Pèp Revòlte

Pèp Revòlte Pèp Revòlte
leve kanpe pou nou sove peyi nou
c pa blan kap vini mete lapè nan peyi
c tet ansanm
men nan men

Team zonbi pèdi yon poto mitan, ki t al jwe nan yon bann kafou kòm mizisyen kès, misye pajamm antre, nou vin gen enfo se...
11/03/2025

Team zonbi pèdi yon poto mitan, ki t al jwe nan yon bann kafou kòm mizisyen kès, misye pajamm antre, nou vin gen enfo se bandi yo ki pranl
mesi leta payim
an leta sa pa diw anyen pou bandi viv ansanm ap retire lavi tijenn gason kap fè
rejistans yon jou lap jou

Youn nan chat Kap kraze kès leTA misye c Youn nan pigro machann bus nan peyi a gad figi chat la byen Dessalines pèp revò...
10/09/2025

Youn nan chat Kap kraze kès leTA misye c Youn nan pigro machann bus nan peyi a gad figi chat la byen Dessalines pèp revòlte

Soti: jeaty enailPou: Direksyon Digicel ak otorite nan sektè telekominikasyonNou ap fè piblik jodi a, 8 Oktòb 2025, gwo ...
10/09/2025

Soti: jeaty enail
Pou: Direksyon Digicel ak otorite nan sektè telekominikasyon

Nou ap fè piblik jodi a, 8 Oktòb 2025, gwo enkyetid nou sou pri sèvis entènèt yo an Ayiti. Pandan lavi vin pi chè, plan entènèt yo tèlman wo, yo mete yon baryè ant pèp la ak mond dijital la.

Egzanp plan aktyèl yo montre diferans ant pri ak kantite GB kliyan yo resevwa:

70 G = 3 GB

195 G = 10.5 GB pou 3 jou

490 G = 18 GB pou 7 jou

2200 G = 45 GB pou 30 jou

Pri sa yo twò lou pou pifò fanmi, travayè, ak elèv. Elèv yo bezwen entènèt chak jou pou fè rechèch, travay lekòl, ak aprann sou entènèt, men anpil ladan yo pa kapab peye plan sa yo. Sa se yon blokis kont avni jenerasyon k ap vini an.

Nou mande Digicel ansanm ak otorite ki regle sektè a pou yo:

1. Fè pri ak frè yo vin transparan epi piblik.

2. Mete plan espesyal ak rabè pou elèv, fanmi ki gen ti revni, ak moun nan zòn riral yo.

3. Bay yon repons ofisyèl ak solisyon klè nan 14 jou apati jodi a.

Si repons pa vini, n ap angaje yon mobilizasyon sitwayen pasifik: pétisyon, koleksyon temwayaj, ak aksyon legal pou defann dwa konsomatè yo.

Nou pa mande konfli — nou mande jistis.
Nou pa mande dezòd — nou mande respè pou pèp la ak avni timoun peyi a.

Dat: 8 Oktòb 2025
Siyati: jeaty enail

Joyeux anniversaire ! Je te souhaite tout ce que tu mérites : de beaux cadeaux, du bonheur, de la joie, et plein d'argen...
10/09/2025

Joyeux anniversaire ! Je te souhaite tout ce que tu mérites : de beaux cadeaux, du bonheur, de la joie, et plein d'argent

wi map aktive plan pam nannan boul nan gyet manmanw digicel pokipow sou konn sak te pare pou ou ou tap tou kite peyi a
10/09/2025

wi map aktive plan pam nan
nan boul nan gyet manmanw
digicel pokipow sou konn sak te pare pou ou ou tap tou kite peyi a

10/02/2025

Tout ekip Ann Kolabore ak Lajènès la ap di yon gwo MÈSI bay S.E Wilner Joseph pou 50 kit skolè nou resevwa yo.

Grasa jenewozite w, nou kapab ede 50 timoun antre lekòl ak plis diyite ak motivasyon pou aprann. Chak kreyon, chak kaye, chak zouti edikatif se yon pa an plis pou lavni yo — e nou rekonesan dèske ou fè pati chanjman sa a.

Ankò yon fwa, mèsi pou angajman ou bò kote lajenès la. Se ansanm n ap bati yon sosyete miyò.

Ann kolabore ak lajenès...

DG vikerson Garnier toujou ap di bagay ki pi enpotan pouli nan lavi w dwe Viv yon vi avek entegrite pa kite okenn presyo...
09/29/2025

DG vikerson Garnier toujou ap di bagay ki pi enpotan pouli nan lavi w dwe Viv yon vi avek entegrite pa kite okenn presyon lot moun enfliyansew pou bliye rev w dwe reyakize Pou popilasyon k jwenn bonjan rezilta nan domenn wap sevi yo .w toujou dwe kontribye vi w etan bon seviteur e onet konpatisan posib.ofatma se yon akte majeur de la sante e sekirite piblik o travay an ayiti pou mene a byen son aksyon de prevansyon e vilgarize sekirite sosyal yo.*🌍 DG Vikerson Ganier: Anba drapo Ayiti, li pote lespwa!*

Lè pitit Dessalines ap travèse lanmè pou mete men ak frè nou yo ann Afrik, se pa ti fyète. Se Ayiti ki leve kanpe, se vizyon ki travèse fwontyè, se lanmou pou pèp ki pa gen limit ,pep ayisyen konnen li voye yon gwo potorik gason nan misyon pou domen sante.
DG vikerson Garnier pagen pale anpil lavaud pitit peyi 💯

🇭🇹🔥 ALÈT PÈP AYISYEN 🔥🇭🇹Nan gwo chimen difisil peyi a ap travèse jodi a, Premye Minis Alix Didier Fils Aimé fè yon dekla...
09/29/2025

🇭🇹🔥 ALÈT PÈP AYISYEN 🔥🇭🇹

Nan gwo chimen difisil peyi a ap travèse jodi a, Premye Minis Alix Didier Fils Aimé fè yon deklarasyon ki fè bri nan tout 10 depatman yo. Li di fòk nou kraze sistèm transisyon an, paske se pa li ki ap pote chanjman vre.

👉 Dapre pawòl li, sèl wout ki ka sove peyi a se:

Sekirite pou tout sitwayen

Referandòm pou pèp la pran desizyon

Eleksyon lib ak demokratik pou chwazi dirijan yo

Peyi a tande, moun nan abri yo, ti machann yo, chofè moto yo, jèn lekòl yo, tout ap swiv ak anpil atansyon mouvman sa yo.
Istwa ap make non moun ki deside pran gwo responsabilite pou mete Ayiti sou ray devlopman.

Se nan men pèp la lavni chita. Nou di: Ayiti pap peri! ✊🇭🇹

Ti Peter fòs jenès la

👀Pi gro kansè péyi a Pèp la kap konn leson l ak Engra memwa kout sa 👁️Aba ""Machan'n ZANGi sispann pase Popilasyon an na...
09/29/2025

👀Pi gro kansè péyi a
Pèp la kap konn leson l ak Engra memwa kout sa 👁️
Aba ""Machan'n ZANGi
sispann pase Popilasyon an nan Rizib
👉🏾se Junior
Ti Gonayiv tout péyi a toutan 👀🙏🙏👍🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

La Russie avèti ke Etazini ka vle itilize fòs nasyon zini pou Ayiti a kòm yon pretèks pou aksyon militè kont Venezyela: ...
09/29/2025

La Russie avèti ke Etazini ka vle itilize fòs nasyon zini pou Ayiti a kòm yon pretèks pou aksyon militè kont Venezyela:

Minis Afè Etranjè Larisi a, Sergey Lavrov, te adrese li ak medya yo samdi touswit apre diskou li nan Asanble Jeneral Nasyonzini an kote Sergey avèti kont itilizasyon fòs Nasyonzini pou Ayiti a kòm yon pretèks pou aksyon militè kont Venezyela, li di repòtè nan Nasyonzini ke akimilasyon fòs Marin Ameriken yo ki toupre Venezyela, kreye yon sitiyasyon "alarman" nan rejyon an.

Li di Prezans Marin Ameriken yo nan dlo entènasyonal toupre Venezyela se yon enkyetid pou Larisi, reprezantan Amerik Latin nan ak Karayib la, brezilyen yo, ak eta zile tankou Saint Vincent ak Grenadines yo.

**"Nan non tout ekip Ann Kolabore ak Lajenès la, nou leve vwa nou pou,n swete Direktè Jeneral Rotchil Fénelon yon ekstra...
09/26/2025

**"Nan non tout ekip Ann Kolabore ak Lajenès la, nou leve vwa nou pou,n swete Direktè Jeneral Rotchil Fénelon yon ekstraòdinè bon fèt. Se yon gwo privilèj pou n selebre yon lidè ki pa sèlman enspire, men ki toujou montre kijan devouman, disiplin, ak lanmou pou travay kapab pote rezilta.

Nou swete jou espesyal sa a pote plis kè kontan, siksè, sante, ak benediksyon nan lavi w. Ke Bondye kontinye gide w nan chak pwojè w ap mennen, e ke tout rèv ou yo vin reyalite.

Fòk ou konnen jèn yo ak tout kolaboratè w yo apresye ou anpil. Ke nouvo chapit sa a nan lavi w ranpli ak opòtinite ak bèl reyalizasyon."**

Ann kolabore ak lajenès...

🔴🌺 Bon Vandredi pou pèp Ayisyen an 🌺🔴S.E. Wilner Joseph ap swete tout pitit fi ak pitit gason peyi a yon bon vandredi ki...
09/26/2025

🔴🌺 Bon Vandredi pou pèp Ayisyen an 🌺🔴

S.E. Wilner Joseph ap swete tout pitit fi ak pitit gason peyi a yon bon vandredi ki chaje ak benediksyon, lapè ak espwa pou demen miyò. 🙏🇭🇹

Jodi a se yon nouvo okazyon pou nou kontinye batay ansanm pou lavi miyò, pou jenès la jwenn plas yo, pou fanm ak gason nan tout katye ak komin santi yo gen yon gouvènman ki kwè nan yo. ✊🌍

Wilner Joseph, kòm pitit Sidès, kanpe chak jou bò kote pèp la pou defann enterè tout ayisyen nan 10 depatman yo ak seksyon kominal yo. Pòt pawòl jenès la ap voye yon gwo kout chapo bay tout moun k ap leve chak maten, malgre difikilte, pou kontinye kenbe fanmi ak peyi a kanpe. 🌿💪

Nap mande chak sitwayen pou kenbe kouraj, pa dekouraje, paske ansanm n ap rebati Ayiti nan respè, inite, ak solidarite. 💙❤️

🌞🌺 Bon Vandredi Ayiti cheri, Bon Vandredi fòs jenès la! 🌺🌞

✍🏽 Ti Peter fòs jenès la.

Address

New York, NY

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Pèp Revòlte posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share