Fanmoze Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Fanmoze, Organisme communautaire, Léogane, Ville de Léogane.

Aba vyolans seksyèl! Nou tout gen dwa viv san laperèz.    Fanmoze Dwa nou  Devwa nou   Avni nou
06/12/2025

Aba vyolans seksyèl! Nou tout gen dwa viv san laperèz.


Fanmoze
Dwa nou Devwa nou Avni nou

Ou gen bagay ki sou kè w? Ou vle pale, konprann, aprann?Fanmoze ap envite w nan “Konbit Jèn & Deba” yon espas lib kote v...
25/08/2025

Ou gen bagay ki sou kè w? Ou vle pale, konprann, aprann?
Fanmoze ap envite w nan “Konbit Jèn & Deba” yon espas lib kote vwa w konte, se espas ou pouw egziste🗣️🩷💜

💜29 Out 2025 — 3:30 PM — Obsession Club (Wout Sayira)

ANN KOZE sou:
• Ejakilasyon fanm
• Vyolans nan relasyon
• Sèks a**l

Vini reflechi, vini pataje nan respè sitou san jijman,
Ou pa pou kont ou. Vwa w gen valè.

📲 +509 4263 8358 | 3934 7969


MedikaPlant
fans

12/08/2025

Leve yon tifi se pa selman mete lekòl, ba li manje, ba li rad ak sa li renmen, se enkilke li valè, ede li endepandan, se pa dil poul pa tonbe men pito aprann li kòman poul lève lèl tonbe.Fanmoze te gen seyans pratik ak jenn nou yo, yo tap aprann trese ak alonj, nou pa sèlman pale ak yo, nou ede yo konprann plis sou kapasite yo genyen pou yo endepandan epi pou yo ka itil tèt yo. Yon gwo mèsi ak Jefte Thelisma pou sipò li🫂Nap kontinye fè sa nou kapab🙌🏾

Eske yon Ex ka vin yon bon zanmi?Eske jalouzi se yon prèv lanmou oswa yon mank konfyans?Se te yon deba chaje ak chalè, r...
12/08/2025

Eske yon Ex ka vin yon bon zanmi?
Eske jalouzi se yon prèv lanmou oswa yon mank konfyans?

Se te yon deba chaje ak chalè, reyèl, epi ki fè nou konsyan de anpil bagay nou pa toujou bay atansyon nan lavi chak jou nou.

Nou te pataje panse nou ak respè, onètete, ak kè ouvè.
Nou te ri, nou te reflechi, nou te aprann. Se pa sèlman deba li te ye, se te yon moman refleksyon sou relasyon, sou limit, sou tèt nou, epi sou kwasans pèsonèl.

Mèsi ak tout patisipan yo pou mityèl respè ak enèji pozitif yo.
Nou kontinye bati espas kote vwa jèn yo konte.
Nou kontinye OZE.







Fanmoze
Dwa nou Devwa nou Avni nou

Like, comment, share📌

Se te yon aprè midi ki te chaje ak leson, refleksyon, ak bèl moman!  Nou te diskite, pale verite, ri ansanm, jwe ansanm,...
02/08/2025

Se te yon aprè midi ki te chaje ak leson, refleksyon, ak bèl moman!
Nou te diskite, pale verite, ri ansanm, jwe ansanm, epi pi bèl la, nou te *koute youn lòt ak respè.

Nan yon espas kote chak opinyon konte, nou te reflechi sou tèt nou, sou peyi nou, sou valè nou kòm jèn.
Nou kwè nan fòs vwa jèn yo, e nou kontinye bati espas kote yo ka eksprime tèt yo, san laperèz.

Mèsi ak tout moun ki te patisipe e ki fè aktivite sa tounen yon bèl chimen espwa.
Nou pa ka pale sou jèn yo, san yo pa la pou pale!





31/07/2025

*Fòmasyon, Rezine * Nan kad yon bèl inisyativ, nou te reyini ansanm ak timoun yo pou yon fòmasyon solid sou konesans, reyalite ak solisyon. Se pa t yon senp rankont, men yon moman pataj kote nou *aprann*, *reflechi*, epi *louvri lespri nou* sou valè tèt nou, sou kilti, sou respè ak sou devlopman.Chak timoun te patisipe ak tout kè yo. Yo te poze kesyon, yo te konprann plis sou tèt yo ak sou sosyete a. Se konsa nou konstwi jenerasyon kap vin dirije ak renmen peyi yo!Nou kwè nan lespwa. Nou kwè nan timoun yo. Nou kontinye simen limyè!

Fòmasyon Rezine Nan kad yon bèl inisyativ, nou te reyini ansanm ak timoun yo pou yon fòmasyon solid sou konesans, reyali...
31/07/2025

Fòmasyon Rezine
Nan kad yon bèl inisyativ, nou te reyini ansanm ak timoun yo pou yon fòmasyon solid sou konesans, reyalite ak solisyon. Se pa t yon senp rankont, men yon moman pataj kote nou h aprann, reflechi, epi *louvri lespri nou* sou valè tèt nou, sou kilti, sou respè ak sou devlopman.

Chak timoun te patisipe ak tout kè yo. Yo te poze kesyon, yo te konprann plis sou tèt yo ak sou sosyete a. Se konsa nou konstwi jenerasyon kap vin dirije ak renmen peyi yo!

Nou kwè nan lespwa. Nou kwè nan timoun yo. Nou kontinye simen limyè!





Fanmoze
Dwa nou Devwa nou Avni nou

Aprann yo fè soup joumou📌Bay yo modèl pozitif, mete yo nan pozisyon responsablite depi yo piti, ankouraje patisipasyon y...
28/07/2025

Aprann yo fè soup joumou📌
Bay yo modèl pozitif, mete yo nan pozisyon responsablite depi yo piti, ankouraje patisipasyon yo, epi montre yo ke yo gen valè.

Soup joumou se yon senbòl fyète, libète, ak endepandans pou pèp Ayisyen, se pa selman yon manje se kilti nou, viktwa nou, istwa nou ki toujou fè nou sonje Kiyès nou ye🙌🏾

Si timoun yo se avni peyi a se devwa pi gran yo pou enkilke yo valè pou kenbe tradisyon nou

preparel ansanm, nou bwèl ansanm 🙌🏾

Fanmoze
Dwa nou devwa nou avni nou

Yagwana tout timoun📌

01/07/2025

Èske enfidelite fè yon moun vin move moun? Gen anpil kesyon ki leve lè nou pale de enfidelite. Èske yon aksyon tankou sa defini tout valè yon moun? Èske li fè ou vin yon 'move moun' nèt ale? Poukisa fanm, malgre doulè a, souvan chwazi padone plis pase gason?"Nan videyo sa a, nou bay pawòl ak opinyon Lexinor Robert nan moman “Ann Koze” sou yon tèm ki sansib, men ki touche anpil moun. Nou pa la pou jije, men pou konprann, reflechi, e ouvè dyalòg. Kite lide w pale. Eske ou ta padone? Eske ou panse gen limit? Pataje panse w anba videyo a ✨ ̀gOuvè

21/05/2025
Byen fete fondatris/direktris nou, nou renmen oze ansanm
17/05/2025

Byen fete fondatris/direktris nou, nou renmen oze ansanm

Adresse

Léogane
Ville De Léogane
0121

Téléphone

+50939347969

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Fanmoze publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Fanmoze:

Partager