05/30/2026
Lead2Change Haiti patisipe yè nan prezantasyon ofisyèl Gid Konbit la nan Lakou Breda nan Okap.
Ayè vandredi kite 29 me 2026, Lead2Change Haiti, atravè Fòmatris li nan domèn lekòl ak kominote Lovena Joseph, te patisipe nan prezantasyon ofisyèl Gid Konbit la ki te fèt nan Lakou Breda ak Gwoup Konbit.
Konsa, aktivite sa a te reyini plizyè pèsonalite ak aktè enpòtan ki angaje nan devlopman kominotè, pami yo Mèt Fèy Fèt, Gabrielle Aurel, ansanm ak reprezantan plizyè òganizasyon sosyete sivil ki soti nan diferan zòn ak lokalite nan Gran Nò peyi a.
Gid Konbit la se yon zouti referans ki vize ankouraje valè solidarite, koperasyon ak viv ansanm. Li enspire pa tradisyon konbit ayisyen an, epi li ankouraje adopsyon pratik kolektif ki favorize patisipasyon sitwayen yo, ranfòsman koyezyon sosyal ak devlopman dirab kominote yo jan sa te konn fèt nan tan avan yo. Li mete tou aksan sou enpòtans sinèji ant diferan aktè lokal yo pou yo kapab reponn pi byen ak defi sosyal, ekonomik ak anviwònmantal kominote ayisyen yo ap fè fas chak jou.
Kòm yon òganizasyon ki angaje nan edikasyon, lidèchip ak devlopman kominotè, Lead2Change Haiti te gen privilèj pou l patisipe nan inisyativ enpòtan sa a epi pote sipò li nan yon demach ki mete aksyon kolektif la kòm yon zouti esansyèl pou transfòmasyon sosyal.
Patisipasyon Lead2Change Haiti nan prezantasyon Gid Konbit la demontre angajman òganizasyon an nan ranfòsman kapasite kominotè yo ak pwomosyon yon kilti kolaborasyon ki djanm. Nou salye inisyativ sa a ki pote anpil espwa epi ki kontribye nan fè reviv valè solidarite nan youn ede lòt anndan kominote nou yo. Nou rete kwè ke devlopman dirab depann de patisipasyon tout aktè yo. Se poutèt sa nou, nou reafime volonte nou pou nou kontinye akonpaye ak pote soutyen pou tout aksyon ki favorize inite, patisipasyon sitwayen yo ak konstriksyon yon sosyete ki pi enklizif, pi rezistan ak pi pwospè pou jenerasyon jodi a ak jenerasyon k ap vini yo.