AYITI AN KREYÒL

AYITI AN KREYÒL 1-Pwomosyon lang kreyòl la.
2-Travay nan domèn edikasyon.
3-Akonpaye Peyizan nan agrilkilti.
4-Lwazi ak espò pou tout Ayisyen.

AAK angaje l nan travay pou Amelyore lavi nan kominote yo nan domèn edikasyon, espò, lwazi ak agrikilti.

08/24/2026

Bonswa tout moun!
Kijan nou ye? Kijan preparasyon yo ap mache pou ouvèti ane eskolè a? Mwen swete tout bagay ap dewoule byen. Ann kontinye travay ansanm pou nou prepare yon bèl ane akademik, avèk anpil siksè pou timoun yo. 📚

AYITI AN KREYÒL 👏🏾👏🏾👏🏾

*Mesaj envitasyon* 🔴23 jiyè 2026 ap raple nou 39 lane depi plis pase 189 peyizan te pèdi lavi yo sou zak voylans militè ...
07/21/2026

*Mesaj envitasyon* 🔴

23 jiyè 2026 ap raple nou 39 lane depi plis pase 189 peyizan te pèdi lavi yo sou zak voylans militè ak zanm ak grandon nan zòn Jan Rabèl.

Depi plizyè dizèn ane, zak sa yo pa janm sispann repete nan sosyete a. Nou kapab pran kèk egzanp tankou: Masak Lasalin 13 ak 14 Novanm 2018, masak sou moun Warf Jeremi Desanm 2024, masak sou moun Kenskòf 04 ak 09 Jiyè 2026, masak nan zòn Ti rivyè Latibonit 29 Mas 2026 pou site sa yo sèlman. Kidonk reflechi sou evènman sa yo se pa sèlman sonje viktim yo, se chèche konprann rasin vyolans lan, konsekans li sou sosyete a, ak ki kalite avni nou vle bati.

Konsidere enpòtans dat saa nan paj listwa nou, Sèk Aleksi-Woumen envite w nan yon Atelye diskisyon ki ap fèt nan dat 24 Jiyè 2026 nan lè 2è pou 5 è, nan lokal fakilte etnoloji. Nou envite chak kamarad fè kout je sou premye moso nan tèks Janil Lwijis, Masak Jan Rabèl. Defi ak pari paj 13 pou rive nan paj 27.

Nou konte sou prezans ou!

07/04/2026

👏🏾👏🏾👏🏾✅️✅️

Bay rezilta match la ak non jwè k ap fè gòl yo epi vin bwote minit...
06/19/2026

Bay rezilta match la ak non jwè k ap fè gòl yo epi vin bwote minit...

Bonswa fanmi AAK!Kouman nou ye?Tanpri ede fanmi l jwenn li, li kite kay li li pa janm retounen ni li pa bay okenn siy de...
06/07/2026

Bonswa fanmi AAK!
Kouman nou ye?

Tanpri ede fanmi l jwenn li, li kite kay li li pa janm retounen ni li pa bay okenn siy de vi. Si nou gen nenpòt enfòmasyon sou li, tanpri kontakte nimewo ki nan flayè a oswa kòmante piblikasyon sa a. Mèsi paske nou pataje mesaj sa nan plizyè gwoup pou plis moun ka wè l...

05/25/2026

Mèsi ak tout moun ki te patisipe nan konkou dikte kreyòl la.
Nou kontan wè jan nou renmen epi sipòte lang kreyòl la.
Felisitasyon ak tout patisipan yo!

1- Sommervil Kendy (7:54, 0 fot)
2- Lorsen Lorenzo (8:06, 0 fot)
3- Dona Le Calin (1 fot)
4- Carla Micheldine Casimir (3 fot)
5- Mathurin Geralda (3 fot)
6- Garry Junior Milfort (3 fot)
7- Jesso (Tèks Manke)
8- Davidson Pierre (Mesaj efase)
9- Idnel Optimist (Mesaj efemè)
10- Chrismann (Lè ekspire)
11- Charles Rugens (Lè ekspire)
12- Pierre Rachelle (Lè ekspire)

05/22/2026

Kijan nou ye?
Rezilta dikte a ap lage Dimanch 24 Me.

Address

Delmas 40B #10
Medford, MA
HT6120

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when AYITI AN KREYÒL posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to AYITI AN KREYÒL:

Shortcuts

Share