30/06/2026
Se yon plezi pou m salye nou. Jodi a, m ap pataje avèk nou yon nouvo ansèyman ki enpòtan anpil, sou yon sijè anpil moun ap pale de li. M ap pataje konpreyansyon mwen sou kestyon sa a.
💢Tèm: Papa espirityèl (Père spirituel)
Pati 1
*Ki kote ekspresyon "papa espirityèl" la soti?*
Ekspresyon "papa espirityèl" la soti nan lide ki te devlope nan premye syèk ak premye tan Legliz la. Nan lang grèk, pater vle di papa, tandiske pneumatikos vle di espirityèl.
Se poutèt sa yo te itilize ekspresyon sa a pou pale de yon moun ki gide yon lòt moun nan lafwa.
Nan 2zyèm ak 3zyèm syèk apre Jezi Kris, moun ki t ap prepare nouvo konvèti yo pou batèm oswa ki t ap fòme yo nan lafwa te souvan konsidere kòm yon kalite papa espirityèl, paske yo te pran swen kwasans espirityèl yo.
Nan kontèks ayisyen an, konsèp sa a te vin enfliyanse tou pa tradisyon legliz katolik ki te antre nan peyi a pandan peryòd kolonyal la.
Èske nan Vodou genyen papa espirityèl?
Wi. Nan tradisyon Vodou a, oungan (prèt) oswa manbo (prètrès) jwe yon wòl gid espirityèl pou moun y ap inisye yo. Yo responsab pou fòme yo, gide yo, epi transmèt yo konesans ak pratik relijyon an.
Relasyon sa a baze sou respè, konfyans ak transmisyon konesans. M ap presize mwen pa pratike Vodou, kidonk mwen pa pretann konnen tout detay sou tradisyon sa a.
👉Èske lide yon gid espirityèl biblik?
Wi. Bib la montre plizyè egzanp kote Bondye sèvi ak moun pou gide lòt moun nan lafwa.
Pa egzanp, Moyiz te sèvi kòm gid espirityèl pèp Izrayèl la pandan yo tap sòti kite peyi Lejip Egzòd 13–14.
Li enpòtan pou nou remake Bib la montre tou kèk moun ki te vin pyonye nan diferan domèn e yo konsidere kom papa
1.Jabal te papa moun ki rete anba tant ak elve bèt (Jenèz 4:20).
2.Jubal te papa moun ki jwe gita ak flit, sa vle di pyonye nan mizik enstrimantal (Jenèz 4:21).
3.Tubal-Kayin te pyonye nan travay kwiv ak fè (Jenèz 4:22).
Konsènan Abraram, yo rele l papa tout moun ki kwè (Women 4:11-12,16), paske Bondye te fè l tounen modèl lafwa. Se poutèt sa, lè nou pale de "papa" nan Bib la, pafwa mo a pa vle di sèlman papa biyolojik, men li vle di tou yon moun ki vin papa, pyonye, modèl oswa gid nan yon domèn.
👉Konklizyon
An rezime, ekspresyon "papa espirityèl" pa t parèt dirèkteman kòm yon tit nan Bib la, men lide yon moun ki fòme, gide, ankouraje ak akonpaye yon lòt nan lafwa prezan nan Ekriti yo. Menm jan an tou, nan diferan kilti ak relijyon, nou jwenn figi ki jwe wòl gid espirityèl.
Sepandan, pou kretyen an, tout fòm gidans espirityèl dwe toujou soumèt anba otorite Jezi Kris ak Pawòl Bondye a. Yon gid espirityèl pa ranplase Kris, li pa pran plas Sentespri a, men li ede moun grandi nan lafwa epi mache nan volonte Bondye.
Minis Dieudy
https://whatsapp.com/channel/0029VaNNaQ142Dccjm7gUV2g
Ministre Dieudinor Saint Louis 40 74 5400 MIRACLE DE LA FÉCONDITÉ @à la une