05/10/2025
Komin Desalin,se yon komin ki toujou bay anpil moun konpetan,jodya nap asiste ak yon jenès dinamik ki chwazi konesans ak lasyans kòm bousòl .
Alcide Abdias ki se yon jèn Desalinyen espesyalman ki sòti 4ème seksyon kominal , Youn nan seksyon ki gen anpil richès natirèl ki pa eksplwate, jodya konnen yon gwo etap nan pakou akademik li , an menm tan se yon gwo espwa pou komin Desalin kap frape pa yon degradasyon anviwònmantal san parèy depi kèk lane .
Abdias Alcide jèn etidyan lisansye nan Agwonomi , jwenn yon bous etid pou ale fè yon metriz nan Inivèsite Senghor Alexandre nan Peyi Egypte ki sinome ( Sous konesans limanite).
Etid sa (Master ) , se sou " Anviwònman, Espesyalite : Gestion des Aires Protégés et de la Biodiversité. Promotion (2025 - 2027 ) .
Antanke manm Palman Jenès Desalin, se yon fyète pou ekip la pou etap enpòtan sa nan pakou akademik Alcide Abdias ki pou Premye fwa antanke premye jèn nan site enperyal la ki rantre nan tè Egypte pou al apwofondi konesans li nan domèn anviwònman , se yon viktwa ,yon egzanp pou lajenès Desalin, se yon viktwa pou Komin Desalin espesyalman 4ème seksyon ki gen anpil defi anviwònmantal , se yon koumansman nan rezolisyon pwoblematik komin Desalin ap sibi sou plan anviwònmantal.
Palman Jenès Desalin pa ògan tout lòt regwoupman ki nan KONBIT JÈN DESALIN swetew siksè epi ap tann ou pou gran batay la .
Desalin Sou Tanbou
Abudia Alcide

Jean-Gétro Augustin
Ing Rolguens Jeune
Durolguens Saint-eloi
jèn Desalin