye moun.

Paske kapasite sa yo pa parèt nan kont labank ou lè lajan kòmanse antre. Se bagay ou dwe travay sou yo.
Epi sonje yon dènye bagay, sòlda: pa tann ou vin rich pou w kòmanse aprann viv ak moun. Se pandan w ap monte a pou w prepare tèt ou pou lavi w vle genyen an.

Pa sèlman fè efò pou w vin yon gason ki gen lajan.
Vin yon gason ki gen lajan, entèlijans, matirite ak kapasite pou l konstwi yon bon relasyon.

Paske objektif la se pa sèlman pou w ka jwenn fanm ou vle a. Se pou w vin yon gason yon fanm ka chwazi pou rezon ki depase sa w posede a.

🛑Malgre m fin di w tout sa kouzen m vle w konprann gen fanm pa ta dwe objektif ou. Kwè m si w vle, mye vo w gen aksè ak fanm men w pa janm gen fanm.

Mwen se Donson🤔

🛑 Pa pran pòs sa lejè ditou! 🛑Mwen renmen pale w de fanm, de lajan, de relasyon, paske se nan sa yo m gen plis eksperyan...
13/10/2026

🛑 Pa pran pòs sa lejè ditou! 🛑

Mwen renmen pale w de fanm, de lajan, de relasyon, paske se nan sa yo m gen plis eksperyans. Yon moun ap toujou wè mond lan an fonksyon de sa l viv. Mwen ka fè nenpòt moun ki gen volonte vin lib finansyèman. Mwen ka ede w mye jere relasyon w.

🚨Mwen wè de bèl fanm nwa vin pran sèvis nan yon biznis mwen ye. Kouzen, fanm yo anfòm! 🤣 Mwen kite Duolingo pou m al sèvi yo. Men, gen yonn nan yo ki maltrete m.
Mwen rele tout zanj pou pote m sekou, tèlman fanm nan ap vide anglè sou mwen! Fanm nan sonnen byen. Lòt fanm nan te vin envizib. Li te di m l ap travay nan yon estidyo, mwen ka pase wè l pou n pale plis. Mwen poko janm jwenn tan pase🤣

Men, apa bèl fanm yo, gen yon lòt bagay istwa sa a fè m reflechi sou li: anglè!

Mwen te toujou fasine pa lang sa a. Anvan, pou w te pale anglè, ou te oblije al lekòl pou sa. Yo te konn fè anglè pou nou depi nan 7yèm, men malgre tout ane sa yo, anpil nan nou pa ka fè yon ti konvèsasyon an anglè san n pa swe! Poutan, yo pa janm chanje metòd la.

Nou pase plizyè ane ap aprann règ ak gramè, men nou pa jwenn ase okazyon pou n pratike pale toutbon. Men puiske tout moun ap fè l, nou twouve l nòmal. Mas la toujou bèt bèt. Se la mwen vin konprann yon bagay: aprann yon lang pa sifi; fòk ou pratike pale l tou!

Epi se la teknoloji antre nan jwèt la. Ou pa bezwen tann yon moun ki pale anglè vin parèt devan w pou w pratike avè l. Ou pa bezwen wont paske w pa konn pwononse yon mo. Ou pa bezwen pè fè erè devan moun.

➡️Ou ka konbine Duolingo ak ChatGPT pou w aprann epi pratike pale anglè!

Duolingo ka ede w aprann nouvo mo, konprann fraz epi bati vokabilè w. Apre sa, ou ka itilize konvèsasyon vokal ChatGPT pou w pratike sa w aprann yo. Ou ka fè kòm si w ap pale ak yon kliyan, w ap fè konesans ak yon moun, w ap pase yon entèvyou oswa w ap fè nenpòt lòt konvèsasyon nan lavi reyèl.

Imajine si, lè de medam sa yo te vin pran sèvis la, mwen te gentan abitye pratike anglè chak jou ak ChatGPT. Petèt mwen pa t ap bezwen rele tout zanj sa yo pou pote m sekou! 🤣🤣

Kounye a, ou ka pratike konvèsasyon vokal ak ChatGPT nan plizyè lang. Sa vle di ou ka aprann yon lang epi jwenn plis okazyon pou w pratike l, menm lè pa gen pèsonn bò kote w ki pale lang sa a.

Pa chita ap fè salami sou TikTok ak Facebook sèlman! Pran 30 minit pa jou pou w aprann yon nouvo lang. Ou pa bezwen tann yon bèl fanm vin mete w nan sitiyasyon pou w rann ou kont ou bezwen anglè. 🤣

Ou ka kòmanse depi jodi a: aprann sou Duolingo, pratike ak ChatGPT, fè erè, korije erè w epi kontinye pratike. Wi, koulye a, ou ka aprann lang ou vle a san w pa oblije tann yon pwofesè, yon zanmi oswa yon bèl fanm vin pale avè w!

Kòmanse depi jodi a, apre w fin li pòs sa a, pou w pa bliye l, vye mouda chire! 🤣🔥

Mwen se Donson😂😂😂

🛑 Gen moun ou zanmi ou tou kondane tèt ou🛑Si w panse ou ka zanmi ak nenpòt moun san sa pa gen okenn enpak sou lavi w, pr...
12/10/2026

🛑 Gen moun ou zanmi ou tou kondane tèt ou🛑

Si w panse ou ka zanmi ak nenpòt moun san sa pa gen okenn enpak sou lavi w, pran kèk minit pou w li sa.

Mwen gen privilèj rankontre anpil moun ekstraòdinè nan lavi m, e mwen rann Bondye gras pou sa. Paske, annou pa twonpe tèt nou: gen zanmi ki rale w desann, ki mennen w sou chemen ou pa t dwe pran. Anpil moun kòmanse fimen akoz enfliyans zanmi yo. Men, enfliyans lan ka mache nan sans opoze a tou. Gen moun ou rankontre ki fè w dekouvri yon lòt vèsyon tèt ou, ki pouse w vin pi bon nan sa w ap fè a. Gen kote w vle ale gen moun ki pa ka zanmi w.

Se sa ki fè m panse ak Lyly. Pou mwen, mesye sa a se yon lejann vivan. Mwen rankontre Lyly gras ak pasyon nou genyen an komen pou sinema. Nan domèn videyo, kit se nan filme, kit se nan lòt aspè pwodiksyon an, nivo m pa t twò wo. Men, grasa enfliyans li, mwen wè yon amelyorasyon nan sa m ap fè. Li enfliyanse m anpil, e li fè m konprann tout bon sans fraz sa a: « Di m kiyès ou frekante, m ap di w kiyès ou ye. » Anpil fwa rezon echèk ou a se nan chwa zanmi w yo. Mèsi, Lyly, paske enfliyans ou sou mwen depase senp amitye.

Lyly gen yon don natirèl pou jwe, filme, fè montaj epi ekri. Premye fim li ekri a, UN ENFANT DIABOLIQUE, se youn nan travay ki fè m wè klèman talan li genyen. Mwen kwè nan li, nan potansyèl li ak nan sa li kapab reyalize nan sinema.

Lyly, mwen konnen chemen an pap toujou fasil. Gen moman bagay yo pap mache jan w ta renmen an, e gen jou ou ka menm doute de tèt ou. Men, pa janm bliye sa: ou gen yon talan eksepsyonèl. Pa kite difikilte jodi a fè w bliye kote ou kapab rive demen.

Mwen gen konviksyon yon jou, lè y ap site pi gwo non nan sinema ayisyen an, se non ap nan lis la. E m ap kontan anpil pou m sonje se pa sèlman yon moun mwen te konnen, men yon moun mwen te gen privilèj rankontre, aprann nan men li epi wè l ap grandi.

Bon rekòt nan sinema, kouzen! 🎬

🛑 Fanm engra, ou kwè sa? 🛑Gason yo p ap ni like, ni pataje pòs sa, vwa suiv paj la🤣Mwen toujou reyalize fanm engra. E no...
11/10/2026

🛑 Fanm engra, ou kwè sa? 🛑

Gason yo p ap ni like, ni pataje pòs sa, vwa suiv paj la🤣

Mwen toujou reyalize fanm engra. E nou tout abitye di sa, viv sa. Ebyen, je m ouvri sou yon bagay ki choke m.

Mwen ap pale ak yon èks mwen ki vin mande m yon sèvis. Mwen pa janm di l anyen, apa kontante m rann li sèvis la. Mennaj mwen te la tou. Se te kareman biza, anbyans lan. Men, kòm nouvo mennaj la pi anfòm, pi bèl, li te santi l pa an danje.

Mennaj mwen an sòti yon moman. Se lè sa a èks mwen an ap pale m de yon bagay mwen te fè pou li. Mwen te nan twazyèm (segondè 1), mwen te ankouraje l pou l al konpoze nan nevyèm epi travay avè l. Li pa t rekonesan pou sa. Men, li fè m konprann li te damou jan m te trete l lè m te konn ap fè kou anglè pou li.

Lè m repanse a sa, mwen konprann rezon ki fè relasyon m yo toujou pwofon. Se pa sa w bay fanm nan ki enterese l; se jan w fè l santi l la. Se sa li p ap janm bliye. Kijan w fè l? Kijan w bay li? Yon moun ki grangou ou bay manje ak anpil repwòch p ap sonje manje a; l ap sonje repwòch yo.

Ou ka bay yon fanm lemonn antye epi w trete l tankou l pa t anyen; w ap wè l engra. Yon fanm se yon jaden. Si w vini, w fouye yon pi nan jaden an ki koute anpil lajan, pandan w ap tann li rekonesan, l ap deteste w paske w fouye pi a, men w pa ba l dlo. Ou ka wouze l, men w pa pran tan pou w retire zèb yo; l ap deteste w paske w pa retire zèb yo.

Mwen konn sa ap pike ego w kouzen. Men m p ap eseye di w fanm pa engra. Wi, yo engra. Men anpil fwa se nou ki bliye trete yo tankou moun nou renmen, se nou ki panse lajan se solisyon a tou. Ou ka panse l engra, poutan, se ou ki pa janm fè l santi anyen.

Mwen se Donson🤣

🛑 Lè w ap pale, gen yon bagay ki fè w parèt bèt san w pa rann ou kont. 🛑Pa pran pòs sa lejè ditou sòlda. Ou sou bon paj ...
11/10/2026

🛑 Lè w ap pale, gen yon bagay ki fè w parèt bèt san w pa rann ou kont. 🛑

Pa pran pòs sa lejè ditou sòlda. Ou sou bon paj la.

Gen yon atis ki rele John Cage ki te konpoze yon mizik ki rele 4’33”. Pandan 4 minit ak 33 segonn, mizisyen an pa jwe okenn nòt. Imajine w peye lajan pou w al koute yon gwo atis, epi pandan tout tan sa a, se silans sèlman ou tande.

Sa ki pi enteresan an, sèke silans lan pa vle di pa gen anyen k ap pase. Anpil nan nou pa alèz ak silans. Lè n ap pale nan telefòn epi moun nan rete an silans pandan kèk segonn, nou kouri mande: «Ou la?» Pafwa, nou menm di bagay nou pa t dwe di, jis pou n pa kite silans lan pran plas.

Poutan, nan yon konvèsasyon, silans gen valè pa l. Ou pa oblije pale tout tan. Ou pa oblije ranpli chak ti espas ak mo. Lè w ap pale epi w bezwen reflechi, olye w di «Eeeee…», «Hmmm…», «So…», «But…», fè silans.

Mwen menm, pandan lontan, mwen te konn sèvi ak «Eeeee…» tankou yon sovè. Chak fwa yon ide fini epi yon lòt poko vini, mwen te kouri chèche l. Jiskaske mwen konprann se pa yon sovè li ye. Se yon abitid ki ka fè w parèt mwens alèz ak sa w ap di a.

Si w gade videyo m yo, w ap remake mwen pa pase tan ap di «Eeeee…». Mwen pito rete an silans pandan m ap chèche pwochen ide a.

Paske se pa tout silans ou bezwen pè. Gen silans ki bay pawòl ou plis fòs.

Men yon ti egzèsis pou w fè jodi a: kanpe devan yon miwa lakay ou, kòmanse pale sou nenpòt sijè, epi fè efò pou w pa di «Eeeee…», «Hmmm…» oswa lòt mo ou konn itilize pou ranpli vid la.

Lè pwochen ide a poko vini, pa kouri dèyè l ak bouch ou. Fè silans. Reflechi. Apre sa, kontinye pale.

Mwen se Donson 😀

🛑 Gen gason ki sispann pran swen madanm yo lè yo fache 🛑Moman sa yo m parèt tout kò m nan relasyon😂. Gen gason ki, depi ...
10/10/2026

🛑 Gen gason ki sispann pran swen madanm yo lè yo fache 🛑

Moman sa yo m parèt tout kò m nan relasyon😂.
Gen gason ki, depi yo fache ak madanm yo, yo sispann fè tout sa yo te konn fè pou li. Yo sispann rele, sispann ekri, sispann montre afeksyon, e pafwa yo menm sispann bay lajan pou bezwen li. Tankou lanmou an se yon rekonpans yo bay madanm nan lè li fè yo plezi.

Mwen pa fyè de sa m pra l di w la😩 Mwen rele mennaj mwen l pa dekwoche 2 fwa. Nòmalman l ta sipoze tounen m apèl. Men puiske m pa rich, pa gen moun ki pè pèdi apèl mwen. Men m te swete se diferan pou mennaj mwen. Mwen t ap eseye jwenn li pou l ban m yon nimewo natcash pou m voye lajan pou li paske m pat ka jwenn biwo moncash ki te ka voye montan m te bezwen voye pou li a. Mwen kite w devine suit la😃

Mwen reyalize yon bagay inik jou sa, mwen mache sou emosyon nan relasyon. Mwen pini mennaj mwen lè m fache. E mwen sispann aji an womantik lè n fache. E se la m te pran konsyans pou m chanje. Mwen poko rive twò lwen. Men koulya m aprann pran swen mennaj mwen menm lè n fache. Se pa toujou fasil. Se pa sèlman lè w kontan ak yon moun ou kapab trete l byen. Nan ka kontrè se pa lanmou w ap bay, se emosyon w k ap dirije w.

Se fasil pou w achte manje pou yon fanm lè tout bagay anfòm ant nou. Vrè karaktè w parèt lè nou pa dakò, lè w fache, lè w desi, lè w santi li pa merite atansyon w. Se nan moman sa yo ou montre si w gen prensip oswa si se emosyon w k ap mennen w.

Sa pa vle di ou dwe fè kòmsi anyen pa pase. Ou gen dwa pran distans, ou gen dwa bezwen silans, ou gen dwa mete limit. Men, gen yon diferans ant pran tan pou w kalme w ak retire tout sa w te konn bay yon moun pou pini l.

Pa konfonn kapasite pou w pini yon fanm ak kapasite pou w dirije yon relasyon.

Yon gason ki gen matirite pa oblije dakò ak madanm li sou tout bagay pou l kontinye respekte l. Li pa oblije kontan pou l kontinye responsab. E li pa oblije santi l byen nan relasyon an pou l aji avèk diyite.

Paske lanmou pa vle di ou pap janm fache. Lanmou vle di menm lè w fache, ou pa bliye prensip ki te fè w renmen moun nan.

Si chak fwa ou fache, yon fanm oblije pèdi lapè, afeksyon ak sekirite li te konn jwenn bò kote w, petèt se pa li ki bezwen aprann kijan pou l konpòte l. Petèt se ou ki bezwen aprann kijan pou w jere emosyon w.

Mwen se Donson😃

🛑 Pa janm fè relasyon ak fanm ki gen pitit 🛑Li pi fasil pou w jwenn padon pase pou w jwenn otorizasyon.Imajine yon fanm ...
09/10/2026

🛑 Pa janm fè relasyon ak fanm ki gen pitit 🛑

Li pi fasil pou w jwenn padon pase pou w jwenn otorizasyon.

Imajine yon fanm ki fè yon pitit ak yon nèg, epi nèg la kite l. Apre kèk tan, nèg la reyisi konstwi lavi l, li vin gen mwayen pou l ofri pitit li ak manman pitit li yon pi bon lavi. Li retounen, li mande fanm nan padon. E ou menm, ki te konn bourike pou fanm sa a, fè sakrifis pou li, ou fini pa tounen yon senp chapit nan istwa lavi l.

Lè w antre nan yon relasyon ak yon fanm ki gen pitit, ou pa antre nan lavi yon fanm sèlman. Ou antre nan yon reyalite ki te egziste anvan w. Pitit la ap toujou gen priyorite, papa a ka toujou gen yon plas nan lavi yo, epi yon pati nan lajan w ak enèji w ka fini nan responsabilite ki pa t pou ou okòmansman. Si w pa renmen pitit la, w ap gen pwoblèm. Si w renmen l, w ap oblije aksepte responsablite ki vini avè l.

Poukisa w ap antre nan yon fwaye ki deja gen istwa pa l, lè w ka konstwi pwòp fwaye pa w depi nan kòmansman? Pa kite atraksyon fè w bliye reflechi sou konsekans chwa w yo.

Men, tout règ gen eksepsyon. Gen fanm ki se bon fanm toutbon, ki te tonbe sou yon malandren ki abandone yo ak yon pitit. Yo pa merite pou yo kondane yo poutèt sa. Gen ladan yo ki fidèl, ki responsab, ki gen matirite epi ki ka ofri w plis lapè pase yon fanm ki poko janm gen pitit. Si w jwenn yon fanm konsa, pitit la pa oblije anpeche w renmen l.

Mwen ekri pòs mwen yo selon pèsepsyon mwen. Ou ka sèvi avè yo pou w konstwi pwòp opinyon pa w, men pa janm pran yo kòm verite pou w aplike san kesyone yo.

Pi bon desizyon an se pa suiv sa m di a, men konprann risk yo anvan w chwazi. 🛑

Mwen se Donson ⭐

Adresse

US-Atlanta
Limonade

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Donson14 publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager