04/04/2026
Èske w konn ap mache epi w wè yon ti kabrit k ap vole plante sou yon wòch? Nan zòn andeyò yo, li fasil pou w wè yon imaj konsa.
Nan sa, ou jwenn yon imaj klè sou kiyès Jezi ye. Nou adore Jezi, Ti Mouton Bondye a … epi an menm tan, yo rele L Wòch delivrans lan.
Sa se pa yon bagay nou abitye mete ansanm. Ti Mouton an santi l dou, trankil, yo mennen nan sakrifis. Wòch la santi l fò, stab, inebranlab. Men, Jezi se toulede. E sa pi enpòtan pase sa nou reyalize.
Nan Ansyen Testaman an, pandan Pak la, Bondye te di pèp Li a pou yo sakrifye yon ti mouton epi mete san an sou poto pòt yo. Lè jijman an rive, Li t ap “pase sou” nenpòt kay ki kouvri ak san an.
Sa pa t yon bagay o aza. Sa te montre Jezi pi devan.
Jan Batis te wè l', li di: Men Ti Mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou latè! (Jan 1:29)
Jezi te vin tounen Ti Mouton sa a pou nou.
Li te pran plas nou. Li te peye pou peche nou yo.
Epi an menm tan, Li se Wòch nou an.
“Senyè a se wòch kote m' kache a, se fòtrès mwen ye a, se delivrans mwen. Bondye mwen an se wòch kote m' kache a. Se nan li mwen jwenn pwoteksyon.” (Sòm 18:2)
Kidonk, reflechi sou sa...
Moun ki te mouri pou ou a se Li menm tou ki kenbe ou fèm.
Moun ki te vèse san Li pou padon ou an, se Li menm tou ou ka kanpe sou Li lè w santi tout bagay ap tranble.
Se kalite Sovè sa a nou genyen.
E onètman, mwen panse anpil nan nou kwè sa... men nou pa toujou viv konsa.
Nou toujou pote kilpabilite Li te deja peye pou li oubyen nou eseye touche lanmou ak padon Li. Nou toujou ap eseye kontwole tout bagay olye nou kanpe sou Li.
Kite m poze w kèk kesyon senp pou w reflechi sou yo:
Ki kote nan lavi ou w ap eseye “kenbe l ansanm” olye pou w kanpe sou Jezi?
Èske gen yon bagay ou toujou ap pote ke Li te deja peye pou li?
Ki moun nan lavi ou ki bezwen tande pale de Jezi semèn sa a?
Epi si ou pa janm pran desizyon pou swiv Jezi, sa a se vrèman sant tout bagay la.
“Paske, Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li a pou li, pou tout moun ki kwè nan li pa peri, men pou yo gen lavi ki p'ap janm fini an.” (Jan 3:16)
Epi vèsè sa yo, ke ou petèt pa janm tande, montre byen klè kijan nou jwenn lavi etènèl la: “Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondane lemonn, men pou l sove lemonn grasa li. Pa gen okenn kondanasyon pou moun ki kwè nan li. Men, moun ki pa kwè nan li, yo deja kondane, paske yo pa kwè nan sèl Pitit Bondye a.” (Jan 3:16-18)
Se sa. Jezi deja fè travay la. Pati pa w la se reponn. Kwè nan Li, epi ou p ap fè fas ak jijman Bondye.
Ou ka pale avè L kounye a, menm jan ou t ap pale ak yon zanmi:
“Jezi, mwen kwè Ou te mouri nan plas mwen. Mwen kwè Ou te resisite. Tanpri padone peche m yo epi fè m vin yon nouvo moun. Mwen chwazi swiv Ou. Amèn.”
Si ou te fè priyè sa, se kòmansman yon nouvo lavi.
Ou padone.
Ou vin nouvo. Epi kounye a ou kanpe sou yon bagay solid.
Mwen ta renmen tande nouvèl ou.
Kite yon kòmantè sou youn nan sa yo pou m ka konnen kijan pou m priye pou ou oswa ankouraje w:
•”WÒCH" si ou bezwen fè Bondye konfyans nan yon bagay difisil kounye a
• “NOUVO" si ou fèk bay Jezi lavi w
Oubyen pataje sa Bondye ap di w atravè sa a
• Epi pataje pòs sa a ak yon moun ki bezwen ankourajman.
MoutonBondye