07/10/2026
Samdi 3 oktòb 2026 la, ALODelmas te òganize seremoni entegrasyon nouvo manm li yo nan yon anbyans ki chaje ak angajman, pataj ak motivasyon.
Aktivite sa a te fèt nan kad objektif nou pou entegre, fòme ak akonpaye yon nouvo jenerasyon lidè, ki kapab angaje yo, pran responsablite yo epi patisipe aktivman nan lavi peyi yo ak nan devlopman kominote yo.
Nou kontan akeyi nouvo manm sa yo nan fanmi ALODelmas.
Nou kwè chak jèn gen yon wòl pou li jwe nan konstriksyon yon sosyete ki pi angaje, pi responsab e pi solid.
Byenveni nan fanmi ALODelmas! Ansanm, ann bati yon jenerasyon ki angaje, responsab e pare pou sèvi kominote li.