22/05/2026
Wi, dapre sa yo ekri, ekriven Franse ak figi anblematik woman franse a, Victor Hugo di babay ak lavi jou ki te 22 Me (tankou jodi a) nan lane 1885 nan vil pari (nan 50 Avenue Eylau ki pote non Avenue Victor Hugo jodi a) apre yon semèn ap batay ak lanmò a akoz li t ap soufri anpil ak maladi konjesyon pilmonè.
Selon sa moun ki te ak Victor Hugo yo nan moman li t ap trepase a rakonte, dènye pawòl li te di anvan li fèmen je li se: " C'est ici le combat du jour et de la nuit..... je vois la lumière noire ".
Sèkèy ekriven an te ekspoze anba Arc de Triomphe la jou ki te 31 Me a epi nan 1e Jwen, plis pase 2 milyon moun te akonpanye kòtèj finerè ki t ap pote kò a nan "Corbillard du Pauvre" jan defen an te mande sa. Victor Hugo antere nan Panteyon Pari a nan mitan gwo moun, bò kote gwo figi literè tankou Voltaire, Rousseau, Alexandre Dumas, ....
"YON DAT, YON TI MOSO NAN LISTWA A"
Radio Télé Christo