Organisation Libération Ayiti

Organisation Libération Ayiti Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Organisation Libération Ayiti, Organisation à but non lucratif, Route nationale Liancourt/centre ville, Liancourt.

17/06/2026
JISTIS JISTIS...Pèp ayisyen, sa n ko wè : , wi lesli vòlòtè, li te plat kou yon fèy planch. Kounyè a l ap mouri vant anf...
15/06/2026

JISTIS JISTIS...

Pèp ayisyen, sa n ko wè :
, wi lesli vòlòtè, li te plat kou yon fèy planch. Kounyè a l ap mouri vant anfle, jis kèk jou nan pouvwa a...

Ayiti pa genyen moun, ki pou defann li. Lè w grangou, wou pa ka dirijan, w pa ka genyen pèsonalite . S ak anraje a y ap mouri grangou...

Tout imilyasyon sa yo, nan foutbòl la :
pou N ale USA pou N al sipòte ti nèg-nwè nou yo nan mondyal la;
senbòl fyète nou sou ekipman seleksyon an : 18 Novanm 2025, VÈTYÈ MANYIFIK VIKTWA, Nou nan mondyal.
lòt enjistis : demi final gòlkèp 2019 kont Meksik.

Si te genyen entèvansyon bò kote ti grangou-rèstavèk, swadizan reskonsab yo : FHF ak leta ayisyen. Jodi a ni FIFA, ni USA, pa tap pèmèt, epi azade yo, pou pa genyen yon ti kal respè pou diyite yon pèp.

Egzakteman respè a t ap otomatik. Men ki yès ki pou enpoze respè sa a ? Si pa genyen l tou, kiyès ki pou fòse l?

Pèp la, tankou djaspora sa yo ki pran foto ak pm sa a, ki pa fè anyen pou bagay yo chanje, okontrè ki ipoteke avni peyi, pou 10 pwochèn lane yo... pil bandi simaye nan peyi a, ekip nasyonal la pa jwe okenn match lakay li. manifestasyon lajwa, kontantman pou kouraj footballer ayisyen ki mennen nasyon an, nan konsekrasyon krèm dè krèm evènman sosyal total sa a. Ayisyen New-York, Ayisyen Boston, menm nan Ayiti, vye Gonaives, vye Sen-Mak nan Latibonit, grenye peyi ki depafini nan rayi sò lòt.

Sak anraje a, nan manif popilè sa a, bandi ki fin kraze toufounen peyi ap manifeste fyète ke l se ayisyen tou, 2 egzanm : tichinwa, dj a, se pa 2 pi gwo bandi...

Lanati pa jis.

Men sa pou N kenbe : si se pou lòt ti bagay la : ipoteteke avni peyi pou 10 lane a, manif sa yo te fèt entènasyonal kòm nasyonal, menm kont rasis, imilyasyon USA ak FIFA : limanite kont labarbari, se t ap :

JISTIS JISTIS...

JISTIS JISTIS...Erezman genyen AI pou rann imaj yo bèl. Epi tout moun, tout tche moun, tout yon ka moun wè konpetisyon M...
09/06/2026

JISTIS JISTIS...

Erezman genyen AI pou rann imaj yo bèl. Epi tout moun, tout tche moun, tout yon ka moun wè konpetisyon Mondyal 2026 la, bèl anpil. Alòske reyalite lèd anpil :

" kote FIFA, kote NO RACISM li a ".

Anpil RASIS :
Iran an ki dwe ki pa kapab rete nan USA. Chak match li, fòk li pran avyon pou vini e retounen Meksik...
Ayiti à, kote fanatik li entèdi antre nan USA...
Afriken kalifye, anpil ladan yo genyen jwè ki pap kapab patisipe, swa ebola. Kòm si nan USA, pa genyen kovid-19 ankò...
afriken an meyè à nan kontinan an kalifye pou abitre mondyal la, imigrasyon refoule l nan peyi l...
on... yo itilize l tou pou fè rasis...

Kidonk evènman an pi enpòtan ke DIYITE yon ras...

Yes No Rascism, FIFA...

Se pa lenjistis FIFA...

E byen se :

JISTIS JISTIS ???

JISTIS JISTIS...Jan Maestro Arly Larivière ta di li a :" Gade jan M sezi, Mwen sezi pou M mouriiiiiiiiiiiiii..."Nan lako...
06/06/2026

JISTIS JISTIS...

Jan Maestro Arly Larivière ta di li a :" Gade jan M sezi, Mwen sezi pou M mouriiiiiiiiiiiiii..."

Nan lakou Vèrèt, moun ap manifeste pou 3 polisye plis yon sivil, bandi savyen ansasinen. Silvouplè, li genyen Pierre Emmanuel Germain (alyas Manno), chèf operasyon, leta ayisyen te lanse depi Novanm 2023 a, aprè masak Ponsonde kote bandi savyen ansasinen 110 moun. Depi lè sa a, 2yèm MASAK : Tit-Rivyè; komin Lyankou menm, bandi yo tabli baz yo, 3 polisye plis yon sivil ansasinen, yon cha boule, komisarya kraze plat atè ; 2yèm MASAK Ponsonde sèl lokalite nan komin Lyankou ki genyen moun ladann sou 41 lokalite; 50 mil moun nan lari.

Sèl bagay li te fè byen : " pase konntenè machandiz, kamyon machandiz, se pa ni 2 ni 5 machin, se 10, 15, 20 machin pou 50 mil goud chak, ki bay 500 mil, 750 mil e 1 milyon Goud chak jou prèske...

Men li pa janm jwenn lòd pou fè operasyon. Sanble li te jwenn lòd pou pase kamyon, pou sapata moun Dodard.

Sak fè moun sezi plis pou mouri plis : " nan mòn Wobè à, se operasyon li t ap fè ak 2 polisye plis yon sivil ". Wi ayisyen konn fòkè, malgré yo konnen ki sa li ta l fè. Ap mande pou chanje DDA, kòm si se DDA ki voye yo al mouri, selon manifestan yo.

Bilan chèf operasyon an, se pa ni nan 3 jou, ni 3 semèn, ni 3 semès non, se 3 lane : pase kamyon machandiz, 3 polisye ansasinen ak cha ki boule a, selon RNDDH, SE POU 30 mil $, komisarya kraze pou 90 mil $, 50mil moun nan lari.

Se pou sa a chèf operasyon Manno ensi koni : "merite l'honneur de la patrie mal aimée"...

Alon, swayon onèt,
se t ap :

JISTIS JISTIS...

JISTIS JISTIS...⚽ ⚽...Nan kèk jou, tout mond lan pral konjige menm vèb la : "Koup Dimond 2026". Nan USA : "Leta teworis ...
28/05/2026

JISTIS JISTIS...

⚽ ⚽...

Nan kèk jou, tout mond lan pral konjige menm vèb la : "Koup Dimond 2026". Nan USA : "Leta teworis dimond"...

Dabò, nan non limanite : " mèt dimond yo retire Lawisi nan tout konpetisyon espòtif dimond, paske l atake Ikrèn"...

Ane sa a, USA ak Izrayèl masakre 170 timoun, plis otorite Iran, nan yon agresyon depi anviwon 4 lwa, mèt dimond yo rele sa lagè. Menm jan yo yo entèdi Lawisi a, 2 leta teworis sa yo dwe sanksyone tou, si mèt dimond yo t ap fè Limanite vre. Se Iran, li pa nan limanite sa a...

Okontrè, USA entèdi pèp Iran an jwenn viza pou vin sipòte ekip nasyonal yo, menm jan ak Ayiti tou. Pi mal pou Nou, genyen yon seleksyone ayisyen ki an Ayiti toujou, alòske tout lòt seleksyon deja nan konsantrasyon nan kan yo (si se vre).

Ki sa football ye ankò a : "Fenomèn Sosyal Total". Tout moun dakò l san eksepsyon, se pa politik ki ap chache enpoze yon rejim demokratik pou tout moun. Sa k ap fèt nan football la jodi a : "Règ òganizasyonèl FIFA a, pa menm pou tout moun"...

Si li pa menm pou tout moun, se la Nou pa konprann yon jwèt kolektif ap sibi tout diskriminasyon, tout vyolasyon dwa yon lòt pou tout moun aksepte l. Nan non limanite, nan non laras, nan leta nasyonal abize a, nan non Pwofesyon an, Nou wè tout kote Nou pase : kote Solidarite Moun lan; Solidarite Laras la; Solidarite Patriyotik la; Solidarite Profesyonèl Jwèt la.

Chak koukou klere boul je a w. Men kote restavèk yo - padon reskonsab - football ayisyen an. Si N ka mete tèt ansanm pou n manje $ FIFA yo, nou ka poze pwoblèm dwa pèp la ki ap kouri kou chen anraje dèyè viktwa nasyonal sa a. Dèyè Ewo Nasyonal yo ki ekri yon Bèl Paj Istwa Nasyonal.

Lemond antye nou pa wont, ke li nasyon, ke li se endividi pou N kite yon endividi detwi : "sa k rasanble nou, SOLIDARITE"...

Chimen bouton, chimen maling. Si N te konnen sa, se t ap :

JISTIS JISTIS...

JISTIS JISTIS...Le Mal est déjà Pire et incurable...Le pardon déjà trop t**d venu et même pas bienvenu, le Pire est enco...
26/05/2026

JISTIS JISTIS...

Le Mal est déjà Pire et incurable...

Le pardon déjà trop t**d venu et même pas bienvenu, le Pire est encore Pire aujourd'hui qu'hier...

C'est l'esclavage qui a transformé le monde en pays pauvre et en pays riche.

M le pape : vous nous demandez de pardonner, c'est demander aux victimes de justifier leur innocence...

Oui : nous sommes encore sots et inférieurs parce que nous entretenons encore votre égregore qui nous ensorcelle et zombifie...

Le seul pardon c'est de fermer la boîte à mensonge pour toujours qui constituera un début de dézombification de la race...

Et ce sera :

JISTIS JISTIS...

JISTIS JISTIS...Gade ki jan nou di nou fyè pou 223 lane sa a, pou N Idantifye nou ak patri nou, tankou ti negrès-nwè kon...
21/05/2026

JISTIS JISTIS...

Gade ki jan nou di nou fyè pou 223 lane sa a, pou N Idantifye nou ak patri nou, tankou ti negrès-nwè kongrèswoumenn ameriken sa a ki pa menm panche sou katastròf nasyonal la ke USA se aktè prensipal la. Ki janm deba kongrè ameriken fè, menm pou yon ti kal ipokrizi, sou dega USA fè yo. Kou se fèt drapo, bon mas ak move mas melanje pou nyeze drapo nwa e rouj Anperè Dessalines la ki se vrè IDANTITE NASYONAL la : LIBÈTE OU LANMÒ...
Pa ble e rouj la ke ansasen petyon perenize a.

La nou fò sèlman : banalize lè Wo Fè istorik. Ki vle di : le mond pa pran nou oserye se a chak fèt istorik n ap kale kò nou, kale bounda nou, sitou griyen dan, danse epi gouyad, wi bon yayad. Epi masakre moun nwè parèy nou. Pou USA entèdi ayisyen vin asiste EWO NASYONAL li yo ki ap pèfòme nan Gran Konsè Krèm konpetisyon Mondyal. Sa pa di nou anyen, se : Amnisty Internasyonal ki ap mande respekte DINYITE NOU. Sa pa di nou anyen, kouman pou l ta di nou yon bagay : "fòk nou te konnen sa k DINYITE a". Bon an N kite sa, men LAGLWA NASYONAL pa dwe regade nou tou.

Poutan Bukina Faso ap bouje, aprè Traore fin choute fransè yo ak anpil kout pye nan bounda yo, kounye a li fout kriminèl Bill Gates deyò, fèmen tout laboratwa ki ap fabrike viris ensèk lakay li, tankou viris kovid-19 la. Sa pa di nou anyen toujou pou depi 1804, Nou konbat pi gwo lame nan lemond pou N endepandan, se Bukina Faso ayè la yo te bay endepandans ki jodi a ap konkretize dwa grandèt yo.

Sispann fè joujou, suspann : BANALIZASYON ISTWA AYITI a.

Yon ISTWA an LÈT MAJÈ, e se :

JISTIS JISTIS...

JISTIS JISTIS...1803-2026 : 223 lane, depi N ap fete senbòl ki fè Nou genyen pwòp identite Nou antan k pèp. Dèyè 223 lan...
19/05/2026

JISTIS JISTIS...

1803-2026 : 223 lane, depi N ap fete senbòl ki fè Nou genyen pwòp identite Nou antan k pèp. Dèyè 223 lane genyen tout yon istwa trèt ki pral mennen ansasina Anperè Dessalines ki fè tout fòs, tout enèji, ki pou nouri egregò nasyon pa janm ale nan sans pèp la toujou vle a : "LIBÈTE ou LANMÒ " ke koulè rouj e nwa senbolize : rouj se laviktwa kidonk libète e nwa ki senbolize dèy kidonk lanmò. Paske ble e rouj pa nwa e rouj.

Listwa ke se menm ti nèg-rouj yo ki ekri l la, fè konnen se Dessalines ki te retire bann blanch la nan drapo fransè pou kreye drapo ayisyen an : ble e rouj. Kòm si ble a reprezante nwa yo e rouj la ti nèg-rouj yo, se sa a ki : "l'union fait la force". Wi linyon trèt christof ki fè konplo ak petyon pou ansasinen Dessalines ak tout gwo ofisye lame endijèn yo tankou Capois La Mort elatriye.

Sipoze ke se konsa l te ye drapo 1803, yon erè menm jan Dessalines se te gouvènè aprè lendepandans, ki pral korije avèk yon gouvènman enperyal anmenm tan ak drapo a tou ki ap vin nwa e rouj epi yon kòk e 2 lyon epi anwo drapo a : LIBÈTE ou LANMÒ.

Si divalye pat yon inyoran, san kilti te retabli drapo nwa e rouj nasyon an li pat mete yon pentad la, li te kite l jan Anperè te fè l la, li t ap difisil pou pèp la rejete l kòm yon rejim sanginè. Pi gwo erè swa dizan moun ki di yo se entèlektyèl ayisyen, nan konstitisyon 1987, yo te tou retabli drapo Anperè a. Jodi nou t ap genyen 39 lane ap revigore nanm nasyon an, depi 18 Me 1987, Nou te tou vide kontansye sa a pou lavi. Malerezman se yon bann Titanyen (Titre En rien) nou genyen.

Si drapo ble e rouj se te yon alyans, men li contre nature : ti nèg-rouj yo di yo se eritye papa yo ki se kolon blan yo, kidonk lanmò Dessalines pral pèmèt ti nèg-rouj yo ak kèk chèf ti nèg-nwè ekskli majorite mas esklav yo nan Ayiti lib la. Jouk jodi a aprè 223 lane ke n ap fete a. Sèl libète yo genyen : libète pou yo mouri nan lamizè tankou nan tan lesklavaj la. Tèlman vrè me m vye siryen tankou boulos ap mande si l pa pitit petyon tou.

Nou pa wè nou tout devan sa k rive nou la, nou dezame. Nou pa konnen ki bò pou N manyen pwoblèm la. Bandi yo te ap penetre katye ti nèg-rouj yo anwo yo : ti makak nan boutilye, kay Olivier barreau boule, nou sonje yon sèten moman se bourad se goumen pou moun anwo sa yo te pran elikoptè pou kite peyi a, dènyèman ekskisyon bandi lanmò 100jou yo kay apèd la ta pral montre nou pouki sa yo te anboche erik prens ak mèsenè l yo. Pou pwoteje 14 fanmi ti nèg-rouj ki nan trafik zam ak minisyon. Tout sa, ak kòb taks Repiblik la, pou 60 milyon $. Yon kontra 8 ti nèg-nwè cpt a ki siyen dekrè sa a. On n fè pa sa a yon pèp...

Genyen yon revèy ki ap fèt nan sans sa a pou drapo nwa e rouj la. Men sansibilizasyon fèb anpil. Konbat yon sistèm ki genyen plis pase 2 syèk se pa yon jwèt, sitou laprès ki se 4yèm pouvwa pwostitiye.

Se yon revèy, se yon kòmansman pou :

JISTIS JISTIS...

Adresse

Route Nationale Liancourt/centre Ville
Liancourt

Téléphone

+50933258977

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Organisation Libération Ayiti publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Organisation Libération Ayiti:

Partager