29/10/2023
18 novanm 2023 k'ap vini la pwal fè OCAACI 5 ane depi li ekjiste.
M'ap remèsye bon Dye ki toujou avek nou.
M'ap remèsye tout sitwayen ki kwè nan nou, ki kwè nan travay nou yo e ki toujou sipote n sitou aktivite nou yo.
M'ap remèsye tout manm nou yo ki toujou solidè avek nou e ki toujou bay tout yo menm pou avansman Oganizasyon an.
5 ane sa vle di anpil bagay pou nou paske anpil aktivite reyalize, sak fè nou plis kontan anko preske tout manm nou yo gen yon ti bagay nan men yo menm lè li pa gwo pou yo chache lavi bay fanmiy yo.
N'ap toujou konvèje fòs nou ansanm pou n fè wout lan ansanm paske se sel fason pou w kapab konfronte lavi.