05/06/2026
NÒT DE SENPATI AK KONDOLÈANS
Se avèk yon gwo doulè nan kè nou avèk anpil tristès n ap aprann nouvèl depa pou peyi san chapo Madan Alès Blanc.
Madan Alès pa t jis yon senp manman pou fanmi l, li te yon gwo poto mitan, yon manman de lòd, ak yon modèl entegrite ki make plizyè jenerasyon nan kominote nou an. Poutèt gwo respè li te genyen pou tèt li ak pou lòt moun, tout moun nan zòn Glacis te adopte l kòm pwòp manman yo. Kit se te pitit li, pitit pitit li, osinon senp vwazen, se te yon sèl vwa pou tout moun te rele l "Manman".
Depa li kite yon gwo vid nan mitan nou, men egzanp lavi l, sajès li, ak lanmou li te simen nan kè chak moun nan Glacis ap rete grave nan memwa nou pou tout tan.
Nan sikonstans doulere sa a, Komite Direktè AJPG a, ansanm ak tout manm li yo, ap bese tèt yo byen ba pou salye memwa gwo fanm sa a. Nou voye gwo fòs ak kondolans ki pi sensè bay:
• Tout pitit li yo ak pitit pitit li yo,
• Tout rès fanmi Blanc,
• Epi tout popilasyon Glacis a k ap kriye jodi a pou yon manman tout moun te pataje.
N ap mande Bondye pou l ba nou fòs ak kouraj pou n travèse gwo eprèv sa a, epi pou l resevwa nan wayòm li an nanm Madan Alès Blanc pou yon repo ki pa gen fen.
Glacis pèdi yon gwo manman, men syèl la genyen yon bèl zanj anplis.
"Moun ki viv byen nan lespri respè ak renmen, pa janm mouri tout bon nan kè moun ki renmen yo."
Pace a la su alma (Kè poze pou nanm li).
Fèt Glacis, jodi ki 5 Jyen 2026.
Pou Komite Direktè AJPG a:
Saul LOUIS PDG