KANGA BILA

KANGA BILA Li lè. Li tan. Se kounye a. KANGA BILA

14/05/2025

💰BÒLÈT KANGA BILA 💰

Pou devlopman Sosyo-ekonomik!!!

Nan lide pou leve fon pou mouvman KANGA BILA, espas sa kreye pou nou pataje boul bòlèt san n pa bezwen peye antre men ak kondisyon depi w pran yon boul ou jwe l, li sòti; wap kontribye 10% nan lajan w fè a ak KANGA BILA. Sekretè Jeneral la ap resevwa fon an pou w pase bay trezorye KANGA BILA. Fon sa ap itilize sèlman pou travay sosyal.

KANGA BILA
KANGA BILA
KANGA BILA

Se nou ki te bay siyal endepandans la tirivye latibonit se rozo
02/05/2025

Se nou ki te bay siyal endepandans la tirivye latibonit se rozo

Nòt pou LaprèsKanga Bila di fò, di klè: Ti Rivyè Pap Péri!Ti Rivyè Latibonit, 1er me 2025 Nan moman sa kote komin Ti Riv...
02/05/2025

Nòt pou Laprès

Kanga Bila di fò, di klè: Ti Rivyè Pap Péri!
Ti Rivyè Latibonit, 1er me 2025

Nan moman sa kote komin Ti Rivyè Latibonit ap soufri anba men mechan, anba zak mesye ak zam ki simen laterè, kraze fanmi, boule kay, e mete pèp la nan lari san abri — Kanga Bila leve vwa li pou di: Ti Rivyè pap pèdi direksyon li!

Nou wè, nou tande, nou santi doulè frè ak sè nou yo. Plizyè fanmi oblije kite kay yo, kouri kite tout sa yo posede, ap dòmi anba galri, nan simityè, sou galri legliz. Nou viv yon dram moun pa ta sipoze ap viv nan peyi ki gen memwa revolisyon.

Men nou vle fè tout moun sonje:
24 mas 1802, se pa ti dat. Se premye kout zam endepandans lan ki te tire sou tè sa.
Se Dessalines ak pitit peyi sa ki te leve kanpe, e jodi a, nou menm nou pap bese tèt.
Nou pap kite sa n soti lwen bati a tonbe nan men bandi.

Ti Rivyè Pap Péri.
Li ka soufrans, li ka doulè, men li se sèl grenn plas kote Lespwa ak Dwa Moun toujou leve kanpe.

Kanga Bila ak tout moun ki kwè nan limyè, nan jistis, di ak fòs: N ap kenbe! N ap rete djanm!

Nou lanse apèl bay tout otorite moral, espirityèl, ak sosyal yo pou yo mete tèt ansanm, pou pa kite komin nan tonbe anba fè nwa.

N ap mande solidarite, sekou, ak aksyon prese pou soulaje viktim yo epi reprann kontwòl lavi nou.

Kanga Bila di l konsa:
Nou pap esklav ankò, viv Dessalines!
Ti Rivyè se flanm! Ti Rivyè se flèch! Ti Rivyè pap pèdi!

Pou Kanga Bila
Enperatris Kettia Exantus

24/04/2025

à dieu Jean jaklin exantus(neg e. | Check out félicitée lycan LIVE videos on TikTok! Watch, follow, and discover the latest content from félicitée lycan.

*Prezantasyon sou KANGA BILA**Kisa KANGA BILA ye?*KANGA BILA se yon mouvman mistik, espirityèl e sakre ki sòti nan kè za...
14/04/2025

*Prezantasyon sou KANGA BILA*

*Kisa KANGA BILA ye?*

KANGA BILA se yon mouvman mistik, espirityèl e sakre ki sòti nan kè zansèt yo, leve sou limyè lwa yo, epi chita sou responsabilite mistè pou defann pèp ayisyen kont fènwa, ensekirite, trayizon ak destriksyon.

Se pa yon pati politik, se pa yon òganizasyon legal sèlman — se yon repons mistik, yon leve limyè, kote tout fòs ki serye mete tèt ansanm pou repran kontwòl sou tèritwa, sou enèji, sou konsyans pèp la.

*Poukisa nou rele li "KANGA BILA"?*

Nan lang sakre ak pawòl kache,

*“KANGA” vle di mare, mete baryè, mete limit.*

“*BILA”* se flanm, vibrasyon, chay mistik ki soti nan kè mistè.

KANGA BILA se non yon aksyon, yon fòs, yon mouvman kote tout sa ki pou limyè mete tèt ansanm pou mete fren sou sa ki mennen lanmò.

*Sa KANGA BILA ap fè?*

Netwaye peyi a mistikman.

Koupe koneksyon espirityèl ki sèvi fènwa, kidonk ekspoze ak dechouke sa ki sèvi mistè pou mete pè.

Fòme rezo sèvis, fòs ak aksyon sakre pou chak zòn, chak komin, chak lakou.

Mande Leta pou pran responsabilite li, men si li pa reponn, mistè yo ap reponn.

*Kiyès ki ladan l?*

Tout moun ki kwè nan limyè.
Tout Houngan, Manbo, Bòkò, Sèvitè, hunsi, granmoun Lakou, Jèn Rasin ki pa trayi.
Tout sosyete sekrè ki chita sou prensip: disiplin, respè mistè, sèvis pèp.

KANGA BILA, se flanm sakre espirityèl.

Mouvman an se yon inisyativ espirityèl ak mistik Hayti, yon estrikti ki veye sou lwa yo, sou prensip yo, sou rasin mistè ki bay Hayti pouvwa, e ki mete konsyans devan enèji.

_*KANGA BILA se pa pawòl — se aksyon._*

KANGA BILA pa trayi — li netwaye.
KANGA BILA pa pè — li mete lòd.

KANGA BILA PALE. NOU LEVE POUN PRAN KONTWÒL ERITAJ NOU.

_*ENPERATRIS NASYONAL MANBO KETTIA FELICITE EXANTUS - 509 3927 7513_*

1449 Followers, 192 Following, 260 Likes - Watch awesome short videos created by NKANGABILA

12/04/2025

Se ak gwo tristès ke nou menm, manm KANGA BILA t’aprann lanmò hougan Aliyandre nan Belladère seksyon Wasek/Sanpèt section nan lokalite Sanpèt ki te pran nesans 4 Me 1924, travèse 8 Avril 2025.

🎶Anye eya pase nape pase 🎶 anye eya Yongòdò nou pat vini pou nou rete…🎶

Kòdoleyans avèk tout fanmi/zanmi; fòs ak kouraj. Nou pataje pènn nou, nou jete dlo pou’n salye depa ganga Aliyandre.

Bon travèse ganga, ke’w vwayaje nan limyè. Ke espwi zansèt meritan yo resevwa’w anbyen nan wayòm yo, ke espwi’w soulaje doulè fanmi’w ak zanmi ou yo, ke lespwi’w devni espwi limyè nan fanmi’w e pou’w kontinye gide yo.

🎶 Adje Mpemba Zile ma Zile Mpemba Mpemba Mpemba louvri chimen pou l rantre…🎶

Afo Afofo 🕯️Woukoukou woukoukou woukoukou🕊️
Boyile gbohoun gbohoun sèlidò 🕊️

Hougan Aliyandre ap rete nan memwa nou kòm yon moun ki te nan mitan nou ki kite yon mak ki pap janm efase. Souvni li yo ap viv pou tout tan nan kè nou.

Enperatris Nasyonal Manbo Kettia Exantus

12/04/2025

Se jodia ou jame kiltinn ka chanje sa

12/04/2025

Adresse

Pivert # 64
Saint-Marc

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque KANGA BILA publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager