Lutte Des Choisis

Itinéraire Site Web Contacter l’organisation

Lutte Des Choisis Travailler dans la diffusion de la culture haïtienne.

🇭🇹 PWOVÈB AYISYEN« Bat chen an tann mèt li. »Se prezidant nou Chrisda Cerutil ki te kòmante pwovèb sa a👉🏽 Kisa sa li vle...
08/10/2026

🇭🇹 PWOVÈB AYISYEN

« Bat chen an tann mèt li. »
Se prezidant nou Chrisda Cerutil ki te kòmante pwovèb sa a

👉🏽 Kisa sa li vle di?

Pwovèb sa a vle di tout sa yon moun fè gen konsekans, e aksyon nou yo ka pote reyaksyon oswa konsekans nou pa t toujou prevwa.

Lè yon moun aji, li pa janm konnen tout sa aksyon sa a kapab lakòz. Yon pawòl, yon desizyon, yon jès oswa yon konpòtman kapab gen repèkisyon sou tèt li, sou lòt moun oswa sou tout yon kominote.

Se poutèt sa, pwovèb la envite nou reflechi anvan nou aji, paske sa nou fè jodi a kapab gen konsekans demen.

Aksyon nou yo pa disparèt san tras. Yo ka tounen sou wout nou yon lòt jan.

👧🏽👦🏽 Pou jenerasyon k ap vini yo, se yon leson ki enpòtan anpil:
Aprann timoun ak jèn yo pran responsabilite pou aksyon yo, konprann konsekans desizyon yo epi reflechi sou efè sa yo fè sou lòt moun.

Chak aksyon se yon grenn. Anvan nou plante l, ann reflechi sou sa li kapab bay.

💬 E ou menm, ki lòt pwovèb ayisyen ou konnen?

Ekri l nan kòmantè yo 👇🏽

Ann prezève sajès pèp nou an epi transmèt li bay jenerasyon k ap vini yo. 🇭🇹❤️

Lutte des Choisis
Konbit se chimen devlopman.

REPOZWA Jean-Jacques Dessalines : asasina, konplo oswa trayizon?Lutte des Choisis envite nou nan yon nouvo edisyon REPOZ...
07/10/2026

REPOZWA
Jean-Jacques Dessalines : asasina, konplo oswa trayizon?

Lutte des Choisis envite nou nan yon nouvo edisyon REPOZWA, yon espas pou sonje, reflechi epi transmèt istwa ak memwa Ayiti.

🇭🇹 JEAN-JACQUES DESSALINES
ASASINA, KONPLO OSWA TRAYIZON?

Plis pase de syèk apre lanmò Anperè Jean-Jacques Dessalines, sikonstans ki te antoure asasina li a toujou soulve kesyon, deba ak anpil refleksyon.

Nan rankont sa a, n ap retounen sou lanmò Jean-Jacques Dessalines, kontèks istorik li, ansanm ak diferan entèpretasyon ki egziste sou youn nan evènman ki pi enpòtan nan listwa Ayiti.

🎙️ Envite : Jimmy JEAN
Istoryen • Medyatè kiltirèl • Achivis

🎤 Moderatè : Fritz-Onty DORCÉ

🎶 Animasyon : Kolektif Yin Yan-ka

📅 Vandredi 16 oktòb 2026
🕕 18è00 – 23è00
📍 1 Avenue Fauveau, 93800 Épinay-sur-Seine, Frans
🎟️ Antre gratis
🍽️ Restorasyon disponib sou plas

👉 Vini koute, poze kesyon, debat epi sitou transmèt konesans lan.

Paske konnen listwa nou se konprann pi byen kiyès nou ye, kote nou soti ak ki defi nou genyen jodi a.
Ann sonje. Ann reflechi. Ann transmèt. 🇭🇹

💬 E nou menm, ki jan nou konprann lanmò Jean-Jacques Dessalines?
Asasina, konplo oswa trayizon? Ekri opinyon nou nan kòmantè yo.

📜 REPOZWA — Jean-Jacques Dessalines : assassinat, complot ou trahison ?

L’Lutte des Choisis vous invite à une nouvelle édition de REPOZWA, un espace de mémoire, de réflexion et de transmission autour de l’histoire d’Haïti.

🇭🇹 Jean-Jacques DESSALINES
ASSASSINAT, COMPLOT OU TRAHISON ?

Plus de deux siècles après la mort de l’Empereur, les circonstances de son assassinat continuent de susciter interrogations, débats et réflexions.

À travers cette rencontre, nous reviendrons sur la mort de Jean-Jacques Dessalines, son contexte historique et les différentes lectures qui entourent cet événement majeur de notre histoire.

🎙️ Invité : Jimmy JEAN
Historien • Médiateur culturel • Archiviste

🎤 Modérateur : Fritz-Onty DORCÉ

🎶 Animation : Collectif Yin Yan-ka

📅 Vendredi 16 octobre 2026
🕕 18h00 – 23h00
📍 1 Avenue Fauveau, 93800 Épinay-sur-Seine, France
🎟️ Entrée libre
🍽️ Restauration sur place

👉 Venez écouter, questionner, débattre et surtout transmettre.

Parce que connaître notre histoire, c’est aussi comprendre les enjeux du présent.

REPOZWA — Annou sonje. Annou reflechi. Annou transmèt. 🇭🇹

🇭🇹 PWOVÈB AYISYEN« Chans zwa pa chans kana. » se Patricia Fanm Kreyol ki te kòmante pwovèb sa pou nou.Kisa li vle di?Sa ...
06/10/2026

🇭🇹 PWOVÈB AYISYEN

« Chans zwa pa chans kana. » se Patricia Fanm Kreyol ki te kòmante pwovèb sa pou nou.

Kisa li vle di?

Sa vle di chans, opòtinite ak chemen lavi pa menm pou tout moun.

Sa ki fasil pou yon moun pa nesesèman fasil pou yon lòt. Nou chak gen pwòp reyalite pa nou, pwòp batay pa nou ak pwòp moman pa nou.

Se poutèt sa, li pa toujou jis pou nou konpare chemen nou ak chemen lòt moun.

Zwa pa kana, menm jan chak moun inik.

Youn ka rive pi vit, yon lòt ka mize nan wout. Youn ka jwenn yon pòt ki louvri fasil, lòt la ka oblije chèche yon lòt chemen.

Sa ki pi enpòtan an se kontinye avanse sou pwòp wout pa nou.

Lang nou se memwa nou.

E ou menm?

Ki lòt pwovèb kreyòl ayisyen ou konnen?

👇🏽 Ekri l nan kòmantè yo epi, si ou konnen sans li, pataje l avèk nou tou.

Ann fè kòmantè yo tounen yon ti bibliyotèk pwovèb ayisyen pou jenerasyon k ap vini yo. 🇭🇹❤️

Lutte des Choisis
Konbit se chimen devlopman.

🌱 PWOVÈB AYISYEN« Sa ou plante, se li ou rekòlte. » se asosiyasyon FANM- Femmes Actives pour un Nouveau Monde ki te mete...
05/10/2026

🌱 PWOVÈB AYISYEN

« Sa ou plante, se li ou rekòlte. » se asosiyasyon FANM- Femmes Actives pour un Nouveau Monde ki te mete pwovèb sa a nan kòmantè.

Sa vle di :
Tout sa ou plante gen yon jou pou l bay fwi. Menm jan yon moun plante yon grenn epi li tann pou l rekòlte, se konsa tou aksyon nou yo gen konsekans.

Sa ou fè jodi a kapab tounen yon reyalite demen.
Si ou plante lanmou, respè, solidarite ak bonte, ou gen plis chans rekòlte menm bagay sa yo.

Men si ou plante mechanste, rayisman, enjistis oswa neglijans, pa sezi lè lavi fè ou rekòlte konsekans aksyon ou yo.

👧🏽👦🏽 Pou timoun ak jèn nou yo, mesaj la enpòtan anpil :
Sa nou montre yo jodi a ap ede fòme sosyete n ap viv demen an.

Chak pawòl nou di, chak egzanp nou bay, chak aksyon nou fè se yon grenn n ap plante.

🌱 Ki grenn ou chwazi plante jodi a?

Ann plante konesans.
Ann plante respè.
Ann plante lanmou.
Ann plante solidarite.
Ann plante edikasyon.
Ann plante espwa pou jenerasyon k ap vini yo.

Paske sa nou plante jodi a, se sa jenerasyon demen ap rekòlte.

Lutte des Choisis
Konbit se chimen devlopman.

MWA PWOVÈB AYISYEN« Men anpil, chay pa lou. »ONÈ AK RESPÈNan kilti ayisyen an, pwovèb sa a raple nou yon verite ki senp,...
04/10/2026

MWA PWOVÈB AYISYEN

« Men anpil, chay pa lou. »

ONÈ AK RESPÈ

Nan kilti ayisyen an, pwovèb sa a raple nou yon verite ki senp, men ki gen anpil pwa, lè nou mete fòs nou ansanm, menm pi gwo difikilte yo vin pi fasil pou nou pote.

Yon sèl moun ka fatige anba yon chay. Men lè plizyè moun mete men yo ansanm, chay la vin pi lejè.

Se lespri konbit la :
youn ede lòt,
youn apiye lòt,
youn pote lòt,
epi ansanm, nou rive pi lwen.

Nan yon sosyete kote nou nan chire pit, nou nan rivalite epi nou divize, pwovèb sa a se yon rapèl pou nou pa bliye pouvwa solidarite, tèt ansanm ak tèt kole.

Se menm lespri sa a ki gide Lutte Des Choisis

« Konbit se chimen devlopman. »

E ou menm, ki sa pwovèb « Men anpil, chay pa lou » vle di pou ou?

Ekri entèpretasyon pa w nan kòmantè yo. 👇🏽

🇭🇹PWOVÈB JOUNEN AN « TOUT MOUN SE MOUN »ONÈ AK RESPÈ!Nan kad Mwa Lang Kreyòl Ayisyen an, Lutte Des Choisis ap  fè tout p...
03/10/2026

🇭🇹PWOVÈB JOUNEN AN

« TOUT MOUN SE MOUN »

ONÈ AK RESPÈ!

Nan kad Mwa Lang Kreyòl Ayisyen an, Lutte Des Choisis ap fè tout piblikasyon li yo an kreyòl ayisyen pandan mwa a. Se fason pa nou pou nou bay lang nou an valè, fè li viv, epi montre tout richès li.

Annou kòmanse ak pwovèb sa a:

« Tout moun se moun. »

Ti fraz sa a senp, men li charye yon pakèt leson.

Li fè nou sonje kèlkeswa koulè po nou, orijin nou, kondisyon nou, nivo nou, relijyon nou, klas sosyal nou osinon plas nou nan sosyete a, nou chak se moun, nou gen enpòtans nou e nou merite respè ak diyite.

Li aprann nou tou, ke nou pa dwe mezire valè yon moun sèlman sou sa li genyen, sa li posede oswa pozisyon li okipe.

Se moun ki moun.

Se respè nou bay lòt moun ki montre kalite moun nou ye.

Kreyòl nou an gen yon fason espesyal pou li mete gwo verite nan kèk ti mo.

💬 E NOU MENM, KISA PWOVÈB « TOUT MOUN SE MOUN » VLE DI POU NOU?

Èske se sèlman yon bèl pawòl, oswa èske se yon prensip nou ta dwe mete an pratik chak jou nan fason nou trete lòt moun?

👇 Di nou sa nou panse nan kòmantè yo.

Ann kontinye aprann pwovèb nou yo, konprann sajès ki ladan yo epi transmèt yo bay jenerasyon k ap vini yo.

🇭🇹 Ann pale kreyòl.
Ann konprann kreyòl.
Ann viv kreyòl.

Konbit se chimen devlopman

🇭🇹 OKTÒB MWA LANG KREYÒL AYISYEN ANYon lang pa yon senp mwayen pou kominike, li se nannan, idantite, kilti, ak memwa yon...
02/10/2026

🇭🇹 OKTÒB MWA LANG KREYÒL AYISYEN AN

Yon lang pa yon senp mwayen pou kominike, li se nannan, idantite, kilti, ak memwa yon pèp.

Kreyòl ayisyen se youn nan pi gwo mak idantite pèp ayisyen. Li charye istwa yo atravè pwovèb, chante, kont, ekspresyon, tradisyon, rityèl ak fason nou wè ak viv lavi.

Nan espirityalite ayisyen an menm jan ak tout lòt yo, lang lan gen yon plas trè enpòtan.

Nan Vodou, envokasyon, chante ak fòmil yo itilize pou adrese lwa yo, ki pase de jenerasyon an jenerasyon dwe konsève avèk anpil fidelite, paske pawòl yo, son yo ak fason yo di yo fè pati memwa ak tradisyon espirityèl la.

Nou kapab pran egzanp sou lang laten, menm si li konsidere kòm yon lang ki mouri, gen anpil priyè, ak fòmil ki toujou konsève nan fòm orijinal yo.

Lang kreyòl ayisyen an sipoze trete ak valè epi atansyon.

Kreyòl ayisyen se yon lang vivan, rich, imajine, kolore ki plen ekspresyon. Gen kèk lide nou ka di an kèk mo sèlman, men mo sa yo pote tout yon istwa dèyè yo.

Nan mwa sa a, Lutte Des Choisis ap pibliye sèlaman an kreyòl ayisyen. Li envite nou pa sèlman pale kreyòl, men tou konprann li, renmen li, aprann li, transmèt li epi pwoteje li.

Nou ap dedye bèl pwovèb sa ak tout ayisyen,
« Men anpil, chay pa lou ».

Ann aprann kreyòl.
Ann renmen kreyòl.
Ann fè kreyòl viv. 🇭🇹

Konbit, se chimen devlopman

🇭🇹 RETOUR SUR LA FÊTE DE L’HUMANITÉ 2026Du 11 au 13 septembre 2026, Lutte Des Choisis a eu l’honneur de participer à la ...
29/09/2026

🇭🇹 RETOUR SUR LA FÊTE DE L’HUMANITÉ 2026

Du 11 au 13 septembre 2026, Lutte Des Choisis a eu l’honneur de participer à la Fête de l’Humanité aux côtés de la Pafha, à l’occasion de sa 17ᵉ participation à cet événement.

À travers une exposition consacrée aux héroïnes de la Révolution haïtienne et de l’Indépendance, notre association a contribué à mettre en lumière la place et le rôle de ces femmes dans l’histoire de la liberté d’Haïti.

La présidente de Lutte Des Choisis, Chrisda Cerutil, a représenté l’association, accompagnée de Kerline Morisseau, présidente de l’association des Femmes pour la Restauration d’Haïti.

Cette participation a été une belle occasion de faire découvrir, transmettre et valoriser notre patrimoine historique et culturel, tout en créant des espaces de rencontre et de partage autour d’Haïti.

🙏 Merci à la PAFHA pour cette invitation et pour son engagement constant en faveur du rayonnement d’Haïti et de sa culture.

🇭🇹 Lutte Des Choisis
Konbit se chimen devlopman.

À l’occasion des 7 années d’engagement de FANM- Femmes Actives pour un Nouveau Monde auprès des enfants, des jeunes fill...
24/09/2026

À l’occasion des 7 années d’engagement de FANM- Femmes Actives pour un Nouveau Monde auprès des enfants, des jeunes filles et des familles, Lutte des Choisis a eu le plaisir de contribuer à la distribution de 50 kits scolaires le 18 septembre 2026.

Une participation placée sous le signe de la solidarité, du partage et de l’engagement collectif en faveur de l’éducation et de l’épanouissement des enfants.

Nous sommes heureux d’avoir pris part à cette belle initiative et de contribuer, à notre mesure, à accompagner les enfants sur le chemin de l’éducation.

Konbit se chimen devlopman.

08/09/2026

🎒🇭🇹 50 ENFANTS. 50 KITS. UNE RAISON D’ESPÉRER.

Le 6 septembre 2026, à Croix-des-Prés, Port-au-Prince, l’association Limyè Jenès Ayisyèn LIJA a distribué 50 kits scolaires à des enfants en situation de précarité financé par l’association Lutte Des Choisis.

Ces kits comprennent chacun :
🎒 1 Sac d’école
📚 12 cahiers
📐 1 trousse d’Instruments géométriques
📏 1 Règle
🖊️ 2 Stylos

Cette action a été rendue possible grâce aux bénéfices de l’événement du 14 août 2026, destinés à soutenir des initiatives en faveur des enfants.

Dans une capitale où certaines familles ont dû abandonner leur maison détruite par les violences des groupes armés, préparer la rentrée est parfois un luxe.

Alors oui, un sac d’école peut sembler peu de chose. Mais pour un enfant, il peut être le symbole d’une chose immense, continuer à croire en son avenir.

LDC est fière de ce premier partenariat avec LIJA, qui œuvre auprès des enfants démunis depuis 2013.

Et ce n’est que le début.

D’autres associations et enfants ont également reçu des kits scolaires et bénéficié de bourses scolaires.

Les détails de ces actions seront communiqués très prochainement.

Parce que nous refusons que la précarité et la violence décident seules de l’avenir de nos enfants.

Éduquer. Soutenir. Transmettre. Résister.

Konbit se chimen devlopman.

Adresse

1 Avenue Fauveau
Paris
93280

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lutte Des Choisis publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Lutte Des Choisis:

Partager