08/03/2026
Nan okazyon 8 Mas – Jounen Entènasyonal Dwa Fanm,
Bees'Art pran yon ti moman pou salye, onore ak mete an valè tout medam ki ap pote kontribisyon yo nan lavi sosyal, kiltirèl ak atistik la.
Videyo sa a se yon ti jès rekonesans pou montre enpòtans prezans fanm yo nan kominote nou an, nan òganizasyon an, ak nan sosyete a an jeneral.
Nou di mèsi ak respè pou kouraj nou, angajman nou ak talan nou.
Se ansanm nou kapab kontinye konstwi yon sosyete ki gen plis egalite, plis respè ak plis opòtinite pou tout moun.
Bòn Jounen Entènasyonal Dwa Fanm a tout medam! 🌸
Bees'Art
Pou edikasyon, kilti ak solidarite.