04/10/2026
Tout gouvènman k ap dirije ak ògèy, rayisman oswa yon lespri vanjans kont yon lòt pèp riske fè pwòp peyi li glise sou wòch, jiskaske li rive nan fon lanmè a.
Diplomasi, dyalòg ak respè youn pou lòt dwe rete premye chimen pou rezoud pwoblèm ant pèp ak ant nasyon. 🇭🇹🤝🇩🇴
Ispanyola se yon zile nou pataje; non « Hispaniola » soti nan « La Española », ki vle di « Panyòl la / Espayòl la ». Men, listwa ak jewografi pa dwe tounen rezon pou nou chwazi konfli olye de dyalòg.
Se nan respè, sajès ak koperasyon pèp yo ka chèche yon avni ki pi an sekirite ak pi diy.
— FRIDNER JEAN M