06/07/2025
Ekip Foutbòl Medam Bènagous la : Yon Viktwa Ki Make Istwa nan Palmis (Duquillon)
Ant mwa septanm ak oktòb 2022, sou teren foutbòl lokalite Palmis (Duquillon), ekip foutbòl medam Bènagous la make yon bèl paj nan liv espò kominote a. Nan yon match difisil kont ekip Lizonèt, yo rive kalifye ak fyète malgre tout obstak ki te sou wout yo.
Sitou, tout lòt ekip te mete tèt yo kont Bènagous, e menm ansyen manm nan federasyon an te fè tout efò pou yo elimine yo. Dènye tantativ la mennen yon dosye devan tribinal Koray, men verite a te klere, e jistis te pran plas li.
Malgre tout diferans, tout presyon, tout mepri — fiyèt ak talan medam yo leve kanpe. Viktwa sa a te tounen yon sous kè kontan ak fyète pou tout fanatik Bènagous yo. Depi apre match la, banbou, kata ak chante te anvayi lari a, soti lajounen pou rive nwit, pou selebre jèn fi kouraj sa yo ki chwazi batay, pa plenyen.
Bènagous se senbòl detèminasyon. Viktwa sa a se pa sèlman yon match, se yon mesaj: fanm kapab!