08/09/2025
"Nou pa eritye Tè a nan men zansèt nou, men pito nou prete l nan men pitit nou yo."
Sa a plis pase yon bèl fraz. Se yon prensip ekonomik ak ekolojik ki vre. Lè yon sosyete itilize resous natirèl li yo (forè, tè fètil, dlo) san yo pa renouvle yo, li vòlè kapital pitit li yo/Jenerasyon ki gen pou vini. Ayiti se yon egzanp ki montre sa klèman.
1. Ekonomi: Dèt Anviwònman
Tè a se tankou yon kont labank. Resous natirèl yo se kapital la. Sèvis ekosistèmik yo (manje ki pouse, forè ki bay lapli...bwa...medikaman...elatrye, dlo ki pwòp) se enterè kapital la bay. Yon sosyete ki dirab dwe sèlman viv sou enterè sa yo, pou li ka prezève kapital la pou jenerasyon k'ap vini yo. Okontrè, Ayiti tap depense kapital la direkteman. Ayiti pèdi dè milyon de dola chak ane akòz degradasyon tè a, polisyon dlo, diminisyon biyodivèsite, pètibasyon ekosistèm, bassin vèsan yo.... Ofinal, se nou menm, pitit yo ki ap peye fakti e si n' pa chanje fason n'ap aji, se pitit pa nou yo ki pral peye po kase a.
2. Ekoloji: Konsekans ki irevèsib
Gen kèk bagay, lè yo pedi, yo pedi pou tout tan. Pou apiye ipotèz sa, selon etid syantifik ki fèt yon santimèt (1 cm) tè fètil ka pran 1,000 ane pou fòme. Men, ewosyon ka efase l nan yon sèl sezon lapli. Paralèlman, lè yon plant oswa yon bèt mouri, li pa tounen. Nou riske pou n kite pitit nou yon tè vid, pov ki pa ka reziste chanjman klimatik.
Jounen jodi a, Ayiti gen mwens pase 2% kouvèti forè ki rete, pandan Repiblik Dominikèn gen plis pase 60%. Sa montre yon nivo kritik ki depase. Nou gen pwoblèm sante akòz dlo ak lè ki polye, ensekirite alimantè akòz tè ki pi pòv, ensekirite fizik akòz inondasyon, siklòn/ouragan ak glisman tèren ki pi grav...
Fraz sa a montre a klè 2 reyalite:
1) yon reyalite ekonomik: Nou ap depanse yon kapital ki pa pou nou sèlman.
2) yon reyalite ekolojik: Aksyon nou gen konsekans ki dire lontan.
Se yon kesyon etik: Li enjis pou nou kite yon mond ki pi pòv, ki pi danjere ak mwens chans pou pitit nou yo. Ka nou a pwouve ke se pa yon kesyon filozofik, se yon lwa natirèl. Fason nou jere, eksplwate tè a ka menase lavi ak sivi nou, men pakont pi gwo risk lan se pou pitit nou. Kidonk, byen jere, prezève resous natirèl nou yo se yon nesesite pou siviv ak pou jistis pou tout pitit kap vini yo.