24/11/2024
Maladi k ap touye Ayiti a la lontan
Maladi sa a ap touye Ayiti sa fè lontan
Se pa rechite malad la rechite
Yo vide anpil remèd sou Maladi a
Men Maladi a refize geri
Sanble remèd nou bay yo pa bon
Nou chanje anpil doktè e yo toujou di yo ka geri Maladi a
Nou pèdi tan nou nan mache dèyè doktè
Gen nan doktè yo ki vin lakay nou
Yo di nou fè yo konfyans y ap ka geri Maladi a
Men Maladi Ayiti a la pi rèd
Li touye anpil fanmiy nou deja
Li touye granmoun, timoun, fanm tankou gason
Pandan n ap chèche remèd pou geri Maladi a nan fanmiy nou,
Se menm Maladi sa a k ap touye nou tou
Anpil nan nou kouri ale nan lòt zòn pou sove tèt nou
Men nou toujou ap voye kòb pou geri Maladi a lakay nou
Malgre sa nou mouri epi Maladi a la pi rèd
Malgre sa n ap fè pitit pou menm Maladi sa a touye yo ankò
Nou etidye, nou etidye men nou poko janm ka geri Maladi a
Nou travay, nou jwenn gwo djòb, nou fè gwo kòb,
Pou nou sove tèt nou ak fanmiy nou
Men Maladi a touye vwazen nou ak bon zanmi nou
Sa fè Maladi a toujou mete nou nan tristès
Nou pran doktè nan lòt zòn pou ede nou
Yo di nou me ki Maladi nou genyen an Ayiti
Yo di nou lòt kote te gen menm Maladi a, yo geri
Men nou toujou pran menm remèd yo eeeee!
Nou toujou malad
Nou voye pitit nou aprann pou geri Maladi a
Eeeeee! Anyen pa mache
Kote Maladi Ayiti sa a soti ?
Kisa ki ban nou Maladi sa a ?
Kimoun ki voye Maladi sa a sou Ayiti kifè l ap touye nou konsa?
Èske se nou ki bay tèt nou Maladi a ?
Èske se kote nou achte remèd yo ki pa bon ?
Èske gen moun nan mitan nou ki konplis nan Maladi k ap touye nou an ?
Ta sanble malfektè yo nan mitan nou
Ta sanble yo pajanm malad yo menm
Se yo menm k ap vann nou remèd pou Maladi a
Si se konsa se kòb y ap fè sou do nou
Ta sanble Maladi sa a p ap janm geri
Y ap toujou rich e y ap viv ak la sante
Epi nou menm n ap toujou malad epi mouri
Plis nou malad se plis n ap achte remèd lakay yo
Se plis y ap rich
Se plis demachè yo, payas ak malfektè yo ap rich tou
Kisa nou dwe fè ?
Kòm se nou ki malad
Epi nou konnen ki maladi nou genyen
Se nou ki dwe chèche geri tèt nou
Gen sa ki di se malfektè yo ak tout payas yo pou nou touye
Gen sa ki di se pou nou fè malfektè yo ak tout payas yo kite zòn nan
Men malfektè yo ak tout payas yo se moun ki rete nan zòn nan
Epi yo gen byen ak fanmiy yo nan zòn nan
Pou nou jwenn solisyon gen sa ki di se payas yo pou nou touye
Gen lòt ki di se pou nou chita ansanm ak malfektè yo ak tout payas yo
Se nou ki malad, se nou ki pou konnen kisa n ap fè
Sòfke nou rive yon kote nou pa ka sipòte Maladi a ankò.
Francilien BIEN AIME
Dr en Science Politique
Écrit le 21/02/2019
Revu et corrigé le 22/10/2024