Amelno Association des Médias en Ligne du Nord-Ouest

𝐍Ò𝐓 𝐏𝐎𝐔 𝐃𝐄𝐍𝐎𝐍𝐒𝐄 𝐌𝐄𝐍𝐀𝐒 𝐀𝐊 𝐄𝐍𝐓𝐈𝐌𝐈𝐃𝐀𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐅𝐑𝐀𝐍𝐓𝐙 𝐑𝐎𝐎𝐒𝐕𝐄𝐋𝐓 𝐑𝐎𝐌𝐎𝐍𝐃𝐓 𝐀𝐏 𝐒𝐈𝐁𝐈 𝐀𝐍𝐁𝐀 𝐌𝐄𝐍 𝐏𝐖Ò𝐂𝐇 𝐒𝐀𝐊𝐀D 𝐕𝐀𝐓𝐈𝐊𝐀𝐍Association des Médias...
03/04/2026

𝐍Ò𝐓 𝐏𝐎𝐔 𝐃𝐄𝐍𝐎𝐍𝐒𝐄 𝐌𝐄𝐍𝐀𝐒 𝐀𝐊 𝐄𝐍𝐓𝐈𝐌𝐈𝐃𝐀𝐒𝐘𝐎𝐍 𝐅𝐑𝐀𝐍𝐓𝐙 𝐑𝐎𝐎𝐒𝐕𝐄𝐋𝐓 𝐑𝐎𝐌𝐎𝐍𝐃𝐓 𝐀𝐏 𝐒𝐈𝐁𝐈 𝐀𝐍𝐁𝐀 𝐌𝐄𝐍 𝐏𝐖Ò𝐂𝐇 𝐒𝐀𝐊𝐀D 𝐕𝐀𝐓𝐈𝐊𝐀𝐍

Association des Médias en Ligne du Nord-Ouest d’Haïti - AMELNOH ap denonse ak tout fòs li zak menas ak entimidasyon pwòch Sakad Vatikan ap fè sou jounalis kiltirèl Frantz-Roosvelt Romondt akoz yon enfòmasyon sou arestasyon atis la Frantz pataje sou platfòm FrantzHits Show.

AMELNOH ap fè remake ni madanm Sakad, ni Manager atis la pa janm demanti enfòmasyon Frantz lan. Yo konfime l pito.

Kidonk, AMELNOH kanpe djanm dèyè do travayè Laprès Frantz Roosvelt Romondt ki pataje yon enfòmasyon ki VRÈ ak piblik li a.

Nan yon sosyete demokratik, tout travayè Laprès dwe kapab egzèse metye jounalis la san presyon ak entimidasyon. Se pou sa AMELNOH ap mande lajistis ak lapolis pran nòt sou menas tout kalte Frantz Roosvelt Romondt ap sibi akoz li chwazi fè metye l ki se enfòme popilasyon an. AMELNOH ap swete Frantz Roosvelt Romondt kenbe fè m pandan l ap kontinye ogmante prèv (foto, tèks, vòys, apèl anomim) li genyen sou yon seri moun sou rezo a pou soumèt yo bay Lajistis.

Asosyasyon an deja pare pou l pote tout sipò l bay jounalis kiltirèl Frantz-Roosvelt Romondt

Pou AMELNOH:

Aldais Show
FrantzHits Show
LAKAY Média
Média ToutKote
Parenthèse Média
Port-de-Paix Spotlight

NÒT SOLITARITE AK JOUNALIS Mario Valmé FAS AK ZAK ENTIMIDASYON AK DIFAMASYON  DjT-d'or Pa Gentan__________________AMELNO...
06/02/2025

NÒT SOLITARITE AK JOUNALIS Mario Valmé FAS AK ZAK ENTIMIDASYON AK DIFAMASYON DjT-d'or Pa Gentan
__________________

AMELNO - ASSOCIATION DES MEDIAS EN LIGNE DU NORD-OUEST

AMELNO ap denonse ak tout fòs li zak entimidasyon ak difamasyon Luc Abner Saintil alyas DJ T-d’Or fè sou jounalis Mario Valmé nan egzèsis metye jounalis li.

Zak malonèt sa rive madi 28 janvye 2025 kote DJ T-d’Or atake ouvètman sou Facebook jounalis Mario Valmé pou sal imaj pwofesyonèl Laprès la ak yon seri akizasyon ki pa kanpe sou anyen.
Li inakseptab pou yon sitwayen panse l ka mete baboukèt nan bouch Laprès an 2025 nan moman kote Ayiti ap batay pou l rete sou ray demokrasi a. Okenn sitwayen paka deside kiyès pou Laprès bay mikwo. Tout jounalis dwe lib e libè pou fè travay yo san fòs kote.

Kidonk, AMELNO ap ankouraje jounalis Mario Valmé pou l pa neglije pran chimen lajistis fas ak zak entimidasyon ak difamasyon Luc Abner Saintil alyas DJ T-d’Or fè sou li a pandan asosyasyon an ak tout lòt medya ki manm li pwomèt pou akonpànye l.

-FEN-

Pou AMELNO:

Aldaï Show
Feckymix Top Antenne
Frantz Hits Show
Média Tout Kote
Parenthèse Média
Port-de-Paix SpotLiht
LAKAY Média

NÒT POU LAPRÈS
12/11/2024

NÒT POU LAPRÈS

Adresse

Rue Du Quai (Local: La Joie Des Amis/FrantzHits Show)
Port-de-Paix
HT3110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Amelno publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager