06/08/2026
📚 APÈL POU SOLIDARITE AN FAVÈ TIMOUN KI NAN DIFIKILTE POU ALE LEKÒL
Chak timoun gen dwa jwenn edikasyon. Malerezman, anpil fanmi pa gen mwayen pou achte sak lekòl, kaye, liv, plim ak lòt materyèl esansyèl pou nouvo ane lekòl la.
Nou lanse yon apèl ak tout moun ki gen bon kè: ann mete men ansanm pou ede timoun ki pi vilnerab yo kontinye chemen edikasyon yo.
Nenpòt kontribisyon, kit li se lajan, materyèl lekòl oswa lòt sipò, ap fè yon gwo diferans nan lavi yon timoun.
Objektif nou: Bay timoun ki nan bezwen yo chans pou yo retounen lekòl ak diyite.
📍 Òganizatè: AMCUDEL (Amis de la Culture et du Développement du Limbé)
Ann fè solidarite pale! Paske lè nou ede yon timoun ale lekòl, se avni Ayiti n ap bati.
Pou fè yon don oswa jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte nou.
"Yon timoun ki jwenn edikasyon jodi a se yon espwa pou demen."
Primature de la République d'Haïti
Tout Le Monde
Vixamarpromo