19/04/2026
ANPIL MOUN PA RIVE KONPRANN KI RISK YON BAZ MILITÈ ETRANJE GENYEN SOU TÈRITWA YON PEYI TANKOU AYITI 🇭🇹.
Selon prensip jeneral ki gouvène kestyon souverènte ak sekirite, men sa yon peyi dwe atann lè li aksepte yon baz militè etranje sou tè li:
1. Ewozyon souverènte nasyonal.
Yon gwo pati nan souverènte peyi a ka disparèt, sitou nan ka Ayiti ki pa gen ase kapasite militè ak politik pou fè respekte otorite l.
Nan ka ekstrèm, Leta a ka pèdi kontwòl reyèl sou kèk desizyon estratejik.
2. Dominasyon politik ak enfliyans ekstèn.
Prezans yon pisans etranje sou tè a ap mennen nou nan yon enfliyans dirèk sou lavi politik peyi a.
Lè pisans sa a adopte yon lojik pouvwa ki sanble ak sa Nicolas Machiavel te dekri (domine pa tout mwayen), risk pou manipilasyon ak kontwòl vin pi grav pou peyi a.
3. Transfòmasyon peyi a an sib militè.
Ayiti etanke peyi ki akeyi baz la vin otomatikman antre nan kalkil jeyopolitik entènasyonal yo.
Sa vle di li ka tounen yon sib nan konfli li pa t chwazi e ki pa menm nan enterè dirèk li, mete lavi popilasyon an an danje. E la Etazini gen plan lontan pou l gen yon baz militè an Ayiti. Sitou an soutyen ak lide yo gen pou anvayi Cuba. Yo pale de sa nan yon feyton ki rele The Last Ship, sezon 2, epizòd 2. Ou ka konprann ou pa nan gè epi chak jou wap leve ak kote yon misil ka ateri 😭
4. Tansyon sosyal ak kiltirèl.
Kowabitasyon ak fòs etranje ka lakòz:
→Chòk kiltirèl,
→move entèraksyon sosyal
ak ogmantasyon zak abi oswa kriminalite.
Sa ka kreye yon klima tansyon ant popilasyon lokal la ak prezans etranje a. Sa ki te fèt deja nan pase, kote ameriken te asasine anpil sitwayen.
5. Depandans ekonomik estriktirèl.
Ekonomi peyi a ka vin depann anpil de prezans baz la (travay, dola, asistans).
Nan yon kontèks frajil tankou pa Ayiti a, depandans sa ka menm mennen nan yon fòm dominasyon monetè ak feblès ekonomik pi fon kote lajan ka menm ranplase. E si sa ta rive... hmmm!
6. Eksplwatasyon resous ak pèt kontwòl plis teritwa...