08/07/2026
FROJEDEP ap lanse pou vakans lan 1e edisyon EKSPO-JÈN ki gen pou tèm: "Jenès, kwèt nan tèt ou" Yon aktivite ki vize mete an valè talan jèn yo nan zafè dans, chan, pwezi, teyat, elatriye.
Nan okazyon an nap lanse yon gwo konkou jeni nan lide pou evalye kapasite entèlektyèl jèn yo epi ankouraje yo kontinye fè plis jefò, kraz bèt yo pou yon pi bon avni.
Aktivite sa ap fèt nan lokal COINS VERT DES CHRÉTIENS ki nan Santo 3 prolonje dimanch kap 09, 16, 23 ak 30 dawout 2026 la.
FROJEDEP ap envite chak grenn moun, manm AK sponsò ki vle sipòte aktivite a pou yo fè sa avan 9 dawout dat lansman an.
Envesti nan lajenes, se pi bon mwayen pou Ayiti chanje.
Ann pote kole!