Ayiti Info+

Ayiti Info+ Media en ligne et espace publicitaire.

06/11/2024

Kòman vil okay leve maten an souple ? Moun kavayon yo , kouman nou ye ? Èske Aken toujou anba dlo ?

05/11/2024

Mpran pitié pou yon pakèt nèg ka ba Balthazar ballon d’or . Eseye tcheke pou konnen si kote madanm ou ap travay la pa gen yon Balthazar ou X ki gen video madanm ou tou 😳😳😳

02/11/2024

Sa vle di pou Moun gran sid paka pwofite de moman sa a kote yo koupe Ak rès peyi a pou yo deklare endepandans prèskil gran sid la ?

Sa vle di pou Moun grandi aksepte ap mouri pou pwodwi enpòte ki paka rive travèse pandan senlwi gen yon pò entènasyonal se bèt kap kaka souli ?

Kote fo revolisyonè ki toujou ap jwe wòl dan devan nan tout manifestasyon yo ?
Kote ansyen palmantè ki te konn ap pwone desantralizasyon Ak dekonsantrasyon yo , sa vle di nou pa wè se yon opòtinite la nati bannou pou libere rès peyi de poubèl ki rele pòtoprens lan ?

Kote istoryen bò katedral ki toujou ap jape nan radyo yo , pou kisa nou pa ede pèp la wè klè poul refè istwa kore di sid Ak Taïwan te fè ki fè Jodia yo rive devlope zòn pa yo a ?
Kote Ayisyen ki konsekan gran sid la pwodwi yo , yo tout kouri kite peyi a oubyen zafè mas la toujou pa gade yo ?
Kote desandan kako Ak pikè yo , sa nou itil peyi a ?
Nou vle kontinye pale de 1804 oubyen nou vle ekri pwòp paj istwa pa nou ?
Kisa nou fout vle menm ?
Lahens reskape lanfè

Mwen koukouman poum voye lizay bay chak zanmi, fanmi Ak alye ki te makòmen enèji pozitif yo avèm yè poum te limen chandè...
18/09/2024

Mwen koukouman poum voye lizay bay chak zanmi, fanmi Ak alye ki te makòmen enèji pozitif yo avèm yè poum te limen chandèl dat nesans Tchyovim yo . Lanati pran nòt de tout bèl mesaj nou te voye pou yo . E yo di nou mèsi .
Se pou chalè paraklè a kontinye chofe nou , se pou limyè san fen an gide wout nou .
Ewa !!!

Burger week en solo. Selinatè a pa fin twò bon pou Mwen non .
15/09/2024

Burger week en solo. Selinatè a pa fin twò bon pou Mwen non .

08/09/2024

Pa janm bliye , Moun sa yo pa renmen nou vre .

Vin enjoy nan parc Ste Thérèse petion ville  . Violette  Ac vs Jérémie.
01/09/2024

Vin enjoy nan parc Ste Thérèse petion ville . Violette Ac vs Jérémie.

30/08/2024

Yon mango 🥭 pa gen rasin kenèp.
Yon papay pa gen rasin kokoye.
Yon sitwon pa gen rasin seriz.
Yon Ayisyen pap janm gen mantalite yon lòt nasyon!
Ann rete soude ak rasin pa nou an , ak kilti pa nou an poun vanse sou wout chanjman nou espere a .
Ayibobo !
Bilolo !

20/08/2024

Malgre anpil difikilte, RÉAL HOPE ACADEMY FC Ak WANAMENTHE FOOT BALL CLUB rive kite peyi a pou al patisipe nan tounwa football ke yo ta dwe al patisipe yo . Map raple nou ke América foot ball club des Cayes te dwe deplase tou , men problèm lajan te anpechel deplase .

Kisam vle siyale ?

Mwen vle montre Moun nan sid ke anpil nan yo se yon banm parya , yon bann Moun san vizyon, yon bann biznissman SALÒP, em vle montre tou pwoblèm marketing ki genyen nan staff America des Cayes la .
Ekip ki soti nan gran nò yo nan menm sitiyasyon ekonomik Ak america , men Moun lakay yo pa kite Moun wè anba yo . Yo degaje yo , yo kole zèpòl e yo rive jwenn lajan ki pèmèt tou 2 ekip yo vwayaje .

Malpouwont kap prépare pou eleksyon yo, nou te ka pwofite moman sa a poun montre ke nou gen plan pou ede jèn yo vanse, sa tap fasilite eleksyon nou olye se nan kraze sant vòt Ak distribiye zam ki pou ban nou eleksyon

Revandè pwovizyon alimantè ak materyo konstrikayon, mèt hôtel yo, moun kap boukannen rasin vetivè yo , elatriye , tout te ka mete men pou fè America pa rate okazyon an .
Jenès la dwe pran nòt e louvri Jel poul wè ansyen rat dokale sa yo pap mennen Sid la okenn kote ki bon .

Sèl yon koud a koud ant jèn yo kap ka sove jenès !

16/08/2024

Mta renmen konnen ki santiman ki travèse yon Moun okay lèl wè machin EDH ap sikile nan vil la ? Èske gen yon direktè EDH Okay ? Si wi, ki kisal fè kòm travay ?

03/08/2024

🔰⭕️L’origine du logo BLUETOOTH…🪶
Le logo Bluetooth a une origine intéressante qui allie histoire et symbologie nordique.

Le nom "Bluetooth" vient en fait de « Harald Bluetooth », un roi viking danois (Danois veut dire habitants du Danemark) du 10ème siècle. Le nom a été choisi car le Bluetooth vise à unir différents appareils de la même manière que le roi Harald a unifié les tribus danoises.

Quant au symbole du Bluetooth, il est une combinaison des runes « Hagall (*) » et « Bjarkan (B) », les initiales de Harald Bluetooth en vieux norrois.
La combinaison de ces runes forme le symbole que nous connaissons aujourd'hui comme le logo Bluetooth.

NB: Une rune est une lettre d'un alphabet utilisé par les peuples germaniques et scandinaves anciens avant l'adoption de l'alphabet latin.

Le choix du nom et du symbole représente la capacité de la technologie Bluetooth à rassembler et connecter des appareils, comme le roi Harald a unifié différentes régions.

Les Vikings étaient originaires de Scandinavie au nord de l’Europe, une région composée de pays comme la Suède, la Norvège et le Danemark. Ils étaient connus pour leurs expéditions maritimes, leur culture guerrière et leur expansion territoriale à travers l'Europe et au-delà pendant l'ère viking, entre le VIIIe et le XIe siècle.

Adresse

Rue Crepsap
Delmas
PJL1990

Téléphone

+50937349319

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Ayiti Info+ publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Ayiti Info+:

Partager