10/02/2026
Lentz-Whigensy René se youn nan jèn pwofesyonèl ki fè diferans nan kominote a atravè travay, disiplin ak angajman li.
Ansyen elèv Lycée Pierre Sully D’Aquin, li se diplome an Syans Administratif nan UPSAC, kote li te bati yon baz solid nan jesyon, òganizasyon ak lidèchip.
Li se tou ansyen benefisyè *Compassion International*, yon etap enpòtan nan lavi li ki te ede fòme karaktè li, vizyon li ak sans responsablite sosyal li. Eksperyans sa a pèmèt li rete pwòch reyalite timoun ak jèn ki nan bezwen, sitou sa yo ki ap chèche fòmasyon ak akonpayman.
Jodi a, *Lentz-Whigensy René* ap evolye kòm kontab, kowòdonatè rejyonal aktivite epay ak kredi IGA (Zòn Aquin 2), jèn fòmatè ak antreprenè.
Li gen plizyè sètifika nan domèn ki konekte ak Syans Administratif, tankou maketing, antreprenarya ak jesyon.
Atravè fòmasyon li yo, li angaje l nan pataje konesans, devlope potansyèl jèn yo, epi ankouraje lespri antreprenarya kòm yon zouti pou otonomi ak devlopman dirab.
Travay li ak timoun ak jèn Compassion yo se yon temwayaj vivan sou volonte li pou bay sa li te resevwa.
Pwofil Lentz-Whigensy René montre klèman ke ak vizyon, edikasyon ak detèminasyon, yon jèn ka chanje lavi pa li epi enfliyanse pozitivman kominote li.
Compassion International Cluster Aquin L'Asile Compassion Haiti CDEJ HA 0732 MEBSH Jonc-Dodin CDE Eglise Dieu d'aquin Cde Mebshzanglais