Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence

Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence Promotion du Leadership en Haiti

Le centre Haitien du leadership et de L’Excellence est un unique centre de développement du leadership, qui utilise la recherche, des programmes d’éducation et le réseautage comme moyens de renforcement des capacités des leaders haïtiens exemplaires afin de promouvoir le changement mené par les citoyens en Haïti. CLE a été fondé en 2011 par un groupe de leaders Haïtiens du secteur politique, du se

cteur privé et de la société civile, pour promouvoir le leadership collaboratif, civique et percutant à travers les secteurs et instaurer une Haïti autosuffisante et prospère.

Nou kontan kòmanse yon nouvo patenarya ak Relève Leadership! 🤝🏾Patenarya sa ap pèmèt nou mete tèt ansanm pou reyalize pl...
26/08/2026

Nou kontan kòmanse yon nouvo patenarya ak Relève Leadership! 🤝🏾

Patenarya sa ap pèmèt nou mete tèt ansanm pou reyalize plizyè aktivite, pataje eksperyans ak ekspètiz, fè sikile opòtinite nan rezo nou yo, epi aprann youn nan men lòt atravè pataj konesans, rechèch ak bon pratik.

Nou kwè lè nou mete fòs, eksperyans ak resous nou ansanm, nou ka kreye plis opòtinite pou jèn yo devlope lidèchip yo, pran plas yo kòm sitwayen epi angaje yo nan kominote yo.

Ansanm, nou ka fè pi gwo enpak ✨.

25/08/2026

Yon mesaj pou jèn yo.
Yon mesaj pou nou tout.

Nan okazyon selebrasyon Jounen Entènasyonal Jèn yo, Marc Alain Boucicault te pran la pawòl pou l pataje ak jèn yo kèk refleksyon sou vizyon, aksyon ak plas yo nan konstriksyon yon pi bon avni pou peyi nou.

Tout videyo a disponib sou YouTube ak Spotify.

Gade l, tande l epi pataje l ak yon lòt jèn ki bezwen tande l.

Lyen Youtube : https://youtu.be/FWjoG2G3zpU
Lyen Spotify : https://open.spotify.com/episode/4uibZ1Id2dxJO0d4fAcz2v?si=0sX56ykgSeuJ-BdTY2kohQ

Lè divès vwa rankontre, se nouvo lide ki pran nesans, se nouvo koneksyon ki kreye.11 dawout 2026 la, CLE ak Banj te re...
20/08/2026

Lè divès vwa rankontre, se nouvo lide ki pran nesans, se nouvo koneksyon ki kreye.

11 dawout 2026 la, CLE ak Banj te reyini ak divès asosyasyon ak òganizasyon ki soti nan diferan sektè pou selebre Jounen Entènasyonal Jèn yo, mete lide an komen epi reflechi sou sa nou kapab konstwi ansanm.

Yon jounen ki montre nou sa ki posib lè diferan aktè deside mete tèt yo ansanm pou yon menm vizyon.
̀n

Ou konn li atik sou Blog CLE a? 👀 https://clehaiti.org/blog/ 👀Dèyè chak atik ou li sou Blog la, gen moun k ap travay p...
18/08/2026

Ou konn li atik sou Blog CLE a?
👀 https://clehaiti.org/blog/ 👀

Dèyè chak atik ou li sou Blog la, gen moun k ap travay pou lide yo jwenn bon jan plas yo, pou mesaj yo ak konesans yo rive pataje, pou travay la rive pi lwen!

Jodi a, nou kontan prezante w Leonaldo CHERY, yonn nan redaktè ki ede Blog CLE a rete an vi chak mwa. Depi plis pase 2 mwa, l ap mete tan, konesans ak kreyativite li nan sèvis Blog la, ak anpil devouman ak pasyon.

Se gras ak kontribisyon sa yo chak piblikasyon ka rive jwenn ou nan pi bon fason.

Paske Blog CLE, se pa sèlman atik ou li yo.

Se redaktè yo. Se lide. Se angajman.

Ou konn li atik sou Blog CLE a? 👀 https://clehaiti.org/blog/ 👀Jodi a, nou kontan prezante w John Dewey Michano FONTICHE,...
18/08/2026

Ou konn li atik sou Blog CLE a?
👀 https://clehaiti.org/blog/ 👀

Jodi a, nou kontan prezante w John Dewey Michano FONTICHE, yonn nan redaktè ki ede Blog CLE a rete an vi chak mwa. Li gen pasyon pou tout kesyon ki konsène moun ak sosyete. Se kiryozite sa ak lanmou pou ekriti ki pouse l angaje li nan ekip la.

Dèyè chak atik ou li sou Blog la, gen moun k ap travay pou lide yo jwenn bon jan plas yo, pou mesaj yo ak konesans yo rive pataje, pou travay la rive pi lwen!

Se gras ak kontribisyon sa yo chak piblikasyon ka rive jwenn ou nan pi bon fason.

Paske, Blog CLE, se pa sèlman atik ou li yo.

Se redaktè yo. Se lide. Se angajman.

Ou konn li atik sou Blog CLE a? 👀 https://clehaiti.org/blog/ 👀Dèyè chak atik ou li sou Blog la, gen moun k ap travay pou...
18/08/2026

Ou konn li atik sou Blog CLE a?
👀 https://clehaiti.org/blog/ 👀

Dèyè chak atik ou li sou Blog la, gen moun k ap travay pou lide yo jwenn bon jan plas yo, pou mesaj yo ak konesans yo rive pataje, pou travay la rive pi lwen!

Jodi a, nou kontan prezante w Hans Karlency JULES, yonn nan redaktè ki ede Blog CLE a rete an vi chak mwa. Li deja ekri 2 atik nan ribrik "Kout Plim". Nou envite ou al li yo si ou pa t ko fè sa.

Se gras ak kontribisyon sa yo chak piblikasyon ka rive jwenn ou nan pi bon fason.

Paske Blog CLE, se pa sèlman atik ou li yo.

Se redaktè yo. Se lide. Se angajman.

18/08/2026

Sa w panse sou mit sa ? Oumenm tou ou te kwè ladan l ?

An n pale.

17/08/2026

Selebrasyon Jounen Entènasyonal Jèn yo 11 Dawout 2026, yon jounen ki te plen koulè, chaje ak echanj, aprantisaj ak bèl koneksyon.

CLE ak Banj te kontan rasanble anviwon 30 asosyasyon, òganizasyon ak aktè k ap travay ak jèn, pou pataje eksperyans sila 🤝🏾.

Si w te patisipe ak nou, ki moman ou te pi renmen nan jounen sa ? Pataje l ak nou nan kòmantè yo👇🏾.

11 Dawout 2026, yon jounen kote jèn yo te reyini pou selebre, pataje, konekte epi reflechi ansanm. ✨✨✨Nan kad Jounen En...
17/08/2026

11 Dawout 2026, yon jounen kote jèn yo te reyini pou selebre, pataje, konekte epi reflechi ansanm. ✨✨✨

Nan kad Jounen Entènasyonal Jèn yo, CLE ak Banj te kreye yon espas kote jèn yo ak òganizasyon k ap travay pou jèn yo te ka pran plas yo, pataje pèspektiv yo epi dekouvri youn lòt. Se te yon bèl okazyon pou pataje eksperyans, aprann youn nan men lòt epi sitou, kreye nouvo koneksyon.

Nou swete koneksyon sa yo kontinye grandi, louvri pòt pou nouvo inisyativ epi bay plis plas pou kolaborasyon. Paske lè nou konekte, nou kreye plis posiblite pou aksyon kolektif. 🤝🏾✨

Gen bagay nou tande tèlman souvan, nou pa menm pran tan pou kesyone yo. Èske mit sa se youn ladan yo?Vin di nou sa w pan...
17/08/2026

Gen bagay nou tande tèlman souvan, nou pa menm pran tan pou kesyone yo.
Èske mit sa se youn ladan yo?

Vin di nou sa w panse sou li nan kòmantè yo. 👇🏾

Adresse

Domaine Des Acajous, Allée Des Acajous, Par La Rue Pomeyrac Et Delmas 95
Delmas
HT6121

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 16:30
Mardi 08:00 - 16:30
Mercredi 08:00 - 16:30
Jeudi 08:00 - 16:30
Vendredi 08:00 - 16:30

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Centre Haïtien du Leadership et de L’Excellence:

Raccourcis

Partager