18/05/2026
🇭🇹 Bòn Fèt Drapo, Ayiti cheri 🇭🇹
Jodi a, nou selebre plis pase yon drapo.
Nou selebre istwa nou, kouraj zansèt nou, ak fyète yon pèp ki pa janm lage.
Drapo Ayiti se diyite nou,
se memwa sakrifis yo,
se espwa pou yon demen miyò.
Kit ou lakay, kit ou aletranje,
kenbe fyète Ayisyen an vivan nan kè w.
Respekte drapo a. Respekte peyi a.
🇭🇹 Viv Drapo Ayisyen an !
Viv Ayiti pou tout tan!