16/11/2024
Nap gen poun konprann, poun dakò fè yonn, pou zafè kabrit se zafè mouton, poun sispann mâché gaye, e konnen se nan tèt ansanm viktwa ak delivrans nou ye. Jou sa lap jou , e tout mazora AP femen bouch yo devan gwo batay delivrans lan, se pa Yon blan kap fèl se nou ayisyen kap refèl ankò nan 2 nawè yo.
Si depi nan komansman chak ti gwoup se pat tèt yo , yo TAP defann nan ti Klan tèt pete, Klan pè, Klan pastè , Klan vodouyizan, Klan doktè, Klan mè, Klan pov, Klan rich, Moun anwo, Moun anba, analfabè, ak save, Klan jounalis, Klan gwo machann ak detayè, pandan tout TAP gade maleng lan tou wouj, e ki gen san ladan l ak dife, popyè zye nou tAP ktiye bay dlo pou nou etènn dife kap pote ale tout sak t konstwi e bay bwa kale anpil inosan, men tou nou TAP gen tan pou nale nan bal ak festival, olye pou nap Mawon bal e yap rachenn pa tikal. Jodi an nou TAP gentan jwenn medikaman pou ti bouton ki vinn bay maleng malozo sa. E ki kontinye fè san ti pèp la AP koule, poutan politichyen yo kontinye AP batay pou gato ki plen san ladan l lan. Yo plen vizaj, yo Moun yo lougawou , men nou tout AP disparèt ansanm, si nou pa dakò fe yon tèt kole pou n viv tout bon ansanm.