05/10/2023
Mwen salye Chak grenn Ayisyen Ki Ayiti oubyen nan lòt peyi. Mwen santi Kesyon Kanal la motive nou E sa fèm kontan anpil.
Nou soufri anpil anba Sendomeng men jounen jodia Mwen Santi nou sou wout Pou nou jwenn soulajman.
Mwen vle motive nou plis toujou pou nou avanse ak Kanal la epi kòmanse réfléchi sou fason nou pral bay Agrikilti a jarèt
Me kèk nan Gwo Mal yo fè nou:
1- fwi, legim,ak viv Sendomeng vann nou yo soti nan Yon Agrikilti yo rele Entansif, nan Agrikilti sa a yo mete anpil pwodwi sentetik nan tè a jis Pou plant yo devlope plis E lè nou manje pwodwi sa yo li fè efè negatif sou sante nou,anpil maladi nou jwenn jodia nan peyi a soti nan sa n'ap manje.
Nan poul y'ap voye vann nou yo, gen Yon pwoteyin yo bay poul yo ke òganis poul yo pa jwenn ase tan pou Asimile li e lè nou achte l,nou manje vyann sa a se kò nou ki peye sa.
Nou pa pwoteje andan peyi a paske chak pwodwi k'ap antre andan peyi a ta dwe pase nan Yon laboratwa avan pou pwodwi sa a ta gen aksè antre nan peyi a.
Vyann kochon anvayi peyi a pandan vyann sa yo pa gen etid ki fèt sou yo, vyann yo Ka kontamine nou E yo Ka koze gwo enpak negatif sou Elvaj pa nou nan peyi a.
Mezanmi gen maladi ki atake bèt yo ki se maladi Zowonoz, sa vle di maladi bèt yo genyen e ki ka atake lòm lè nou manje vyann yo.
Mwen fè ti rale sa a Poum Motive nou plis se pa nan dosye Kanal la sèlman men se gade kijan nou pwal envesiti E se gade wòl leta nan kesyon enspeksyon pwodwi k'ap soti nan lòt peyi yo.