Jèn ki gen Rèv.

Appeler Contacter l’organisation

Jèn ki gen Rèv. JKGR se yon kominte ki kreye nan lane 2017 nan optik pou motive e ankadre an patikilye jèn Ayisyen nan tout kwen nan mond lan.Nou deja etabli nan 5 peyi

Nou Kwè nan Lajenès, Lajenès se Pilye nouvo Ayiti.

E si "e si" pat egziste?▪︎▪︎▪︎
15/09/2026

E si "e si" pat egziste?
▪︎▪︎▪︎

Ki Wòl VÈS FEMINIS lan nan kominote Ayisyèn lan? Kisa bagay la ye menm?San itilize pil mo; Ou pap li 2 mo sou rezo sosyo...
09/09/2026

Ki Wòl VÈS FEMINIS lan nan kominote Ayisyèn lan? Kisa bagay la ye menm?

San itilize pil mo; Ou pap li 2 mo sou rezo sosyo yo dènye jou sa yo sou koze Feminis pouw pa wè mo "Gason" an Repete...
An Rezime nou kontinye ap mete Gason sou pyedestal yo, vire tounen se Gason Gason san'm pap inyore malvèsasyon ak manipalsyon Gason yo sou Fanm.

Men Pwoblèm yo nou pa manyen yo nan sous yo, Nou rezime yon mouvman si "Noble" a defann kiyès kap fè manje/separasyon kòb/Vi Konjigal/Vi parantal pandan nou gen Ti chovi nan sosyete nou an ki vrèman gen bezwen Sipò nou Fanm Parèy yo, Konbyen Ti Fi Mouvman an voye Lekòl Ayiti pou ane sa? Konbyen Ti Fi Madan Marye al chèche Andeyò fè yo vin fè travay lakay yo san yo pap mete yo lekòl, kap sibi tout tip de abi? Konfyen Fi ki paka gade patwon yo nan je nan sosyete nou an? Konbyen Fi ki sibi Vyòl ki bezwen yon zòrèy pou koute yo san jije yo?
[Menm yon fot Gramatikal nou jije bò isi , bref...]
Nou rete la nan "Madan Garson", Gason ceci Gason cela, Pwone/Vante chwa Pèsonèl nou pandan Sila yo ki nan bezwen Mouvman an pa ka benefisye anyen de li.
Anpil nan nou VÈS la pa sou nou vre; Nan Lespri nou li ye.

Krim kouvri Krim; Demen nap RiApre Demen nap Kriye. Lòt Demen kap vini nap Ri. Nou san Kè, San Lanmou.
06/09/2026

Krim kouvri Krim;
Demen nap Ri
Apre Demen nap Kriye.
Lòt Demen kap vini nap Ri.
Nou san Kè, San Lanmou.

VIKTIMNou pa janm antò; Nou Ayisyen toujou viktim. "BLAN" yo touye plis ke yon douzèn moun Kenskòf Semèn sa.Blan yo dere...
25/08/2026

VIKTIM
Nou pa janm antò; Nou Ayisyen toujou viktim. "BLAN" yo touye plis ke yon douzèn moun Kenskòf Semèn sa.
Blan yo derefize 2 menm Biznis ap fonksyone nan menm zòn Ayiti.
Blan yo bloke wout yo; Blan yo fè avyon pa ka vole Ayiti nan pwen pou nou peye 500$US pou al nan yon lòt vil. Blan yo pa bay kouran nou oblije achte sistèm elektrik nan men yo. Blan yo gen kontwòl Eleksyon yo nou pap al vote. Blan yo monte pri tout bagay lè gen plis nesesite. Blan yo plede jete fatra nan lari Ayiti.
Blan yo fèn konprann depi se bagay ki ka enstwi ki ka reveye konsyans sou entènèt la pa fèl ka, Blan an di Entènèt Ayisyen dwe Rezime a Griyen dan sèlman.
Blan yo mande nou pou nou Priye pou sa chanje, nap Priye pou Ayiti.
Amen.
[Siw konn yon lòt bagay Blan ap regle Ayiti kitel nan kòmantè ]

Paradòks•••
21/08/2026

Paradòks
•••

Gen Jou'w leve menm Lonbraj ou ap Kont ou.
15/08/2026

Gen Jou'w leve menm Lonbraj ou ap Kont ou.

Kounya m pral fèw panse sa'm vle , lèm vle, janm vle.  "Lavi twò kout pou w nan bay moun kontwole ti moso paw la."
08/08/2026

Kounya m pral fèw panse sa'm vle , lèm vle, janm vle.
"Lavi twò kout pou w nan bay moun kontwole ti moso paw la."

Pèspektiv Apwofondi:Yon Sipèsta pase de Prezantasyon twouve'l nan sityasyon kote'l enkonfòtab/ou/ yo metel Enkonfòtab na...
21/07/2026

Pèspektiv Apwofondi:
Yon Sipèsta pase de Prezantasyon twouve'l nan sityasyon kote'l enkonfòtab/ou/ yo metel Enkonfòtab nan Mounite'l jiskaske'l arive modifye kèk pati nan aparans li.
Se pa nouvo; tout moun ki fanatik football sitou; konnen Fawouch jwè a resevwa deja akoz de Orijin li, koulè li, Ras li...
Alò "NOU" Ayisyen antanke Pèp ki pa si diferan de li twouve ke se yon sitiyasyon Komik, yon Blag sa ye.
San'n pa eseye analize ni mande tèt nou kisa ki ka koz yon moun ki nòmalman fè non'l, fè valè Peyi'l e menm Reyisi vi li arive nan yon sitiyasyon Parèy.
Sa moutre nivo Refleksyon nou antanke Pèp, antanke moun - trè Ba, trè Minim.
••Inyorans nou pa pèmèt nou konprann kòman lòt Ras yo wè Ras Nwa, e ki enpak pwopo Rasis ka genyen sou yon Moun... Enben Reyaksyon nou kontinye ap ba yo Rezon.
- Si'l te touye Tèt li nou tap di'l Lach.
- Li modifye Tèt li nou twouve'l Ridikil.

NAP TOUJOU ANTÒ.

Li pa janm twò ta pou Montre Valè'w . It's never too late🔥🇭🇹
25/06/2026

Li pa janm twò ta pou Montre Valè'w .
It's never too late🔥🇭🇹

Opinyon Enkonfòtab: MWEN konstate Ekip Nasyonal nou an manke GRANGOU;  Lèm di grangou m vle pale de Grangou Viktwa, Gran...
21/06/2026

Opinyon Enkonfòtab:
MWEN konstate Ekip Nasyonal nou an manke GRANGOU; Lèm di grangou m vle pale de Grangou Viktwa, Grangou Respè ! Swaf Respè !
E mwen certain et sur si'n te gen plis jwè ki soti sou bout Tè sale a🇭🇹 ki te sou teren an, istwa a pa tap pase konsa.
Paske swaf Pèp la genyen an fòw Viv nan mitan Pèp la pouw Santi'l. Fòmasyon Coach patap ka anpeche nou degaje sa'k tap anndan nou an.
Swadizan lòt "ti" Peyi bay nanm yo ak Kò yo pandan 90mns lan pou defann Drapo yo. Zafè Reziye a ap mennen nou Lwen.
Nou dwe pi Agresif, Ayisyen dwe pi Agresif, Nou anreta nan Mond lan, fòk nou sispann kontante nou ak "Le Peu".

Adresse

Pétionville

Téléphone

+15617666157

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jèn ki gen Rèv. publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Jèn ki gen Rèv.:

Raccourcis

Partager