03/24/2026
🚨🚨🚨Ajan espesyal Federal Bureau of Investigation (FBI), Martin Suarez, rekonèt devan yon tribinal nan Miami, United States, ke li pa t fè okenn analiz anprent ni pran ADN sou sèn asasina ansyen prezidan Jovenel Moïse. Dapre rapò Miami Herald pibliye 16 mas 2026, ajan an esplike li te fè fas ak presyon tan, menm si te gen anpil prèv vizib sou plas la. Li ajoute ke okenn echantiyon pa t analize, e anpil eleman te deja pran an chaj pa Police Nationale d’Haïti (PNH). Revelasyon sa a soulve kestyon sou fason ankèt la te fèt nan youn nan pi gwo dosye kriminèl nan istwa resan Haïti.
Sous: Miami Herald. 🗞️