Perspectives 2.0 Kenscoff

Perspectives 2.0 Kenscoff Cette page est crée dans le but de promouvoir une nouvelle jeunesse, un nouvel homme, une nouvelle citoyenne.

Son contenu embrasse des thematiques comme la société, la culture, le civisme et le travail sur soi-meme. La voix officielle de la communauté Kenscovitte d'Haiti et de la Diaspora

19/04/2026

Rendez-vous avec Kadosh | "M ASIRE" | Dimanche 19 Avril 2026 | Eglise Baptiste Conservatrice de Fermathe

Rest In Power Président Jovenel Moïse Se pou asasen ou yo pa janm jwenn lapè, se pou san yo koule nan lari jiska 1000 je...
07/07/2025

Rest In Power Président Jovenel Moïse

Se pou asasen ou yo pa janm jwenn lapè, se pou san yo koule nan lari jiska 1000 jenerasyon, se pou chen manje kadav yo, se pou maskriti leve devan pòt kay yo….Se pou tout sa yo fè tounen kont yo
JWV

01/07/2025

TPS_TPS_TPS_TPS

Nan ane 2022-2023 mwen t travay sou fontyé CANADA / USA e mwen t konstate t gen plis pase 27 mil ayisyen ki rantre kanada e tout t soti Chili ak Bresil.

Pifò nan moun sa yo t gen yon kat rezidans nan peyi chili ou Bresil e pitit yo t gen yon passport Chilien ou Bresilien, Lèm mande yo kisa ki fè yo riske lavi yo e vini USA a pye epi vini Canada, yo tout reponn mwen se te toujou rèv yo pou ye te vin Canada ou USA.

Vwayaj soti Bresil / Chili a t koute yo pou piti 5 mil (5000$) US e yo tout dim se travay yo t travay e yo ekonomize lajan sa pou yo t ka fè rout la.

Gen anpil nan moun sa yo ki t rete USA ki pat vini Canada e 2 group sa yo pandan lontan t anime yon deba sou rezo sosyo yo sou ki peyi ki pi bon ant Canada ak USA, sou foulay ke moun ki t nan peyi sa yo t konn ap fé e latriye.....

Youn nan bagay ke moun sa yo t inyore se ke estati ke yo t genyen Etazini an t tanporè e sa map di a valab pou tout moun ki benefisye de estati TPS komanse en 2010 apre goudou goudou a.

gen 3 kategori moun ki afekte pa sitiyasyon TPS la ki se:
1. MOUN KI T USA APATI DE JANVIER 2010
2. MOUN CHILI-BRESIL YO
3. MOUN BIDEN YO.

Li evidan ke moun Biden yo t la pou 2 zan, donk pa gen ankenn dram, ankenn sipriz nan sa ki rive ya.

Moun Chili-Bresil yo pran nan zizirit e yo kite peyi ki t akeyi yo e ofri yo yon avni pou vini USA, Mwen panse ke jodi a yo en fas responsabilite yo e yo dwe asume li

Youn nan pi gwo dram nan kesyon TPS pou anpil nan moun ki nan TPS depi 2010 se paske yo t pase tout tan yo ap viv peyi blan komsi yo pat janm gen pou yo tounen lakay yo.

PWOPOZISYON

Piga nou janm bliye ke pou Chili, Bresil, Canada ak USA sa yo ye jodi a, yo pase anpil anpil etap, anpil kafou men nan chak kafou nan istwa yo gen moun ki pat pè fè sakrifis, gen moun ki pat pè mouri, gen jenerasyon ki pat pè soufri. Avantaj nap viv nan peyi blan yo se generasyon blan pase yo ki t chwazi kite yo pou jenerasyon kap vini an.

Se moman pou nou deside ke nou prefere tounen lakay nou, soufri, mouri epi kite yon eritaj pou pitit nou olye pou nou ap kontribye nan ekonomi kay blan epi pou yo choute nou lè yo vle.

Pa kouté pyès pastè kap di nou fè jèn Esther paske pifò nan yo se paske legliz yo pral vid e yo pap ka ranmase ofrrand anko, se paske gen nan yo kap oblije al punché. Chache konsey moun ki konpetan pou sa, evalye opsyon nou, pran bon desiszyon epi tounen lakay nou.

Lé nou tap vin Etazini, nou pat konn ki kote nou tap vini, nou pat konn systeme nan, nou pat konn lang nan, anpil nan nou pat gen pesonn e se anba pon nou t domi Texas, donk li pap difisil pou nou tounen Ayiti nan ville province yo, nan andeyò ak nan mòn epi rekomanse lavi nou. Si pa gen lekol kote ou prale a, konstwi youn, si pa gen sant sante, chache kek zanmi komanse achte yon tansyomèt, kek boite aspirine, komanse yon bagay.

Konstwi ti etazini paw lakay ou, nan peyiw e chache kek zanmi, fe alyans. redefini tèt ou, reprann diyitew epi chanje lavi ou.

Se zanmiw, fréw, Watson Jason Vixama Perspectives 2.0 Kenscoff

Si gen yon Prezidan ameriken ki renmen Ayiti se Donald Trump, ( san li pa konnen)pou mwen se Trump ki pi renmen Ayiti pa...
29/06/2025

Si gen yon Prezidan ameriken ki renmen Ayiti se Donald Trump, ( san li pa konnen)
pou mwen se Trump ki pi renmen Ayiti pase anpil Ayisyen.

Tout Ayisyen konnen KAY VWAZINAY SE PA KAY PAW
nou nou dwe dakò nou pa lakay nou, lè w kay moun li gen pouvwa pou l fè w sa li vle paske li se met kay li.
lè w kay moun li gendwa fè manje sou ou li pa ba ou, li gendwa pete sou ou Jan l vle
Li gebdwa metew deyò anba lapli oubyen nan mitan lanwit
Depi wap mande tanpri souple ou pedi tout dwa ou, etlatriye…

Depi w santi respè w mennase paske w pa lakay ou avan ou joure oubyen pou w devandike sonje pawol sa ou pa ka kite lakay ou ap kraze sal epi pou vin konstwi e pwopte lakay moun.

Gen anpil neg yo pap bay madanm yo lajan pou yo fè madanm yo bel men le yo wè yon madanm yon neg bel se li yo vle le konsa madanm neg la kale tet yo byen kale epi li fè maril vin kenbe w andan kay la.

Solisyon an pi gwo riches yon peyi se moun sak fè yon peyi devlope se moun sak fè yon peyi grand pwisans se moun men si nou tout ap kouri kite peyi a kiyes ki pral devlope Ayiti?

Leè nou vwayaje nou dwe panse ak tounen e rekonstwi lakay nou Ayiti pa rezime ak pòtoprens selman nou ka al devlope pwovens yo ki abandone yo, se pa achte pil machin ak kredi Etazini avek pil kay ak kredi Etazini pandan ou pa ameriken epi ou bezwen Ayiti chanje.
Nou te ka rantre nan peyi nou al kreye travay devlope pwovens yo fè lakay nou bel konsa nou patap bezwen al travay pou n peyi 70% nan lajan ou touche a pou peye bil.
Antouka viv Donald Trump

18/04/2025

LES AMIS DE LA POLICE NATIONALE D'HAITI
Police Nationale d'Haiti - PNH

18/04/2025

Sos pou kenscoff

Kenscoff Bonga, Belo Interè ki genyen nan sa kap pase la a? 🤔Li pa fasil pou tout moun konprann. Men mwen wè yon pakèt e...
10/04/2025

Kenscoff Bonga, Belo
Interè ki genyen nan sa kap pase la a? 🤔
Li pa fasil pou tout moun konprann.
Men mwen wè yon pakèt egare ki rele tèt yo politisyen ki bezwen chef ki pwofite de sitiyasyon sa kap pase a pou fè politik. San yo pa réfléchi ak konsekans zak sa yo nan lane kap vini yo.

Li pi difisil toujou pou esplike popilasyon ki pa konn li ak ekri ke modèl politisyen sa yo se kòz pwoblèm yap Viv la.

Banm esplike:
Nèg la diw li se politisyen kap defann mas pèp la epi se li kap fè pèp la Vann ti tè li bay moun ki pa Gen menm interè avèl.

Nèg la diw li se politisyen se li menm ki reprezantan gran nèg nan popilasyon wan.

Nèg la diw li se politisyen se moun ki ènmi popilasyon wan Kap sipòtel nan tout sa lap fè.

Poze tèt nou kesyon interè kiyès lap defann ?
Èske se interè bòs li oubyen interè popilasyon wan?

Anou tounen sou sa kap pase nan zòn nan?

Zòn sa yo pa Gen biznis pou bandi fè peye lajan?

Malere pa Gen lajan si yo kidnape yo?

Poukisa yo bezwen touye moun yo oubyen fè tout moun kite zòn?

Ki group ki bezwen eksplwate kisa nan zòn nan?

Reprezantan dirèk gwoup ki vle mete tout moun yo deyò wa se misye kap plede achte tè peyizan yo.

Peyizan yo se sèl obstak ki ka anpeche reyalizasyon pwojé saa.

Podjab yo sèvi ak pitit peyizan nan tout nivo pou reyalize pwojè saa.

- Aprann sa
Gran nèg pap Janm zanmi malere
Yap selman itilize epi yo jete yo

Teks A.O

31/03/2025

Sos pou moun kenscoff lazontiere lalue la police mete pyew atè randevou

Adresse

Kenscoff

Téléphone

+14389373148

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Perspectives 2.0 Kenscoff publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Perspectives 2.0 Kenscoff:

Partager