En Avant Nord Ouest - EANO

En Avant Nord Ouest - EANO Ensemble debout pour un Nord Ouest, Uni, Prospère et Solidaire

02/09/2025

Organisation E-ANO ( En avant Nord’ouest )
Nòt Pou Laprès Pou Denonse Rezilta Egzamen 9e AF Yo Nan Depatman Nòdwès La!!!!*

Organisation Socio - Professionnel, En Avant Nord Ouest ( E- ANO)
Ap Salye Tout Medya Ki Nan Depatman Nòdwès La ( Presse Parlée, Écrite, Télévisée, Et En Lignes - Réseaux Sociaux). *E - ANO* ap Profite Men'm Okazyon Sa Pou'n Denonse Ak tout Fòs Nou masak Ke Edikasyon Nasyonal Fè Nan Rezilta Egzamen Nodwès Yo.

Nou menm nan *E-ANO*, nou leve vwa nou ak tout kòlè nou pou denonse zak imilyasyon sa ki Chaje mechanste Al diskriminasyon ki fèt kont jèn nou yo nan depatman Nòdwès la nan rezilta egzamen 9yèm AF yo.

*Se yon krim moral, yon masak edikatif, yon wont!*
Ki jan pou yo di nou, nou gen plis echèk nan Rezilta Egzamen 9e AF Yo pase depatman Lwès la , Kote lekòl pat fonksyone pandan Plizyè mwa? E Nòdwès la, kote lekòl te louvri, timoun te ale lekòl, se nou yo jije pi sòt?

Nou pa avèg, nou pa Bèbè!
Sa montre gen manipilasyon, neglijans, oswa pi mal, *vyolans sistemik kont Nòdwès la*. Èske se paske nou pa gen gwo lyen politik? Èske se paske nou pa pale fò? NON! Nou pap aksepte sa!

Nou mande:
- Yon revèy konsyans kolektif paran, pwofesè, direktè ak tout kominote ya.
- Otorite yo pou Nou Mandé Pou re-evalye rezilta Egzamen sa yo
- Mete fen ak itilizasyon sistèm edikatif lan pou Fè Politik Zòn Ak Depatman ( Mou'n Lavil, Mou'n Andeyò) Kap Plede kase espwa timoun andeyò yo!*

Fok sa chanje! Lekòl pa fèt pou kraze rèv, li fèt pou bati demen!

Fè nan Saint-Louis du Nord
*Pou E-ANO*,

Me Altémé Nivensley
Coordonnateur

Adresse

Saint-Louis Du Nord
HT3210

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 15:00
Mardi 08:00 - 15:00
Mercredi 08:00 - 15:00
Jeudi 08:00 - 15:00
Vendredi 08:00 - 15:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque En Avant Nord Ouest - EANO publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager