29/03/2025
Yon lot fwa anko yon Ayisyen frape fò sou sèn intènasyonal la.
Eske ou te konnen FRANSON DESTIMA?
*Ebyen banm fon ti palew de li?🤔
FRANSON, se yo jèn gason boure Ak talan Ak anpil foug ki fet nan vil OKAP kite konn mache nan legliz Mon berger okap ayisyen,
FRANSON kite ayiti pou imigre repiblik dominikèn nan avril 2010 kote li pase 4 ane nan peyi sa.
Nan sousi poul realize rèv li yo kite youn nan prensipal koz li imigre te pousel ale pou pi devan e nan novanb 2014 li antre Brazili e se la li pwal komanse montre ke li gen yon bagay lap chèche e sela li te arive fè gro inpak sou nan kominote brezilyèn nan Kotel te arive chanpyon nan youn nan pi bèl e pigro konkou chante kise CANTA COMIGO NAN PEYI BRASIL nan ane 2019 e depi lè rout siksè a komanse pou li .
Apre yon ti tan li vin rankontre ISMAILL SAINT HILAIRE yon jèn prodiktè lite konen trèbyen depi ayiti deja e ki se yon lot pitit vil OKAP anko men ki ap viv chili kite chwazi al nan lekol sonorizasyon Ak vidéographie lotbo a anko malgré tout konpetans li te gentan genyen nan domèn lan déjà l, li travay avek anpil group e nan anpil Stidio depi avanl te kite Haiti e anpil nan nou konen trè byen li te baze st philomène.
Ebyen mesye sayo met tet yo ansanm pou boulvèse amerik latin lan Ak yon bout projè kise yon album kap soti 29 mwa sa ki déjà ap fè anpil média Ak atis nan kontinan sa ap pale anpil
Ou menm ki Ayisyen annal sipote yo poun montre etranje ke nou knn valè ki sot lakay nou.
* Infomasyon inpotan*
Nom album lan: VENCEDOR
kanti mizik : 15
label :RESBLACKMUSIC
prodwi pa :SMILESBEAT E JAYVFAMILY
RealiZatè video yo:ISMAILL SAINT HILLAIRE
Aranjman priz de son mixage: ISMAILL SAINT HILLAIRE
mesaj a tout Ayisyen ki pwal sipote nou yo se/ al like tout Paj nou yo Epi al tande e ht album lan sou tout platfom nou knn yo paskel ap deja dispo sou tou platfom yo.
Nou se ayisyen,Se nan inyon nou gen fos an fè valè sa nou gen yen yo ki gen valè
https://open.spotify.com/album/2QWNQUA6X4kxJWMuM62jV9?si=DaaQ32bXR_OK765z