12/07/2026
Yè gen yon dyaspora ki relem, se yon zanmi, nou abitye pale, li dim li prè pou li kontribye ekonomikman nan zafè pwòpte komin nan, jis dil sam bezwen pou staf mwen epi lap aji.
Mwen mret kwè pwòpte komin nan depann pwemyèman de Lameri, pa gen yon komin kap kap ka rete pwòp san kel pa gen yon sit de dechaj, sepa yon sit sèlman pou jete fatra non men yon sit kote nou ka transfòme fatra yo sitou plastik yo kipi danje, yo ka fè chèz tab valiz ak anpil lòt pwodwi ankò ke nap ka vann pou banou lajan, konsa gravin ap sispann yon mal oblije, konsa na va pwoteje pwason yo ki fè pati de ekosystèm nan .
Meri a ap bezwen tou pou mobilize fon pal ak mobilize dyaspora a epi sitwayen konsekan ki nan komin nan pou jwenn kòb pou ht materyèl tankou kamyon baskil ak machin ki fèt spesyalman pou ranmase fatra, konsa moun yo ap kolekte fatra yo lakay yo epi meri a ap pase pran yo.
Pwòpte yon komin paka depann de yon baz oubyen yon gwoup sitwayen ke dyaspora pral finansye, chak sitwayen konsyan dwe patisipe nan devlopman komin yo, gen sa ki ap travay pou leta ak lameri e gen sa ki dwe volontè tankoum.
Kenbe katye nou pwòp, kolabore ak lameri san ke meri a pa bezwen gen yon moun paw ki majistra.
Pwemye bagay nou bezwen antan ke sitwayen pou nou patisipe nan kenbe komin nou pwòp se volonte ak konsyans, volonte kap fè nou pa bezwen sponsò pou nou kenbe yon bale nan katye nou tankoum, kenbe yon pèl yon wou ak yon bourèt.
Konsyans pou nou sispann jete fatra nan kanal yo, lè nap manje yon kann nan lari pou nou konnen ke nou pa dwe jete po yo nan lari a, lè nou bwè yon koka oubyen lè nou kwit tipanik pou nou pa jete sachè yo nenpòt kote...
Pwòpte se leta dabò, dwe gen bonjan règ bonjan lwa kipou pwoteje travay sila, si moun nan konnen lap jete fatra nan lari a ekel pral nan prizon lap reflechi mil fwa
Si moun nan konnen lè li lage kabrit nan lari a lap pèdi kabrit la lap reflechi mil fwa anvan li lagel.
Mwen panse avèk konsyans nou ka rive tout peyi a jan mwen transfòme espas sa avèk 100% konsyans mwen.