04/09/2026
🌸Jounen Mondyal Sante Seksyèl🌸
Jodi a, 4 septanm, se Jounen Mondyal Sante Seksyèl. Se yon okazyon pou nou raple tèt nou sante seksyèl se yon pati enpòtan nan byennèt ak diyite chak moun.
Pale sou sante seksyèl pa vle di ankouraje moun fè sèks. Se sitou enfòme, pwoteje epi respekte.
Chak moun dwe gen aksè ak bon enfòmasyon, kapab pran desizyon ki konsène kò li, epi viv relasyon ki chita sou respè, konsantman, sekirite ak diyite.
An n kraze silans ak move enfòmasyon ki mete jèn yo an danje. An n ankouraje dyalòg ki responsab epi kreye espas kote tout moun kapab poze kesyon san yo pa wont oswa pè jijman.💜