Moun an kè

Moun an kè Paj sa a se on paj edikasyon ak refleksyon sou tout sa ki konsène la sante an jeneral, sante mantal ak byenèt aysien.

Ti pitit saa touye tèt li akòz tizonnay lòt timoun kap di li li ilegal. Paran, presyon w ap pran, timoun yo ap pran l to...
19/02/2025

Ti pitit saa touye tèt li akòz tizonnay lòt timoun kap di li li ilegal. Paran, presyon w ap pran, timoun yo ap pran l tou. Pa senpman di yo, met fanm ak gason sou yo. Tande yo, pale ak yo, al nan lekòl la, fòse yo pran responsabilite yo. Fò w vijilan pou pwoteje sante mantal timoun yo nan peyi etranje sitou sè jou si.

A young girl in Texas died by su***de after being bullied about her family’s immigration’s status, according to her family.

Sa w wè? A granmoun pa ka fè sa l fè a
13/09/2024

Sa w wè? A granmoun pa ka fè sa l fè a

12/09/2024

On fi vin esplike w pandan lap leve plizyè fwa yo manyen l mal depi lè li te timoun jouk nan demwazèl li, ou reponn se bèl li te twò bèl? O vreman? Ou dwe te anfòm papa? Alòs on bèl ti fi se on krim?
Se on pèmisyon pou tout vagabon, granmoun deregle fè on ti manyen? On ti goute?

Menm viktim yo konn grandi ak lide a vre nan tèt yo. Koute yo te moleste w paske yo se pedofil se pa paske ou te bèl anfòm. Yo malad. Se pa ou ki koupab. Timoun pa ka koupab lè granmoun fè abi seksyèl sou li. Sa pa gen anyen a wè ak sa w sanble, li gen pou wè ak kriminèl kap paweze paske pa gen konsekans. Li gen pou wè ak granmoun malad!

Moun an kè

De atitid, de rezilta. Sa w wè?
10/08/2024

De atitid, de rezilta. Sa w wè?

Ou wè sa entènèt ka fè w? 😂😂Ou wè moun fè ou vle fè tou? Ou sinon li fè l sa vle di li posib pou mwen tou? Li fèl se pas...
03/08/2024

Ou wè sa entènèt ka fè w? 😂😂Ou wè moun fè ou vle fè tou? Ou sinon li fè l sa vle di li posib pou mwen tou?
Li fèl se paske li antrene, ou menm wap kaze zo paw paske ou vle siksè piblik on travay ou pat fè an prive. Gen enspire, gen kopye, yo pa menm. Sa w wè ankò nan videyo a? 🤷🏼‍♀️

Èske w te konnen gen on maladi yo rele “ poney tail headache”? Kwafi sere sou kèlke swa fòm nan kit se devan tèt ou lòt ...
03/08/2024

Èske w te konnen gen on maladi yo rele “ poney tail headache”? Kwafi sere sou kèlke swa fòm nan kit se devan tèt ou lòt kote nan tèt la pa on bon bagay, sitou si w ap fèl pandan dèzane.

Mwen te poste on foto sou kwafi sere, kesyon an sete èske li gen efè sou sante w?

Wi. Tout sitiyasyon ki lakòz flo san an gen anpechman ap gen konsekans sou sante fizik ak mantal pi devan.
Kwafi sere anpeche flo san nan po tèt la. Pye cheve yo yo rele folikil la yo bezwen san pou nouri yo san pa sa yap mouri.

Twòp detire sou po tèt la ap lakòz sa yo rele “ alopécie de traction”. Li pi domajab toujou ka timoun ( pa egzanp elastic, barèt gogo sere )cheve yo ka pa janm repouse. Menm rezilta kay moun ki mare tèt yo sere ou sinon pote perik sere, chou ak elastic ki detire twòp pandan twò lontan.

2. Tèt fè mal akòz tansyon an ki kreye nan po tèt la
3. Tèt vire
4. Ka moun ki gen pwoblèm maladi tansyon, li ka menm lakòz “stroke”

5. Sou plizyè ane nenpòt pratik ki afekte flo san nan po tèt la ap afekte flo san ki al nan sèvo a. Tout pwoblèm flo san nan sèvo ap deteryore fonksyonman sèvo a pi devan. Maladi demans ak Alzheimer gen anpil a wè ak pwoblèm sikilasyon san nan sèvo.

Ou vle m kontinye sou sijè a? Like, pataje. Kite on kòmantè.
JL pou moun an kè.

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Moun an kè posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

  • Want your organization to be the top-listed Non Profit Organization?

Share