Organisation pour l'Identification et la Migration OIMI

Organisation pour l'Identification et la Migration OIMI OIMI: c'est une organisation qui travail dans le domaine d'Identification et la Migration.

Nan okazyon jounen mondyal Dwa Fanm yo,   koube l byen ba Pou l salye kouraj ak detèminasyon tout Fanm Vanyan yo, konsta...
08/03/2026

Nan okazyon jounen mondyal Dwa Fanm yo, koube l byen ba Pou l salye kouraj ak detèminasyon tout Fanm Vanyan yo, konsta a klè Ayiti pap rive jwenn Chimen delivrans la san angajman ak enplikasyon Fanm yo. Fanm se manman lavi, avek Angajman epi enplikasyon yo, Ayiti ka reviv ankò.

Me. Wilgens Milius
Kòdonatè

Ekip   la (Collectif des Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti)  estime ke genyen nesesite Pou tout aktè yo j...
23/01/2026

Ekip la (Collectif des Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti) estime ke genyen nesesite Pou tout aktè yo jwenn yon fòmil Pou yo mete tèt ansanm epi pwopoze yon sèl altènativ Pou retire peyi a nan sal ye la a, si non Jou kap vini yo ka pi tris Pou peyi a.

Si n pa dakò mete tèt Nou ansanm Pou n Sove Peyi sa a, Nou kap Pèdi, Nou tout kap viktim, Nou tout kap mouri.

Si w konsyan ke li enpotan Pou n fè solidarite a rejwen n Nou e nap rejwen n ou, paske mesaj Nou yo pa depaman "Ayiti bouke, Ayiti paka desann pi ba ke sa" se pitit Ayiti ki Pou retire Ayiti kote l ye la a.

Jwèt Pou Nou.

Me Wilgens Milius
Kòdonatè CICASH

*Pwopozisyon sòti kriz ke CICASH pwopoze a chita sou aksyon sa yo.* Lè n konsidere  ke akò 3 avril la, nan seksyon 1, at...
10/01/2026

*Pwopozisyon sòti kriz ke CICASH pwopoze a chita sou aksyon sa yo.*

Lè n konsidere ke akò 3 avril la, nan seksyon 1, atik 1.1, epi seksyon 7 (VII) atik 20 alinya 4, ki te bay CPT priyorite sa yo.

1) Bay pèp la sekirite
2) Relanse ekonomi an
3) Refòm konstitisyon an ak enstitisyon yo
4) fè eleksyon

Nou konstate ke anyen nan sa CPT te genyen kòm misyon e obligasyon pa reyalize.

Konsidere ke akò 3 avril 2024 te pwevwa manda CPT a ap fini 7 fevriye 2026.

*Pou Peyi a sòti Nan sal ye la a. CICASH (Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti) wè fok prensip sa yo se bousòl Nou:*

1) Enklizyon nasyonal
2) Legalite epi lejitimite
3) Sekirite tout Moun
4) Transparans ak bay rapò sou tt sa kap fèt yo
5) Souverènte Nasyonal.

*Nou idantifye 6 Aks stratejik Pou Peyi a sòti kote l trouve l la.*

1) Retabli Sekirite sou tout tèritwa a

2) Fok Nou gen yon gouvènans tranzisyon ki kredib

3) Relanse ekonomi an

4) Bay sipò sosyal avek pèp la an ijans

5) Lanse Dyalog Nasyonal epi Rekonsilye pèp la avek Leta.

6) Fè refòm nan enstitisyon yo answit fè eleksyon

*Nou men m nan CICASH Pou Peyi pa eklate nèt 7 fevriye Nou pwopoze yon metòd Pou n chwzi Prezidan an.*

Nou pwopoze Pou gen yon eleksyon endirek ki fèt, Pou n kapab jwenn yon Prezidan Repiblik kap sòti Nan Kou Kasasyon, kap konfòm ak sa ki rele prensip kontinwite Leta.

Demach sa a chita sou yon konsètasyon ant CPT a avek Gouvènman an.

Kap gen Pou wòl konvoke an ijans enstitisyon sa yo (ou byen Moun sa yo)

1) 146 Majistra (Mè) yo ki Nan Chak komi n yo.

2) 571 KAZEK ki Nan seksyon kominal yo

3) 3 Reprezantan Djaspora

4) 10 Reprezantan Chak Bawo yo

5) 2 Reprezantan Asosyasyon Majistra (komisè Gouvènman P - au - P epi Dwayen Tribinal Premye Enstans la

6) 3 Reprezantan Òganizasyon Dwa Moun

7) 1 Reprezantan Legliz katolik

8) 1 Reprezantan Legliz Pwotestan

9) 1 Reprezantan Vodou

10) 1 Reprezantan Inivèsite Leta a

11) Chef Lapolis la

12) Liyetnan General Fòs Ame Ayiti.

Kap bay yon total *741* Moun (Reprezantan)

*Men ki kalandriye Nou pwopoze nan CICASH*

CPT ak Gouvènman an dwe konvoke tout Reprezantan nou sot site anlè yo ant 15 a 17 janvye.

*** 18 janvye dwe gen yon Premye Asiz Pou Nou ka élu yon komisyon kap gen ladan n:

A) Legliz katolik
B) Legliz protestant
C) Vodou.

Komisyon ap genyen Pou misyon Pou yo ale ankete sou moralite Jig kou Kasasyon yo sof prezidan kou Kasasyon an. Pandan 5 Jou.

**** 24 Janvye ap genyen yon dezyèm Asiz kote komisyon an AP vini prezante rapò ankèt la.

Komisyon an ap remèt CPT a avek Gouvèman an rapò a, yo men m ki pwal prezante Jig ki onèt epi kredib yo bay asanble a.

Jig sa yo pa genyen 24, 25, 26 janvye Pou yo fè kanpay.

27 Janvye ap gen yon twazyèm Asiz kote Jig yo pwal prezante politik jeneral yo bay asanble epi Pou asanble a tou vote.

NB: Liyetnan jeneral Fòs Ame Ayiti a avek Chef Lapolis la ap jwe wòl moderatè.

Ant 27 ou 28 Janvye selon lè vot la fini an, CPT a avek Gouvènman an ap anonse avek ansanble a kiyes ki ranpòte eleksyon an.

NB: Tout sa kap fèt yo laprès dwe la.

Pou Fini CPT avek Gouvènman an ap genyen 9 Jou, sa vle di sòti 29 Janvye Pou rive 6 fevriye Pou prepare envestiti nouvo Prezidan Élu a, 7 fevriye 2026.

Swivan Refleksyon Nou men m nan CICASH Propozisyon sa a ap evite Peyi a efondre plis.

Me. Wilgens Milius
Kòdonatè CICASH.

08/01/2026

Proposition de sortie de Crise des Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti.
08/01/2026

Proposition de sortie de Crise des Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti.

*Repensons l’Identification Nationale en Haïti : Un Système Obsolète Qui Freine Notre Avancement*Par Me. Wilgens Milius,...
13/05/2025

*Repensons l’Identification Nationale en Haïti : Un Système Obsolète Qui Freine Notre Avancement*

Par Me. Wilgens Milius,
Président de l’OIMI (Organisation pour l’Identification et la Migration)

En Haïti, le processus d’identification des citoyens est non seulement archaïque, mais aussi profondément inefficace. À l’heure où de nombreux pays simplifient l’accès à l'identité légale, notre système repose encore sur une mécanique lourde, coûteuse et injustement complexe. Il est temps de repenser ce modèle.

Aujourd’hui, obtenir une pièce d’identité en Haïti, c’est entrer dans un véritable labyrinthe administratif. Tout commence par l’acte de naissance délivré par l’officier de l’État civil. Mais cet acte seul ne suffit pas. Il faut ensuite demander un extrait de cet acte, puis faire légaliser l’extrait auprès du parquet, du ministère de la Justice, et parfois même des Affaires étrangères. Ce processus n’est pas seulement absurde, il est profondément inefficace et chronophage.

Ce système brûle le temps et freine notre développement. Il pénalise les citoyens, notamment ceux des zones rurales, qui doivent parcourir de longues distances et dépenser de l’argent qu’ils n’ont pas, simplement pour prouver leur existence. Il ouvre aussi la porte à la corruption et à l’exclusion sociale.

Dans une époque dominée par la technologie et la simplification des démarches administratives, Haïti doit moderniser son système d’identification. Il est inadmissible qu’une personne doive franchir autant d’étapes pour obtenir un document qui devrait lui être accessible de façon directe, rapide et sécurisée.

À l’OIMI, nous croyons qu’il est urgent d’instaurer un système numérique centralisé où chaque citoyen peut être enregistré dès sa naissance, et où ses données sont protégées, accessibles et reconnues sans avoir besoin de répétitions inutiles. Cela permettra non seulement de mieux identifier nos concitoyens, mais aussi de leur offrir un accès plus rapide à leurs droits civiques, sociaux et économiques.

L’identification n’est pas un luxe, c’est un droit fondamental. Et quand ce droit devient un privilège réservé à ceux qui peuvent naviguer dans les méandres administratifs, c’est la démocratie elle-même qui est menacée.

Repensons, innovons, simplifions. Pour un Haïti plus juste, plus inclusif, et enfin tourné vers l’avenir.

16/03/2025

*Mesaj enpòtant*

Staff an, Kòdinasyon Depatmantal Lwès *, * * , * * , * * , ap enfòme tout moun kite fè kat Delmas 83 gen pwologasyon lendi 17 mas ak Madi 18 mas vini pwan kat nou te gè yo, epi pase fè kat si nou pat ko genyen , yon n di lòt nap komanse de 9h AM Pou rive 2h30 PM.

Pou Nouvo kat mache avek kopi Ak denesans ou byen ekstrè achiv, Pou moun ki kat Kase, Pou Kat pedi mache avek deklarasyon lapolis.

Pa di w pat konnen.

Adrès la se Delmas 83, Lokal CEDEC.

14/03/2025

Degaje w Pou w ale fè kat pa w la, ONI fè yon ti efò, li bay kat yo rapid wi kounye a degaje w ale fè pa w la.

NB: anpil moun kite fè kat yè jwenn kat yo a Jodi a.

Ekip la pa domi Pou ede w, si w viktim Pou kat, se ou ki koz.

Pa w di ou pat konnen, nap fini 15

12/03/2025

*Mesaj enpòtant*

Kòdinasyon Depatmantal Lwès *CNSCA*, *OIMI*, *FJPH* , *CEDEC* , *VJUPDH* , ap enfòme tout moun kite fè kat Delmas 83, soti mèkredi kap 12 mas la, Pou rive samedi 15 mas ONI ap komanse distribye kat yo, donk yon n di lòt. Distribisyon an ap komanse a 9h AM.

Pabliye: Si gen yon moun ki pa ko gen kat, ki gen kat Kase, ki gen kat kraze, mache bonè

Pou Nouvo kat mache avek kopi Ak denesans ou byen ekstrè achiv, Pou moun ki kat Kase, Pou Kat pedi l Kat pedi mache avek deklarasyon lapolis.

Pa di w pat konnen.

12/03/2025

*Mesaj enpòtant*

Komite an, Kòdinasyon Depatmantal Lwès , , , , ap enfòme tout moun kite fè kat Delmas 83, mèkredi kap 12 mas la, ONI ap komanse distribye kat yo, donk yon n di lòt. Distribisyon an ap komanse a 9h AM.

NB: Si gen yon moun ki pa ko gen kat, ki gen kat Kase, kraze, epi kap pedi pa neglije, vini bonè ONI ap jere sa Pou nou.

Nouvo kat mache avek kopi Ak denesans ou byen ekstrè, Pou kat Kase, Kat pedi mache avek deklarasyon lapolis.

Pa di w pat konnen.

12/03/2025

*L'Organisation pour l'Identification et la Migration annonce la distribution des cartes d'identification à Delmas 83*


Port-au-Prince, 12 mars 2025
L’Organisation pour l’Identification et la Migration (OIMI), en collaboration avec la Coordination Départementale de l’Ouest du CNSCA et plusieurs autres entités, annonce le lancement de la distribution des cartes d’identification nationales à Delmas 83. Cette opération, menée par l'Office National d’Identification (ONI), débutera le mercredi 12 mars 2025 à partir de 9 heures du matin.

*Qui est concerné par cette distribution ?*
Toutes les personnes ayant déjà effectué leur demande de carte auprès de l’ONI à Delmas 83 sont invitées à venir récupérer leur document d’identification. L'initiative vise à faciliter l’accès aux cartes pour les citoyens, garantissant ainsi leur reconnaissance légale et administrative.

*Que faire en cas de carte perdue ou endommagée ?*

L'OIMI précise que les individus qui ne possèdent pas encore de carte, ainsi que ceux dont le document est cassé, détérioré ou perdu, peuvent également se rendre à l’ONI pour une gestion appropriée de leur situation.

*Les documents requis pour l'obtention d’une nouvelle carte sont :*

Une copie ou un extrait d’acte de naissance pour les nouvelles demandes.
Une déclaration de perte auprès de la police pour les cartes perdues.

Un appel à la vigilance
L’OIMI encourage tous les citoyens concernés à se présenter dans les délais impartis afin d'éviter toute complication administrative. « Pa di w pat konnen » (Ne dites pas que vous n’étiez pas informé), rappelle l’organisation dans son message, insistant sur l'importance de cette distribution.

*Une démarche pour la reconnaissance et l'intégration*

L’Organisation pour l’Identification et la Migration continue de travailler pour renforcer le processus d’identification en Haïti, affirmant ainsi son engagement en faveur de la paix et du respect des droits civiques.

Pour plus d’informations, les citoyens peuvent contacter l’ONI ou se rapprocher des bureaux de l’OIMI.

Me. Wilgens Milius
Président

Adresse

15, Rue Duscoste, Entre Avenue Christophe Et Rue Capois
Port-au-Prince
6110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Organisation pour l'Identification et la Migration OIMI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager