02/06/2026
🏆 NÒT ESPESYAL POU EKIP CHANPYON YO 🏆
Nan kad chanpyona entèskolè VIMOSSHA ak FOGGA, epi nan lide pou ankouraje jenès la atravè espò ak edikasyon, VIMOSSHA Tech Academy deside ofri yon opòtinite espesyal pou ekip chanpyon yo.
🔹 Ekip CESEV, chanpyon chanpyona entèskolè VIMOSSHA a,
🔹 Ekip SILOE, chanpyon chanpyona entèskolè FOGGA a,
ap benefisye yon aksè gratis pou patisipe nan kou enfòmatik VIMOSSHA Tech Academy a.
Desizyon sa a se yon fason pou felisite nou pou bèl pèfòmans nou, disiplin nou ak detèminasyon nou pandan chanpyona yo, pandan n ap ankouraje nou kontinye mete edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl nan chemen avni nou.
Nou fyè de nou e nou swete nou anpil siksè nan tout sa n ap antreprann. 👏💻⚽