17/09/2025
Te gen yon nonm ki te rich anpil. Li te ka chwazi lekòl ki pi chè pou pitit li, mete pi bèl rad sou li chak jou, e li te toujou antoure ak moun ki t’ap chèche favè. Men chak swa li tounen lakay li ak yon kè vid.
Li te eseye achte respè, men tout sa li resevwa se te flateri. Li te eseye achte lanmou, men sa li te jwenn se te trayi. Lè li malad, li te gen tout medsen, men li te toujou pa jwenn gerizon. Lè lanmò frape pòt li, tout lajan li pa t ka achte yon sèl minit anplis.
Rive Yon dènye moman li sonje yo konn pale de Jezi ki ka fè tout bagay, li di bonm eseye.
Depi lè li rankontre kris tout bagay te vin chanje.
Leson an
Lajan se yon bon sèvitè, men li se yon move mèt. Li ka sèvi w pou amelyore lavi w, men li pa ka ranplase sa ki esansyèl: konnesans, lanmou, respè, diyite, ak lavi etènèl.
Bib la di: Kisa sa itil yon moun si li ta genyen tout sa ki nan lemonn, men li ta pèdi nanm li? Matye 16:26