16/08/2026
Yon ti jès ka fè yon gran diferans🎒📚
Nan kad Kanpay Kit Eskolè CLE ap fè nan tout peyi a, Rezo CLE nan Depatman Latibonit la pa rete diferan nan kole zepòl sa pou ede timoun yo retounen lekòl. Nou envite w mete men avè n pou ede timoun yo kòmanse ane lekòl la ak plis diyite, espwa ak motivasyon.
Nenpòt ti jès ou fè ka fè yon gran diferans.
Yon kit eskolè ou bay, yon kontribisyon ou fè, oswa menm yon moun ou ankouraje pou patisipe, kapab chanje lavi yon timoun epi pèmèt li antre lekòl pi byen prepare.
Ann mete men ansanm.
Ann fè yon ti jès jodi a pou kreye yon gran diferans pou demen.
Patisipe ak nou nan kanpay la.
.
🇭🇹
https://ee.kobotoolbox.org/single/Kz0XccxQ