21/09/2026
CHANPYONA BOUT TEREN PA VLE DI ABSANS NIVO
Lè n ap gade evolisyon chanpyona vakans yo nan Depatman Sidès la, fòk nou rekonèt yon reyalite: nou pa gen anpil teren ki vrèman reglemantè pou òganize gwo match 11 kont 11. Se youn nan rezon ki fè nou wè kèk chanpyona ap jwe 7 vs 7, 8 vs 8, e pafwa sou teren ki pi piti.
Men fòk nou pa konfonn dimansyon teren an ak nivo jwèt la.
Ann pran de egzanp nan komin La Vallée-de-Jacmel:
⚽ Coupe Christian BOURGUILLON (Tuff)
⚽ Championnat La Renaissance (Musac)
Se de konpetisyon kote nou jwenn anpil bon jwè ak yon nivo jwèt ki ka trè enteresan. E youn nan bagay ki rann kèk ekip yo patikilyèman konpetitif, se kalite jwè yo rive rasanble.
Gen ekip ki pa limite tèt yo ak jwè lokal yo sèlman. Yo al chèche talan nan Jakmel, Léogâne, Marigot, Ti Gwav, Petyonvil, elatriye. Yo rasanble jwè ki gen eksperyans ak kapasite teknik pou bay ekip la plis kalite.
Kidonk, lefèt ke yon chanpyona ap jwe sou yon teren ki pa reglemantè, oswa nan fòma 7 vs 7 oubyen 8 vs 8, pa sifi pou yon moun konkli otomatikman ke nivo jwèt la pa bon.
Pou mwen, si n ap pale de patisipasyon nan yon konpetisyon tankou Ligue des Champions du Sud-Est, fòk nou fè diferans ant kritè teknik ak règ konpetisyon an, epi lòt konsiderasyon ki kapab gen rapò ak òganizasyon, teren, administratif oswa lòt kondisyon ofisyèl.
Yon kronikè oswa yon jounalis ka gen pwòp analiz li sou yon chanpyona, e li nòmal pou gen dezakò. Men, si n ap itilize fòma bout teren kòm prensipal agiman pou di yon chanpyona pa gen nivo oswa pa ta dwe konsidere pou yon konpetisyon, mwen panse fòk nou ale pi lwen pase sa.
Foutbòl la pa mezire sèlman ak kantite jwè ki sou teren an. Li mezire tou ak kalite jwè yo, entansite, teknik, taktik, òganizasyon ak nivo konpetisyon an.
Se pou sa, ann bay foutbòl lokal la respè li merite epi ann evalye chak chanpyona sou baz kritè ki klè, olye nou fè konklizyon sèlman sou gwosè teren an.
Foutbòl Sidès la gen talan. Ann kontinye devlope l. ⚽🇭🇹