09/06/2026
🌞 Vakans yo pa sèlman pou pran plezi, se yon bon moman tou pou aprann yon bagay ki ka sèvi w pou tout lavi.
Se ak anpil kè kontan Touris Lokal ap lanse 2ᵉ edisyon Kou Dete 2026 yo, apre bèl siksè premye edisyon an. Pandan yon mwa, n ap bay jèn yo opòtinite pou aprann metye pratik, devlope talan yo epi prepare yo pou pi bon opòtinite demen.
27 Jiyè rive 27 Dawout 2026
📍 Lycée Jacques Roumain
Kit ou renmen kreye, dekore, fè videyo, fè pwodwi chimik, oswa aprann yon lòt metye, gen yon plas pou ou.
💙 Pa kite vakans sa a pase san w pa fè yon bagay ki ka chanje avni w. Vin fè pati fanmi Touris Lokal la, rankontre nouvo moun, aprann, grandi epi reve pi gwo.
Plas yo limite, enskri depi kounye a! 🔥
🇭🇹✨