30/08/2026
7 èm edisyon ÉTÉ DES ARTISANS nou fèmen yon bèl CHAPIT.
Yè, nan lakou Lekòl Saint François d’Assise, nou te klotire 7 èm edisyon Été des Artisans lan.
Se pa ti aprantisaj ki te fèt!
Se te yon espas kote timoun yo te aprann, imajine, kreye, eksperimante epi bay lavi ak pwòp lide yo. Kreyasyon, inovasyon, atizana ak patrimwàn te jwenn yon bèl plas pandan tout pwogram nan.
Chak zèv nou wè jodi a se plis pase yon travay atistik : se yon tras aprantisaj, yon grenn talan k ap grandi, yon rèv k ap pran fòm.
Mèsi TNH pou prezans ak akonpayman nou.