SECOM

Appeler Itinéraire Contacter l’organisation

SECOM Promouvoir l'education et l'agriculture

Samdi 15 dawout 2026, SECOM reyalize yon atelye fòmasyon sou teknik grefaj pou plis pase 40 patisipan pou Club Inisyativ...
16/08/2026

Samdi 15 dawout 2026, SECOM reyalize yon atelye fòmasyon sou teknik grefaj pou plis pase 40 patisipan pou Club Inisyativ Ekselans Ekolojik yo. Atelye Sila anime respektivman avèk Agro Jean Eddy Joseph ,Jean Daniel GABRIEL AK Makenzy Sanon . Atelye Sila ranfòse kapasite jenn yo AK timoun yo sou teknik repwodiksyon plant ,konsévasyon biyodivésite AK kontribye pou agrikilti Dirab.
Konesans se Pouvwa
Ann kontinye fé konbit
Konbit la pap kanpe

🎊🎉🎇🎆🎂SECOM selebre premye anivèsè " Inisyativ Lokal pou Konbit Lak Meyak,Mizak Lavale Jakmél "Madi 11 dawou 2026 la ,Sou...
12/08/2026

🎊🎉🎇🎆🎂SECOM selebre premye anivèsè " Inisyativ Lokal pou Konbit Lak Meyak,Mizak Lavale Jakmél "

Madi 11 dawou 2026 la ,Source D'espoir Communautaire ( SECOM) selebre premye anivèsè Inisyativ Lokal pou Konbit Lak Meyak, an prezans konbité ak konbitéz yo ,manb lòt OKB ak prezans delegasyon ki soti nan lameri vale Jakmél.

Se te okazyon pou Ekip la rann kont ak kominote a sou diferan aktivite ke yo reyalize pandan lane a tankou konbye pyebwa ki plante ,konbyen mét lineyè estrikti an sak té,an wòch ak Kleyonaj ki enstale sou Basen Vésan yo ak konbyen seyans sansibilizasyon sou edikasyon anviwonmantal ak klimatik ki reyalize.

Nan okazyon sila ,Marie Yolène Philippeaux, Mairesse lavale a te pran lapawòl pou felisite SECOM ak tout konbité _ konbitèz yo pou gwo travay konbit la deja reyalize ,li pwomét ke lap kontinye kolabore pou Inisyativ sila ale pi lwen.

09/08/2026
Samdi 8 dawou 2026 , Club Inisyativ Ekselans Ekolojik la reyalize yon atelye sou " Jesyon Emosyon " ,Milytona JEAN pwofe...
08/08/2026

Samdi 8 dawou 2026 , Club Inisyativ Ekselans Ekolojik la reyalize yon atelye sou " Jesyon Emosyon " ,Milytona JEAN pwofesyonél sante ak apwi siko sosyal ki te animel . Plis pase 57 Moun rive patisipe nan seyans Sila ,yon pa anplis nan ranfòse kapasite manb kominote a

Jodi vandredi 7 out 2026 la se twazyèm jounen fòmasyon nou nan I.E.E. (Inisyativ Ekselans Ekolojik) avek fòmatè agronòm ...
07/08/2026

Jodi vandredi 7 out 2026 la se twazyèm jounen fòmasyon nou nan I.E.E. (Inisyativ Ekselans Ekolojik) avek fòmatè agronòm junior Philippe.
Sijè a sete sou wòl, kontribisyon timoun sou pwoteksyon anvironman ak devlopman kominote. Se te yon jounen fòmasyon trè rich ak anpil echanj ant fòmatè a ak timoun yo, te gen anpil entèraksyon ,te gen konpetisyon ant gwoup medam yo ak gwoup mesye yo. nou te sezi wè kantite lanmou ak pasyon timoun yo gen pou anvironman

Kpk
Konbit Lak Meyak la pap kanpe

Samedi premye out la sete dezyèm jounen fòmasyon nan I.E.E.(Inisyativ Ekselans Ekolojik) kite fèt sou sante ak igèn avèk...
03/08/2026

Samedi premye out la sete dezyèm jounen fòmasyon nan I.E.E.(Inisyativ Ekselans Ekolojik) kite fèt sou sante ak igèn avèk fomatris nou Edith Nau Pichonneau ( Madan Mapou)
Sete yon bèl jounen Nou te pase ansanm ak timoun yo nan fè pratike sou sante ak igèn

Ann kontinye fè konbit
Konbit Lak Meyak la pap kanpe (kpk)

Vendredi 31 jiyè 2026 la,SECOM lanse Club pou Inisyativ Ekselans Ekolojik bó Lak Meyak la avèk plis pase 50 timoun AK je...
31/07/2026

Vendredi 31 jiyè 2026 la,SECOM lanse Club pou Inisyativ Ekselans Ekolojik bó Lak Meyak la avèk plis pase 50 timoun AK jenn ki sòti nan diferan lokalite . Club Sila fèt pou fóme,oryante yo sou patisipasyon AK angajman yo nan devlopman kominote a. François Nau (Mapou Konbit ) te echanje AK yo sou wol sitwayen nan devlopman kominote.

Ann kontinye fé konbit
Konbit la pap kanpe

Timoun angaje Jodi pou yon kominote pwoteje demen Ann mete men pou Inisyativ Ekselans Ekolojik la boujonnen toupatou sou...
28/07/2026

Timoun angaje Jodi pou yon kominote pwoteje demen
Ann mete men pou Inisyativ Ekselans Ekolojik la boujonnen toupatou sou latè

Nan dat 19 jiyè 2026 la ,Nou plante  53 pye kokoye pou ankouraje pwodiksyon lokal AK lit Kont chanjman klimatik yo
28/07/2026

Nan dat 19 jiyè 2026 la ,Nou plante 53 pye kokoye pou ankouraje pwodiksyon lokal AK lit Kont chanjman klimatik yo

Adresse

Musac, La Vallee De Jacmel
Jacmel
HT9140

Téléphone

+50934318228

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque SECOM publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message Ă  SECOM:

Raccourcis

Partager