Comité socio-culturel d'Obléon

Comité socio-culturel d'Obléon Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Comité socio-culturel d'Obléon, Organisation à but non lucratif, Rte de Furcy #125, Kenscoff.

Teleco se yon espas stratejik pou komin Kenskòf ak peyi a. Malerezman lapolis pa gen kontwòl total anlè a sa ki fè sant ...
17/08/2025

Teleco se yon espas stratejik pou komin Kenskòf ak peyi a. Malerezman lapolis pa gen kontwòl total anlè a sa ki fè sant vil Kenscoff ak komisarya vin trè vilnerab. Li pa posib pou nan anviwon yon mwa bandi yo rive pran yon pakèt espas andedan komin nan san kè sote. Nou mande otorite yo reyaji vit e byen pou pote yon repons ak dezòd ki gen nan komin nan depi anviwon 7 mwa.

'haiti

Menm jan ak anpil lòt kote anndan peyi a, 27 janvye 2025 lan bandi ak zam atake komin Kenskòf nan zòn tankou Kafoubèt,Bo...
09/08/2025

Menm jan ak anpil lòt kote anndan peyi a, 27 janvye 2025 lan bandi ak zam atake komin Kenskòf nan zòn tankou Kafoubèt,Bonga, Belo, Gode... Anpil moun pèdi lavi yo, plizyè lòt kidnape, kay ak byen pase anba flanm dife. Nan entèvansyon lapolis yo te rive repouse bandi yo men yo pat tou kraze fwaye gang sa depi menm moman, yon ti bouton ki vin yon gwo maleng.

Konsa nan mwa fevriye malfra yo atake Teleko vijilans lapolis te pèmèt yo repouse bandi yo. Kèk tan apre, swa 4 mas 2025, Kafou Badyo nan 3yèm seksyon SOUSAY sibi yon gwo atak, nèg ak zam yo kidnape plizyè epi tabli baz yo nan zòn epi pran kontwòl wout Kenskòf ki mennen nan Sidès peyi a.
Jis jounen jodia pa janm gen yon entèvansyon lapolis ki fèt pou ta menm chase bandi yo nan Kafou Badyo.

9 me 2025 se tou pa FURCY ak zòn ki antourel yo ki te sibi gwo atak bandi yo, si se vre gen gen yon 2 entèvansyon ki fèt men malerezman yo pa pote okenn rezilta, dayè bandi yo tabli baz yo san kè sote sou platon FURCY nan plizyè kay. 11 jiyè pase a, asasen yo kap feraye nan seksyon SOUSAY la kraze plat sou Komisarya a san kè sote, nan menm sware yo mennen gwo atak sou OBLEON epi pran kontwòl katye sa, jis nan moman la pa gen okenn entèvansyon lapolis ki fèt pou kontrekare atak bandi yo, lapolis pito ap fè bak remèt bandi yo zòn sa yo.

Pa gen okenn òganizasyon dwa moun ki panche sou chif moun ki pèdi lavi yo ak sila bandi kidnape nan komin nan soti 27 janvye pou rive jounen jodia. Abitan yo ki sitou viv de agrikilti ak elvaj oblije kouri kite tout ti sa yo posede, yo lage 2 bra pandye devan pòt kay moun.

Lè n konsidere atak repete Teleko ak Tèt Bwapen ap sibi li klè ti rès zòn ki rete nan komin Kenskòf la bandi poko pran pa anpil. Nan moman soufrans sa, anpil lidè, chèf ak ansyen chèf nan komin nan montre yo pa wè mizè ni yo pa tande kri malere sa yo, poutan kou eleksyon yo pral fè ale vini devan pòt peyizan ak pwojè ki pa kanpe sou anyen. Nan gwo deba yo, yo souvan pa bay enpòtans ak sa kap pase Kenskòf la, men tou opinyon piblik la inyore prezans bandi yo nan komin sa se yon malè pandye sou Tomasen, Petyonvil...

Malere malerèz yo podyab gaye devan pòt moun nan Petyonvil yo ap pran tout kalite imilyasyon, yo nan kouri se vre men nanm yo rete Kenskòf, yo nouri lespwa yon jou yo ap retounen, men pèsonn pa konn ki jou ki lè yo ap wè lakay ankò. Men sa pa anpeche nan tèt Leta la gwo palto yo ap fè ti pas kout ak pouvwa, okenn nan yo pa wè nan gwo liv la enterè pèp k ap soufri a.

Byen bonè maten dimanch 3 out la, nèg ak zam kap fè lalwa nan komin Kenskòf, atake san gwo difikilte òfelina «Nos Petis ...
03/08/2025

Byen bonè maten dimanch 3 out la, nèg ak zam kap fè lalwa nan komin Kenskòf, atake san gwo difikilte òfelina «Nos Petis Frères et Sœurs» ki twouvel nan zòn Tèt Bwapen. Yo rantre nan kay ki gen timoun andikape yo epi kidnape plizyè moun, pami yo Gina ki se yon Ilandèz se premye responsab timoun andikape yo. Òfelina NPFS ap sèvi sa ki pi fèb yo depi plis pase 30 lane, yo lonje lamen bay ti moun ki nan sitiyasyon difisil nan peyi a, men tou yo bay travay ak anpil anpil moun nan kominote a. Gina se yon volontè ki kite peyil vin ede andikape nan peyi a, nan sans sa nou mande prese liberasyon tout moun sa yo san kondisyon.

Plis pase 6 mwa depi bandi ak zam atake Kenskòf, plizyè santèn milyon goud depanse anlè a swadizan pou lapè te retounen....
31/07/2025

Plis pase 6 mwa depi bandi ak zam atake Kenskòf, plizyè santèn milyon goud depanse anlè a swadizan pou lapè te retounen.
Rezilta: 80% Komin nan anba kontwòl gang yo; moun kontinye ap pèdi lavi yo san kote lòt ki kidnape, malere ak malerèz peyizan ak notab zòn nan ap dòmi leve devan pòt kay moun nan Petyonvil, malfra yo pote ale bèt ak byen peyizan yo; yo boule kay pratikman tout kote yo pase.

Jis kilè solèy la ap leve sou Komin nan? Jis kilè peyizan ap jwenn chans retounen lakay li?

Adresse

Rte De Furcy #125
Kenscoff

Téléphone

+50948122195

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Comité socio-culturel d'Obléon publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Comité socio-culturel d'Obléon:

Partager