17/05/2026
Jounen samdi 16 me, CDEJ HA-0833 te òganize yon bèl aktivite nan Bibliyotèk Minisipal Manno Chalmay nan lide pou te fè jèn 12-22 yo fè konesans ak espas sila a e pwofite li kèk ouvraj ki te enterese yo.
Se ak anpil lajwa patisipan yo te akeyi demach sa a e yo te patisipe nan plizyè echanj ki te fèt.
Animatè Sant Kiltirèl la,Mesye Steeve Antoine te prezante bay patisipan yo pèsonaj sa a,Emmanuel Charlemagne,ki se te yon sitwayen angaje nan kominote a. 7 patisipan ki nan kategori 19-22 lane k ap evolye nan plizyè domèn(ekriven,enfòmatisyen ak etidyan nan finans ki te benefisye bous ekselans CIV-EDU)ak plizyè lòt ki ap etidye nan inivèsite leta a.
Sijè santral ki te debat se "Jeunesse Chrétienne, entre accompagnement spirituel et orientation professionnelle,quel impact communautaire".
?
Aprè 2 otè fanm patisipan te prezante premye rekèy yo ki gen pou tit "Femmes mille-lieux" te pale sou rezon ki pouse yo ekri, Sis lòt patisipan te debat sou sijè sa a devan kanmarad klas yo,ankadrè ak staff ki te prezan nan bèl konferans yo. Se te moman pou n te raple jèn yo tou nan okazyon fèt drapo nou, pou yo fè sakrifis ki ka rann yo itil komite yo kòm jèn.
Tout moun te satisfè e se te yon jounen beni.
Compassion International
Page Officiel du Cluster Carrefour/Léogâne